Sòm 109
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen. 2 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen. 3 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen. 4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou. 5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'. 6 Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li. 7 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche. 8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li. 9 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv. 10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. 11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. 12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite. 13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li. 14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo. 15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè, 16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. 17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon. 18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'. 19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon. 20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo. 21 Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'. 22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann. 23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale. 24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil! 25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib. 26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè. 27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'. 28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan. 29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo. 30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini, 31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 109:1
PSALM 109
Psa 109:1-31. The writer complains of his virulent enemies, on whom he imprecates God's righteous punishment, and to a prayer for a divine interposition in his behalf appends the expression of his confidence and a promise of his praises. This Psalm is remarkable for the number and severity of its imprecations. Its evident typical character (compare Psa 109:8) justifies the explanation of these already given, that as the language of David respecting his own enemies, or those of Christ, it has respect not to the penitent, but to the impenitent and implacable foes of good men, and of God and His cause, whose inevitable fate is thus indicated by inspired authority.
1. God of my praise--its object, thus recognizing God as a certain helper. Be not silent (compare Psa 17:13; 28:1).
Sòm 109:2
2. For the mouth ... opened--or, "They have opened a wicked mouth"
against me--literally, "with me," that is, Their intercourse is lying, or, they slander me to my face (Mt 26:59).
Sòm 109:3
Sòm 109:4-5
Sòm 109:6
Sòm 109:7
7. The condemnation is aggravated when prayer for relief is treated as a sin.
Sòm 109:8
Sòm 109:9-10
9-10. Let his family share the punishment, his children be as wandering beggars to prowl in their desolate homes, a greedy and relentless creditor grasp his substance, his labor, or the fruit of it, enure to strangers and not his heirs, and his unprotected, fatherless children fall in want, so that his posterity shall utterly fail.
Sòm 109:13
13. posterity--literally, "end," as in Psa 37:38, or, what comes after; that is, reward, or success, or its expectation, of which posterity was to a Jew a prominent part.
Sòm 109:14-15
14-15. Let the iniquity of his fathers be remembered, &c.--Added to the terrible overthrow following his own sin, let there be the imputation of his parents' guilt, that it may now come before God, for His meting out its full consequences, in cutting off the memory of them (that is, the parents) from the earth (Psa 34:16).
Sòm 109:16
Sòm 109:17-19
17-19. Let his loved sin, cursing, come upon him in punishment (Psa 35:8), thoroughly fill him as water and oil, permeating to every part of his system (compare Nu 5:22-27), and become a garment and a girdle for a perpetual dress.
Sòm 109:20
20. Let this ... reward--or, "wages," pay for labor, the fruit of the enemy's wickedness.
from the Lord--as His judicial act.
Sòm 109:21-22
Sòm 109:23
23. like the shadow--(Compare Psa 102:11).
tossed up and down--or, "driven" (Ex 10:19).
Sòm 109:24-25
Sòm 109:26-27
26-27. Let my deliverance glorify Thee (compare Psa 59:13).
Sòm 109:28-31
28-31. In confidence that God's blessing would come on him, and confusion and shame on his enemies (Psa 73:13), he ceases to regard their curses, and anticipates a season of joyful and public thanksgiving; for God is near to protect (Psa 16:8; 34:6) the poor from all unrighteous judges who may condemn him.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
