Chant 25

Nanm Mwen An Pè

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kouplè 1

M pap fè bak m deja anbake, Christ se Kapitèn mwen, Gwo van pap fè mwen pè, M pap kite problèm yo trouble mwen kwè nan promès Bondye fè, Mwen se yon moun beni. Ak tout fòs mwen m'ap avanse paske promès li yo reyèl, Konfye'm nan li viktwa mwen asire. Mwen gen espwa jou a pa lwen, konba'm yo va fini, Pap vire je'm gade dèyè, Viktwa'm se devan li ye De je mwen fikse sou Jezi Bri loray yo pap ebranle m, Tèt mwen byen poze La vi mwen asire Nanm mwen anpè. Lynda Joseph

Retour aux chants