Levitik 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. 2 Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a. 3 Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal. 4 Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Seyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Seyè a pral parèt devan yo jòdi a. 5 Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a. 6 Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li. 7 Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l' fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la. 8 Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal. 9 Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la. 10 Lè l' fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 11 Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a. 12 Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l' sou lotèl la ak tout arebò lotèl la. 13 Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la. 14 Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t'ap boule pou Seyè a. 15 Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la. 16 Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo. 17 Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an. 18 Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la. 19 Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo. 20 Li mete yo yonn sou lòt sou de moso pwatrin yo, epi li pote tout grès yo, li mete yo boule nèt sou lotèl la. 21 Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a. 22 Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l' anwo pèp la, li beni yo epi li desann. 23 Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la. 24 Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 9:1-7
Le 9:1-24. The Priests' Entry into Office.
1-7. Moses called ... Take thee a young calf for a sin offering--The directions in these sacred things were still given by Moses, the circumstances being extraordinary. But he was only the medium of communicating the divine will to the newly made priests. The first of their official acts was the sacrifice of another sin offering to atone for the defects of the inauguration services; and yet that sacrifice did not consist of a bullock--the sacrifice appointed for some particular transgression, but of a calf, perhaps not without a significant reference to Aaron's sin in the golden calf [Ex 32:22-24]. Then followed a burnt offering, expressive of their voluntary and entire self-devotement to the divine service. The newly consecrated priests having done this on their own account, they were called to offer a sin offering and burnt offering for the people, ending the ceremonial by a peace offering, which was a sacred feast. This injunction, "to make atonement for himself and for the people" (Septuagint, "for thy family"), at the commencement of his sacred functions, furnishes a striking evidence of the divine origin of the Jewish system of worship. In all false or corrupt forms of religion, the studied policy has been to inspire the people with an idea of the sanctity of the priesthood as in point of purity and favor with the Divinity far above the level of other men. But among the Hebrews the priests were required to offer for the expiation of their own sins as well as the humblest of the people. This imperfection of Aaron's priesthood, however, does not extend to the gospel dispensation: for our great High Priest, who has entered for us into "the true tabernacle," "knew no sin" (He 10:10, 11).
Levitik 9:8
8. Aaron ... went unto the altar, and slew the calf of the sin offering--Whether it had been enjoined the first time, or was unavoidable from the divisions of the priestly labor not being as yet completely arranged, Aaron, assisted by his sons, appears to have slain the victims with his own hands, as well as gone through all the prescribed ritual at the altar.
Levitik 9:17-21
17-21. meat offering ... wave offering--It is observable that there is no notice taken of these in the offerings the priests made for themselves. They could not bear their own sins: and therefore, instead of eating any part of their own sin offering, as they were at liberty to do in the case of the people's offering, they had to carry the whole carcasses "without the camp and burn them with fire" [Ex 29:14; Le 4:12].
Levitik 9:22
22. Aaron lifted up his hand ... and blessed them--The pronouncing of a benediction on the people assembled in the court was a necessary part of the high priest's duty, and the formula in which it was to be given is described (Nu 6:23-27).
came down from offering--The altar was elevated above the level of the floor, and the ascent was by a gentle slope (Ex 20:26).
Levitik 9:23
23. Moses and Aaron went into the tabernacle--Moses, according to the divine instructions he had received, accompanied Aaron and his sons to initiate them into their sacred duties. Their previous occupations had detained them at the altar, and they now entered in company into the sacred edifice to bear the blood of the offerings within the sanctuary.
the glory of the Lord appeared unto all the people--perhaps in a resplendent effulgence above the tabernacle as a fresh token of the divine acceptance of that newly established seat of His worship.
Levitik 9:24
24. there came a fire out from ... the Lord--A flame emanating from that resplendent light that filled the holy place flashed upon the brazen altar and kindled the sacrifices. This miraculous fire--for the descent of which the people had probably been prepared, and which the priests were enjoined never to let go out (Le 6:13)--was a sign, not only of the acceptance of the offerings and of the establishment of Aaron's authority, but of God's actual residence in that chosen dwelling-place. The moment the solemn though welcome spectacle was seen, a simultaneous shout of joy and gratitude burst from the assembled congregation, and in the attitude of profoundest reverence they worshipped "a present Deity."
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
