Sòm 140
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (0140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (0140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non, 2 (0140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 3 (0140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. 4 (0140:5) Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe. 5 (0140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen. 6 (0140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou. 7 (0140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare. 8 (0140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive! 9 (0140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo! 10 (0140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti. 11 (0140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo. 12 (0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. 13 (0140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 140:1
PSALM 140
Psa 140:1-13. The style of this Psalm resembles those of David in the former part of the book, presenting the usual complaint, prayer, and confident hope of relief.
1. evil man--Which of David's enemies is meant is not important.
Sòm 140:2-5
Sòm 140:6
6. (Compare Psa 5:1-12; 16:2).
Sòm 140:7
7. day of battle--literally, "of armor," that is, when using it.
Sòm 140:8
Sòm 140:9
Sòm 140:10
Sòm 140:11
11. an evil speaker--or, "slanderer" will not be tolerated (Psa 101:7). The last clause may be translated: "an evil (man) He (God) shall hunt," &c.
Sòm 140:12
12. (Compare Psa 9:4).
Sòm 140:13
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
