Sòm 145
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. 2 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 3 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! 4 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. 5 M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. 6 Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. 7 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri. 8 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! 9 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. 10 Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! 11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, 12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. 13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. 14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. 15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. 16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. 17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. 18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. 19 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. 20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. 21 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 145:1-2
PSALM 145
Psa 145:1-21. A Psalm of praise to God for His mighty, righteous, and gracious government of all men, and of His humble and suffering people in particular.
1-2. (Compare Psa 30:1).
bless thy name--celebrate Thy perfections (Psa 5:11). God is addressed as king, alluding to His government of men.
Sòm 145:3
Sòm 145:4
4. shall declare--literally, "they shall declare," that is, all generations.
Sòm 145:5
5. I will speak--or, "muse" (Psa 77:12; 119:15).
thy wondrous works--or, "words of thy wonders," that is, which described them (Psa 105:27, Margin).
Sòm 145:6
6. terrible acts--which produce dread or fear.
Sòm 145:7
Sòm 145:8-9
Sòm 145:10
10. bless--as in Psa 145:1, to praise with reverence, more than merely to praise.
Sòm 145:11-12
11-12. The declaration of God's glory is for the extension of His knowledge and perfections in the world.
Sòm 145:13
Sòm 145:14
Sòm 145:15-16
15-16. eyes of ... thee--or, look with expecting faith (Psa 104:27, 28).
Sòm 145:17
Sòm 145:18-19
Sòm 145:20
20. Those who fear Him (Psa 145:19) are those who are here said to love Him.
Sòm 145:21
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
