Resansman 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt. 2 Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Seyè a pou yo epi dife a sispann. 3 Se konsa yo rele kote yo te ye a Tabera, paske se la dife Seyè a te pran nan mitan yo a. 4 Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a? 5 Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje! 6 Men koulye a, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase laman lan ki devan je nou tout tan! 7 Laman lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm arabik. 8 Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo kwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l'. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv. 9 Se lannwit laman lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze. 10 Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn. 11 Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? 12 Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m' pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a? 13 Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje. 14 Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen. 15 Si se konsa w'ap aji avè m', tanpri, fè m' favè sa a: pito ou tou touye m' fin ak sa, pou m' pa wè m'ap pase tout malè sa a. 16 Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou. 17 M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsablite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò. 18 W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen. 19 Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni vin jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje. 20 Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l' jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l', paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pa t' dwe janm soti kite peyi Lejip. 21 Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil (0600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa. 22 Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo? 23 Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre. 24 Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a. 25 Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann. 26 Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an. 27 Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an. 28 Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non! 29 Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt! 30 Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo. 31 Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a. 32 Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l'. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche. 33 Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo. 34 Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann. 35 Apre sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 11:1

Nu 11:1-35. Manna Loathed.

1. When the people complained it displeased the Lord, &c.--Unaccustomed to the fatigues of travel and wandering into the depths of a desert, less mountainous but far more gloomy and desolate than that of Sinai, without any near prospect of the rich country that had been promised, they fell into a state of vehement discontent, which was vented at these irksome and fruitless journeyings. The displeasure of God was manifested against the ungrateful complainers by fire sent in an extraordinary manner. It is worthy of notice, however, that the discontent seems to have been confined to the extremities of the camp, where, in all likelihood, "the mixed multitude" [see on Ex 12:38] had their station. At the intercession of Moses, the appalling judgment ceased [Nu 11:2], and the name given to the place, "Taberah" (a burning), remained ever after a monument of national sin and punishment. (See on Nu 11:34).

Resansman 11:4

4. the mixed multitude that was among them fell a lusting--These consisted of Egyptians. [See on Ex 12:38.] To dream of banquets and plenty of animal food in the desert becomes a disease of the imagination; and to this excitement of the appetite no people are more liable than the natives of Egypt. But the Israelites participated in the same feelings and expressed dissatisfaction with the manna on which they had hitherto been supported, in comparison with the vegetable luxuries with which they had been regaled in Egypt.

Resansman 11:5

5. We remember the fish, which we did eat in Egypt freely--(See on Ex 7:17). The people of Egypt are accustomed to an almost exclusive diet of fish, either fresh or sun-dried, during the hot season in April and May--the very season when the Israelites were travelling in this desert. Lower Egypt, where were the brick-kilns in which they were employed, afforded great facilities for obtaining fish in the Mediterranean, the lakes, and the canals of the Nile.

cucumbers--The Egyptian species is smooth, of a cylindrical form, and about a foot in length. It is highly esteemed by the natives and when in season is liberally partaken of, being greatly mellowed by the influence of the sun.

melons--The watermelons are meant, which grow on the deep, loamy soil after the subsidence of the Nile; and as they afford a juicy and cooling fruit, all classes make use of them for food, drink, and medicine.

leeks--by some said to be a species of grass cresses, which is much relished as a kind of seasoning.

onions--the same as ours; but instead of being nauseous and affecting the eyes, they are sweet to the taste, good for the stomach, and form to a large extent the aliment of the laboring classes.

garlic--is now nearly if not altogether extinct in Egypt although it seems to have grown anciently in great abundance. The herbs now mentioned form a diet very grateful in warm countries where vegetables and other fruits of the season are much used. We can scarcely wonder that both the Egyptian hangers-on and the general body of the Israelites, incited by their clamors, complained bitterly of the want of the refreshing viands in their toilsome wanderings. But after all their experience of the bounty and care of God, their vehement longing for the luxuries of Egypt was an impeachment of the divine arrangements; and if it was the sin that beset them in the desert, it became them more strenuously to repress a rebellious spirit, as dishonoring to God and unbecoming their relation to Him as a chosen people.

Resansman 11:6-9

6-9. But now ... there is nothing ... beside this manna--Daily familiarity had disgusted them with the sight and taste of the monotonous food; and, ungrateful for the heavenly gift, they longed for a change of fare. It may be noticed that the resemblance of the manna to coriander seed was not in the color, but in the size and figure; and from its comparison to bdellium, which is either a drop of white gum or a white pearl, we are enabled to form a better idea of it. Moreover, it is evident, from the process of baking into cakes, that it could not have been the natural manna of the Arabian desert, for that is too gummy or unctuous to admit of being ground into meal. In taste it is said to have been like "wafers made with honey" (Ex 16:31), and here to have the taste of fresh oil. The discrepancy in these statements is only apparent; for in the latter the manna is described in its raw state; in the former, after it was ground and baked. The minute description given here of its nature and use was designed to show the great sinfulness of the people, in being dissatisfied with such excellent food, furnished so plentifully and gratuitously.

