Sofoni 2
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile byen, 2 anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Seyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Seyè a rive sou nou. 3 Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li. 4 p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo. 5 Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a. 6 Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje. 7 Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, y'av al dòmi nan kay lavil Askalon yo. Seyè a, Bondye yo a, va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò. 8 Seyè a di ankò! -Mwen te tande jan moun peyi Moab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. 9 Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo. 10 Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. 11 Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo. 12 Nou menm tou, moun peyi Letiopi yo, Seyè a ap touye nou nan lagè! 13 Seyè a va leve men l' bò nan nò, l'ap detwi peyi Lasiri. L'ap fè lavil Niniv tounen yon savann, yon tè sèk tankou dezè. 14 Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay yo. Koukou ak zagoudi pral fè nich yo nan mitan moso demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaou va rele nan papòt kay yo. Y'ap rache tout bwa sèd nan chapant kay yo. 15 Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sofoni 2:1-2
Introduction
The prophet, having declared the judgments which were ready to fall on his people, earnestly exhorts them to repentance, that these judgments may be averted, Zep 2:1-3. He then foretells the fate of other neighboring and hostile nations: the Philistines, Zep 2:4-7; Moabites and Ammonites, Zep 2:8-11; Ethiopians, Zep 2:12; and Assyrians, Zep 2:13. In the close of the chapter we have a prophecy against Nineveh. These predictions were accomplished chiefly by the conquests of Nebuchadnezzar.
Verse 1
Gather yourselves - Others, sift yourselves. Separate the chaff from the wheat, before the judgments of God fall upon you. O nation not desired - unlovely, not delighted in; hated because of your sin. The Israelites are addressed.
Sofoni 2:3
Verse 3
Ye meek of the earth - ענוי anavey, ye oppressed and humbled of the land.
It may be ye shall be hid - The sword has not a commission against you. Ask God, and he will be a refuge to you from the storm and from the tempest.
Sofoni 2:4
Verse 4
Gaza shall be forsaken - This prophecy is against the Philistines. They had been greatly harassed by the kings of Egypt; but were completely ruined by Nebuchadnezzar, who took all Phoenicia from the Egyptians; and about the time of his taking Tyre, devastated all the seignories of the Philistines. This ruin we have seen foretold by the other prophets, and have already remarked its exact fulfillment.
Sofoni 2:5
Verse 5
The sea-coasts, the nation of the Cherethites - The sea-coasts mean all the country lying on the Mediterranean coast from Egypt to Joppa and Gaza. The Cherethites - the Cretans who were probably a colony of the Phoenicians. See on 1Sam 30:14 (note), and Amo 9:7 (note).
Sofoni 2:6
Verse 6
And the sea-coasts shall be dwellings - Newcome considers כרת keroth as a proper name, not cottages or folds. The Septuagint have Κρητη, Crete, and so has the Syriac. Abp. Secker notes, Alibi non extat כרת, et forte notat patriam των כרתים. "The word כרת is not found elsewhere, and probably it is the name of the country of the Cherethim."
Sofoni 2:7
Verse 7
The coast shall be for the remnant - Several devastations fell on the Philistines. Gaza was ruined by the army of Alexander the Great, and the Maccabees finally accomplished all that was predicted by the prophets against this invariably wicked people. They lost their polity, and were at last obliged to receive circumcision.
Sofoni 2:8
Verse 8
I have heard the reproach of Moab - God punished them for the cruel part they had taken in the persecutions of the Jews; for when they lay under the displeasure of God, these nations insulted them in the most provoking manner. See on Amo 1:13 (note), and Gen 19:25 (note); Deu 29:23 (note); Isa 13:19 (note); Isa 34:13 (note); Jer 49:18 (note); Jer 50:40 (note).
Sofoni 2:9
Verse 9
The breeding of nettles - That is, their land shall become desolate, and be a place for nettles, thorns, etc., to flourish in, for want of cultivation.
Sofoni 2:10
Verse 10
Because they have reproached - See on Zep 2:8 (note).
Sofoni 2:11
Verse 11
He will famish all the gods of the earth - They shall have no more sacrifices; their worship shall be entirely destroyed. Idolaters supposed that their gods actually fed on the fumes and spirituous exhalations that arose from the burnt-offerings which they made unto their idols. It is in reference to this opinion that the Lord says, "He will famish all the gods of the land."
Sofoni 2:12
Sofoni 2:13
Verse 13
He will - destroy Assyria - He will overthrow the empire, and Nineveh, their metropolitan city. See on Jonah and Nahum.
Sofoni 2:14
Verse 14
And flocks shall lie down in the midst of her - Nineveh was so completely destroyed, that its situation is not at present even known. The present city of Mossoul is supposed to be in the vicinity of the place where this ancient city stood.
The cormorant קאת kaath; and the bittern, קפד kippod. These Newcome translates, "The pelican and the porcupine."
Their voice shall sing in the windows - The windows shall be all demolished; wild fowl shall build their nests in them, and shall be seen coming from their sills, and the fine cedar ceilings shall be exposed to the weather, and by and by crumble to dust. See the note on Isa 34:11-14 (note), where nearly the same terms are used.
I have in another place introduced a remarkable couplet quoted by Sir W. Jones from a Persian poet, which speaks of desolation in nearly the same terms. "The spider holds the veil in the palace of Caesar:
The owl stands sentinel in the watchtower of Afrasiab."
Sofoni 2:15
Verse 15
This is the rejoicing city - The city in which mirth, jocularity, and pleasure, reigned without interruption.
And wag his hand - Will point her out as a mark and monument of Divine displeasure.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
