Kouplè 1
Chè Senyè, kenbe men m, ede mwen rete fèm Mwen bouke, m fatige, tèlman. Nan loraj, nan fènwa, klere wout la devan m ; Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive
Kouplè 2
Lè chemen m difisil, e m bezwen ou anpil Senyè, rete la tou pre mwen. Lè mwen prèt pou ale, ede m pou m pa bite, Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.
Kouplè 3
Lè solèy la kouche, e nwit la ap pwoche, E tout lavi mwen va fini, Ede m pa gen regrè, nan ou sèl mwen konfye m, Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.
