Chant 1

Jezi, Jezi

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kouplè 1

Mwen vle pale Mwen vle chante Mwen vle leve vwa mwen Pou yo tande Se li ki wa Nan tout syèl la Se nan li menm Sèlman nou ka sove.

Kè

Jezi, Jezi, Jezi Mwen lage m nan bra ou; Jezi, Jezi, Jezi Mwen koube m devan ou. Jezi, Jezi, Jezi Fè m santi prezans ou; Jezi, Jezi, Jezi Se ou m ap louwe.

Kouplè 2

Pwoblèm te mèt Monte byen wo Yo mèt anvi neye m Kou yon gwo dlo Mwen pa p kouri Mwen pa p kache Se nan ou sèlman Mwen bezwen rete. Chant du groupe Alabanza ℗ 2000 Carly Joseph & Alabanza Groupe Alabanza

Retour aux chants