Neemi 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move. 2 Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la. 3 Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t'ap di: -Anhan! Y'ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l' atè! 4 Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l': -O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi. 5 Pa padonnen sa yo fè ki mal. Pa janm bliye peche yo fè a, paske yo t'ap pale moun ki t'ap rebati lavil ou a mal. 6 Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la. 7 Lè Sanbala ak Tobija ansanm ak moun Arabi yo, moun Amon yo ak moun Achdòd yo tande travay reparasyon miray ranpa lavil Jerizalèm yo t'ap mache, epi twou ki te nan miray yo te konmanse bouche, yo fè gwo kòlè, yo fache. 8 Yo mete tèt yo ansanm pou yo vin atake lavil Jerizalèm, pou yo bay pwoblèm. 9 Men, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou. 10 Men, moun peyi Jida yo t'ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n' netwaye! Nou p'ap janm fin rebati miray sa a! 11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t'ap di: -San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n'ap gen tan nan mitan yo. N'ap masakre yo, n'ap fè travay la sispann. 12 Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t'ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa. 13 Lè konsa, mwen ranje pèp la dèyè ranpa a, chak fanmi apa, avèk nepe yo, frenn yo ak banza yo. Mwen mete yo kote miray la pa t' ankò fini an. 14 Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo. 15 Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo. 16 Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a 17 ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo. 18 Moun ki t'ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m'. 19 Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a. 20 Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou. 21 Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t'ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t'ap veye avèk zam yo nan men yo. 22 Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay. 23 Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m' yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Neemi 4:1
Introduction
Sanballat and Tobiah mock the Jews, and endeavor to prevent the completing of the wall, Neh 4:1-3. Nehemiah prays against them, and the people complete one half of the wall, Neh 4:4-6. The Arabians, Ammonites, and Ashdodites, conspire together, and come to fight against the Jews, Neh 4:7, Neh 4:8. The Jews commend themselves to God, and determine to fight for their lives and liberties; on hearing of which their enemies are disheartened, Neh 4:9-16. The Jews divide themselves into two bands; one half working, and the other standing ready armed to meet their enemies. Even the workmen are obliged to arm themselves, while employed in building, for fear of their enemies, Neh 4:17, Neh 4:18. Nehemiah uses all precautions to prevent a surprise; and all labor with great fervor in the work, Neh 4:19-22.
Neemi 4:2-3
Verse 2
The army of Samaria - As he was governor, he had the command of the army, and he wished to excite the soldiers to second his views against Nehemiah and his men.
What do these feeble Jews? - We may remark here, in general, that the enemies of God's work endeavor by all means to discredit and destroy it, and those who are employed in it.
1. They despise the workmen: What do these feeble Jews?
2. They endeavor to turn all into ridicule: Will they fortify themselves?
3. They have recourse to lying: If a fox go up, he shall even break down their stone wall.
4. They sometimes use fair but deceitful speeches; see Neh 6:2, etc.
Neemi 4:4
Verse 4
Turn their reproach upon their own head - A prayer of this kind, understood literally, is not lawful for any Christian. Jesus, our great master, has said, "Love your enemies; do good to them that hate you; and pray for them that despitefully use you." Such sayings as the above are excusable in the mouth of a Jew, under severe irritation. See the next verse, Neh 4:5 (note).
Neemi 4:5
Verse 5
Let not their sin be blotted out - These are the most terrible imprecations; but probably we should understand them as declaratory, for the same form of the verb, in the Hebrew, is used as precative and imperative. Turn their reproach - Their reproach shall be turned. Give them for a prey - They shall be given for a prey. Cover not their iniquity - Their iniquity shall not be covered. Let not their sin be blotted out - Their sin shall not be blotted out. All who know the genius of the Hebrew language, know that the future tense is used to express all these senses. Besides, we may rest assured that Nehemiah's curses, or declaration of God's judgments, had respect only to their bodies, and to their life: not to their souls and the world to come. And then they amount to no more than this: What a man soweth that he shall reap.
Neemi 4:6
Verse 6
For the people had a mind to work - The original is very emphatic: ויהי לב לעם לעשות vayehi leb leam laasoth, "For the people had a heart to work." Their hearts were engaged in it; and where the heart is engaged, the work of God goes on well. The whole of this 6th verse is omitted by the Septuagint.
Neemi 4:7-8
Verse 7
The walls of Jerusalem were made up - That is, they were made up to the half height of the wall; for the preceding verse seems to intimate that the whole wall was thus far built; not half of the wall completed, but the whole wall built to half its height.
Neemi 4:9
Verse 9
We made our prayer unto our God, and set a watch - The strongest confidence in the protection and favor of God does not preclude the use of all or any of the means of self-preservation and defense which his providence has put in our power. While God works in us to will and to do, we should proceed to willing, through the power he has given us to will; and we should proceed to action, through the power he has given us to act. We cannot will, but through God's power; we cannot act, but through God's strength. The power, and the use of it, are two distinct things. We may have the power to will, and not will; and we may have the power to do, and not act: therefore, says the apostle, seeing God has wrought in you these powers, see that You Work Out Your Own salvation, with fear and trembling.
Neemi 4:10-11
Verse 10
The strength of the bearers of burdens is decayed - They worked both day and night, scarcely ever putting off their clothes, except for the purpose of being washed, Neh 4:21, Neh 4:23.
Much rubbish - The ruins they were obliged to clear away, before they could dig the foundation for a new wall: and in this labor they were nearly exhausted; see Neh 5:15.
