Kouplè 1
Kote m teye Mwen pat ka sipòte Wayòm peche nan mwen k tap gouvène Mwen tand on vwa byen lwen ki tap rele Pou m te reponn Fòs Mwen pat ekziste Lwen lwen Bondye Lwen lwen Limyè (2x 2 liy)
Kè
Ou soti lwen avèm Jezi Gen de bagay ou fè pou mwen Mwen m pa konnen yo Mèsi mèsi Jezi Ou soti lwen avèm Jezi Gen konba ou mennen pou mwen Mwen pa konnen yo Mèsi mèsi Jezi (4 fwa)
Kouplè 2
Li kite twon li Ak lame zanj yo Li site non Mwen Chèn yo kase Wayòm li vini Ak tout pouvwa li Li rachte nanm Mwen Mwen libere (bis)
Kè
Ou soti lwen avèm Jezi Gen de bagay ou fè pou mwen Mwen m pa konnen yo Mèsi mèsi Jezi Ou soti lwen avèm Papa Gen konba ou mennen pou mwen Mwen pa konnen yo Mèsi mèsi Jezi (4 fwa) Mèsi mèsi Papa Mèsi mèsi Yahweh Mèsi mèsi Jezi Ahhh ooooo Ahhh ooooo Clerveau Lovenson