Resansman 11:10-15

10-15. Moses said unto the Lord, Wherefore hast thou afflicted thy servant, &c.--It is impossible not to sympathize with his feelings although the tone and language of his remonstrances to God cannot be justified. He was in a most distressing situation--having a mighty multitude under his care, with no means of satisfying their clamorous demands. Their conduct shows how deeply they had been debased and demoralized by long oppression: while his reveals a state of mind agonized and almost overwhelmed by a sense of the undivided responsibilities of his office.

Resansman 11:16-17

16-17. the Lord said unto Moses, Gather unto me seventy men of the elders--(Ex 3:16; 5:6; 24:9; 18:21, 24; Le 4:15). An order of seventy was to be created, either by a selection from the existing staff of elders or by the appointment of new ones, empowered to assist him by their collective wisdom and experience in the onerous cares of government. The Jewish writers say that this was the origin of the Sanhedrin, or supreme appellate court of their nation. But there is every reason to believe that it was only a temporary expedient, adopted to meet a trying exigency.

Resansman 11:18-20

18-20. say thou unto the people, Sanctify yourselves against to-morrow, and ye shall eat flesh--that is, "prepare yourselves," by repentance and submission, to receive to-morrow the flesh you clamor for. But it is evident that the tenor of the language implied a severe rebuke and that the blessing promised would prove a curse.

Resansman 11:21-23

21-23. Moses said, The people, among whom I am, are six hundred thousand ... Shall the flocks and herds be slain for them, to suffice them?--The great leader, struck with a promise so astonishing as that of suddenly furnishing, in the midst of the desert, more than two millions of people with flesh for a whole month, betrayed an incredulous spirit, surprising in one who had witnessed so many stupendous miracles. But it is probable that it was only a feeling of the moment--at all events, the incredulous doubt was uttered only to himself--and not, as afterwards, publicly and to the scandal of the people. (See on Nu 20:10). It was, therefore, sharply reproved, but not punished.

Resansman 11:24

24. Moses ... gathered the seventy men of the elders of the people, &c.--The tabernacle was chosen for the convocation, because, as it was there God manifested Himself, there His Spirit would be directly imparted--there the minds of the elders themselves would be inspired with reverential awe and their office invested with greater respect in the eyes of the people.

Resansman 11:25

25. when the spirit rested upon them, they prophesied, and did not cease--As those elders were constituted civil governors, their "prophesying" must be understood as meaning the performance of their civil and sacred duties by the help of those extraordinary endowments they had received; and by their not "ceasing" we understand, either that they continued to exercise their gifts uninterruptedly the first day (see 1Sa 19:24), or that these were permanent gifts, which qualified them in an eminent degree for discharging the duty of public magistrates.

Resansman 11:26-29

26-29. But there remained two of the men in the camp--They did not repair with the rest to the tabernacle, either from modesty in shrinking from the assumption of a public office, or being prevented by some ceremonial defilement. They, however, received the gifts of the Spirit as well as their brethren. And when Moses was urged to forbid their prophesying, his answer displayed a noble disinterestedness as well as zeal for the glory of God akin to that of our Lord (Mr 9:39).

Resansman 11:31-35

31-35. There went forth a wind from the Lord, and brought quails from the sea, &c.--These migratory birds (see on Ex 16:13) were on their journey from Egypt, when "the wind from the Lord," an east wind (Psa 78:26) forcing them to change their course, wafted them over the Red Sea to the camp of Israel.

let them fall a day's journey--If the journey of an individual is meant, this space might be thirty miles; if the inspired historian referred to the whole host, ten miles would be as far as they could march in one day in the sandy desert under a vertical sun. Assuming it to be twenty miles this immense cloud of quails (Psa 78:27) covered a space of forty miles in diameter. Others reduce it to sixteen. But it is doubtful whether the measurement be from the center or the extremities of the camp. It is evident, however, that the language describes the countless number of these quails.

as it were two cubits high--Some have supposed that they fell on the ground above each other to that height--a supposition which would leave a vast quantity useless as food to the Israelites, who were forbidden to eat any animal that died of itself or from which the blood was not poured out. Others think that, being exhausted with a long flight, they could not fly more than three feet above the earth, and so were easily felled or caught. A more recent explanation applies the phrase, "two cubits high," not to the accumulation of the mass, but to the size of the individual birds. Flocks of large red-legged cranes, three feet high, measuring seven feet from tip to tip, have been frequently seen on the western shores of the Gulf of Akaba, or eastern arm of the Red Sea [Stanley; Shubert].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.