Neemi 4:12-13
Verse 12
From all places whence ye shall return unto us - This verse is extremely difficult. Our translators have supplied the words, they will be upon you, which have nothing correspondent in the Hebrew. The Septuagint have given a good sense, Αναβαινουσιν εκ παντων των τοπων εφ' ἡμας, They come up from all places against us. The sense appears to be this: the Jews which dwelt among the Samaritans, etc., came often to Nehemiah from all quarters, where they sojourned, and told him the designs of his enemies against him: therefore, he set people with their swords, spears, and bows, to defend the walls. It is probable that instead of תשובו tashubu, "ye shall return," we should read חשבו chashebu, "they designed or meditated." This word is very similar to the other, and makes the sense very clear. "The Jews who dwelt among them told us frequently, from all places, what they designed against us." For this reading Houbigant, Michaelis and Dath contend. But this various reading is not found in any MS., and is not countenanced by any of the versions. See Neh 4:15.
Neemi 4:14
Verse 14
Be not ye afraid of them - Are they more terrible or stronger than God?
Fight for your brethren - Your own countrymen, who worship the same God, and are come from the same stock; your sons, whom they wish to slay or lead into captivity; your daughters and wives, whom they wish to deflower and defile; and your houses, which they wish to seize and occupy as their own. They had every thing at stake; and therefore they must fight pro aris et focis, for their religion, their lives, and their property. A people thus interested, who once take up the sword, can never be conquered.
There is an address made to the Greeks by their leader in Aeschylus, Pers. ver. 402, similar to this, to excite them against the Persians: - - Ω Παιδες Ἑλληνων, ιτε, Ελευθερουτε πατριδ,ελευθερουτε δε Παιδας, γυνιακας, θεων ρε πατρῳων ἑδη, Θηκας τε προγονων· νυν ὑπερ παντων αγων. " - Sons of the Greeks, go on!
Free now your country, and your children free;
Your wives, the temples of your fathers' gods,
And dear abodes of farthest ancestors: -
Now strike the blow for all!"
J. B. B. C.
Neemi 4:15
Verse 15
Their counsel to naught - The word counsel used here countenances the emendation in the 12th verse.
Neemi 4:16
Verse 16
Half - wrought in the work - This is no unusual thing, even in the present day, in Palestine: people sowing their seed are often attended by an armed man, to prevent the Arabs from robbing them of their seed, which they will not fail to do if not protected.
Habergeons - In the Franco-Gallic, hautbergon signifies a coat of mail; but as in Teutonic hais signifies the neck, and bergen, to cover or defend; it may be considered rather as signifying a breastplate, or armor for the breast.
Neemi 4:17-19
Verse 17
With one of his hands wrought in the work, and with the other hand held a weapon - That is, he had his arms at hand, and was as fully prepared to fight as to work. So Ovid, Epist. xi., Canace Macario, ver. 1: -
Si qua tamen caecis errabunt scripta lituris,
Oblitus a dominae caede libellus erit:
Dextra tenet calamum; strictum tenet altera ferrum:
Et jacet in gremio charta soluta meo.
If streaming blood my fatal letter stain,
Imagine, ere you read, the writer slain.
One hand the sword, and one the pen employs,
And in my lap the ready paper lies.
Dryden.
By this mode of speech Canace does not intimate to her brother Macarius, that she actually held the sword in one hand while she held the pen in the other, but that she had it ready to slay herself as soon as she had written the epistle.
Neemi 4:20-21
Verse 20
Ye hear the sound of the trumpet - As the walls were very extensive, and the workmen consequently much scattered, their enemies might easily attack and destroy them successively, he therefore ordered them all to work as near to each other as they could; and himself, who was everywhere surveying the work, kept a trumpeter always with him, who was to sound when the enemy approached; and all were instantly to run to the place where they heard the sound.
Neemi 4:22
Verse 22
Let every one with his servant lodge within Jerusalem - The country people were accustomed, after their day's labor, to return to their families; now being so formidably threatened, he obliged them all to sleep in Jerusalem, that they might be ready, in case of attack, to help their brethren. All this man's arrangements were wise and judicious.
Neemi 4:23
Verse 23
None of us put off our clothes, saving that every one put them off for washing - The Hebrew for all this is only אין אנחנו פשטים בגדינו איש שלחו המים ein anachnu poshetim begadeynu ish shilcho hammayim; which Montanus translates, Non nos exuentes vestes nostras, vir missile suum aquas; "We, not putting off our garments, a man his dart to the waters." Of this latter clause what sense can be made? Let us hear what the ancient versions say.
The Vulgate, Unusquisque tantum nudabatur ad baptismum, "Every one stripped himself for the bath."
The Septuagint omit the latter part of this clause, And there was none of us who put off his garments.
The Syriac, "None of us put off his clothes for a month each in his turn.
The Arabic, "Nor did we put off our clothes, but with our arms, at the end of a month."
There is a remarkable reading in one of De Rossi's MSS. אין אנחנו פשטים בגדינו משלחהעל המים, We did not lay aside our garments, but in order to send them to the washing. This is most likely the sense of the place.
It is curious to see how our old versions translate the place.
Coverdale: We put never of our clothes, so much as to wash ourselves. - 1535.
Becke: We put never of our clothes, so muche as to washe ourselves. - 1549.
Cardmarden: We put never of oure clothes no more than the other dyd theyr harnesse, save onely bycause of the water. - 1566.
This shows how all interpreters have been puzzled with this vexatious clause.
The reading from De Rossi's MS., given above, is the most likely to be the true one, because it gives a good sense, which cannot be found in the Hebrew text as it now stands. The general meaning is sufficiently evident; they worked nearly day and night, only had their hours by turns for repose; this did not permit them time sufficient to undress themselves in order to take regular sleep, therefore they only put off their clothes when they were obliged to get them washed.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
