Kouplè 1
Sou lakwa ou pa t regrèt Bay lavi ou pou mwen Se tou nòmal pou m remèt Lavi mwen nan men w Mwen vle yon enstriman nan men w Akòde m jan ou vle Kontrole m dirije m, Lavi m se pou ou
Kè
Pran volonte m Senyè, Pwograme m jan ou vle Kondwi mwen, Mennen mwen, Kote ou vle Se ou k pou deside, Fè m mache jan ou vle Itilize m, kontwole m, Se tout mwen menm ki pou ou
Kouplè 2
Menm jan potye a fè sa l vle Ak ajil la ki nan men l, Se konsa tou chè Senyè Ban mwen fòm ou vle Si w wè ta nan wout pèdi ray, Rale m vin jwenn ou Pa gen diskisyon nan sa Se zafè w mwen ye
Kouplè 3
Se pa si m vle men se yon dwa Ou genyen sou mwen, Si se pat ou mwen t ap pèdi Mwen pa t ap anyen Menm jan ak yon moso lakrè Nan men yon profesè Mwen nan men ou chè Senyè Fè sa ou vle avè m Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert
