Matye 14

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. 2 Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. 3 Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. 4 Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou. 5 Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. 6 Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. 7 Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. 8 Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato. 9 Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a. 10 Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. 11 Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li. 12 Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase. 13 Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li. 14 Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo. 15 Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. 16 Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. 17 Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. 18 Jezi di yo: Pote yo ban mwen. 19 Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 20 Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. 21 Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. 22 Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale. 23 Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. 24 Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. 25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo. 26 Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè. 27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. 28 Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a. 29 Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi. 30 Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non! 31 Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? 32 Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. 33 Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre. 34 Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. 35 Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. 36 Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Matye 14:1

Mt 14:1-12. Herod Thinks Jesus a Resurrection of the Murdered Baptist--Account of His Imprisonment and Death. ( = Mr 6:14-29; Lu 9:7-9).

The time of this alarm of Herod Antipas appears to have been during the mission of the Twelve, and shortly after the Baptist--who had been in prison for probably more than a year--had been cruelly put to death.

Herod's Theory of the Works of Christ (Mt 14:1, 2).

1. At that time Herod the tetrarch--Herod Antipas, one of the three sons of Herod the Great, and own brother of Archelaus (Mt 2:22), who ruled as ethnarch over Galilee and Perea.

heard of the fame of Jesus--"for His name was spread abroad" (Mr 6:14).

Matye 14:2

2. And said unto his servants--his counsellors or court-ministers.

This is John the Baptist: he is risen from the dead, &c.--The murdered prophet haunted his guilty breast like a specter and seemed to him alive again and clothed with unearthly powers in the person of Jesus.

Account of the Baptist's Imprisonment and Death (Mt 14:3-12). For the exposition of this portion, see on Mr 6:17-29.

Mt 14:12-21. Hearing of the Baptist's Death, Jesus Crosses the Lake with Twelve, and Miraculously Feeds Five Thousand. ( = Mr 6:30-44; Lu 9:10-17; Joh 6:1-14).

For the exposition of this section--one of the very few where all the four Evangelists run parallel--see on Mr 6:30-44.

Mt 14:22-26. Jesus Crosses to the Western Side of the Lake Walking on the Sea--Incidents on Landing. ( = Mr 6:45; Joh 6:15-24).

For the exposition, see on Joh 6:15-24.

Matye 14:28

28. And Peter answered him and said, Lord, if it is thou, bid me come to thee on the water--(Also see on Mr 6:50.)

Matye 14:29

29. And he said, Come. And when Peter had come down out of the boat. he walked on the water, to go to Jesus--(Also see on Mr 6:50.)

Matye 14:30

30. But when he saw the wind boisterous, he was afraid; and beginning to sink, he cried, saying, Lord, save me--(Also see on Mr 6:50.)

Matye 14:31

31. And immediately Jesus stretched forth his hand, and caught him, and said to him, O thou of little faith, why didst thou doubt?--(Also see on Mr 6:50.)

Matye 14:32

32. And when they had come into the boat, the wind ceased--(Also see on Mr 6:50.)

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.