Chant 30

Mwen menm se yon moun tèlman mizerab

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen menm se yon moun tèlman mizerab Kijan m kapab prezante devan Bondye? Parèt devan twòn li, kijan pou m fè? Malgre sa, men l yo lonje, l ap rele m.

Kouplè 2

Lè mwen vle mache nan chemen syèl la Se lè sa a peche vini pou twouble m; Poutan, mwen tande yon mo ki si bèl, Repanti, kwè, e ou va delivre

Kouplè 3

Vwa m tande a, se vwa Jezikri menm, Se men li yo ki lonje pou sove m; Se nan li menm sèl mwen ka jwenn padon, E se li menm tou ki ka pirifye m.

Kouplè 4

Mwen pa gen anyen, e m tèlman dwe ou Poutèt sa mwen gen kichòy pou ba ou; Menm jan ak Mari, m a montre w kijan M renmen ou paske ou padone m tou.

Retour aux chants