Kouplè 1
N ap chante yon kantik Nwèl Bèl fèt ki fè nou tout kontan! Jou Nwèl nan tan lontan, Jezikris te vini sou latè. Li te desann pami lèzòm, Kon yon timoun. E l ap voye bòn volonte Ak lapè pou tout moun!
Kè
Sonnen byen bèl Tout klòch Nwèl Lè Kris vini Pou ret ak nou. Emanyèl, non ki si bèl.
Kouplè 2
Bèje yo koute, tout sezi, Lè zanj lan bay bon nouvèl la. Tout foul zanj yo t ap chante: Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la Ki gran lanmou li gen pou nou, Ki fè l desann. Premye Nwèl, jou sa a si bèl Bèl pou tout moun
Kouplè 3
N ap tande bèl kantik ankò, E n ap vini prese, prese. Nou vle ofri l yon kado, Se pa lò men kè nou n ap pote. Li te vini, Li te soufri Jis nan lanmò, Pou mennen nou, ak tout moun tou, Nan bèl syèl la.
