Chant 110

Timoun yo nan Jerizalèm

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Timoun yo nan Jerizalèm Te chante glwa non Jezi. E timoun yo jodi a Kapab chante non li tou.

Kè

Koute byen timoun yo ap chante (2 fwa) Ozana, ozana, ozana pou Jezi sèl Wa.

Kouplè 2

N ap aprann renmen Jezi, N ap aprann li Pawòl li, Nou k ap swiv le bon chemen an Glwa pou Jezi Senyè a

Kouplè 3

Granmoun avèk timoun yo, Se pou nou chante ansanm. Chante avèk zanj yo tou, Ozana, glwa a Jezi.

Retour aux chants