Levitik 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2 -Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo. 3 Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou. 4 Men, gen bèt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bèt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje. 5 Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. 6 Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje. 7 Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje. 8 Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. 9 Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo. 10 Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo. 11 Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo. 12 Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo. 13 Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. 14 Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav, 15 tout kalite kònèy, 16 otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan, 17 koukou, plonjon, frize, 18 gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt, 19 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye. 20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje. 21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote, 22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt. 23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje. 24 Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 25 Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 26 Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye. 27 Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 28 Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. 29 Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza, 30 zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman. 31 Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 32 Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje. 33 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe nan yon veso fèt an tè, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sèvi ankò, epitou se pou nou kraze veso sa a. 34 Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpòt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankò pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwè, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankò pou nou bwè. 35 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou nenpòt bagay, bagay sa a pa bon pou sèvi ankò. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyèt moso. Yo pa bon, nou pa fèt pou sèvi ak yo ankò menm. 36 Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitèn pou ranmase dlo, sous la osinon sitèn lan ap toujou bon pou sèvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 37 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante. 38 Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankò pou plante. 39 Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 40 Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 41 Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo. 42 Depi se ti bèt k'ap trennen sou vant ou ankò ti bèt kat pye, ou ankò ti bèt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sèvi Bondye: nou pa fèt pou nou manje yo. 43 Pa manje ankenn nan ti bèt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fè sèvis pou mwen. 44 Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'. 45 Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa. 46 Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant. 47 Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik 11:1-2

Le 11:1-47. Beasts That May and May Not Be Eaten.

1-2. the Lord spake unto Moses and to Aaron--These laws, being addressed to both the civil and ecclesiastical rulers in Israel, may serve to indicate the twofold view that is to be taken of them. Undoubtedly the first and strongest reason for instituting a distinction among meats was to discourage the Israelites from spreading into other countries, and from general intercourse with the world--to prevent them acquiring familiarity with the inhabitants of the countries bordering on Canaan, so as to fall into their idolatries or be contaminated with their vices: in short, to keep them a distinct and peculiar people. To this purpose, no difference of creed, no system of polity, no diversity of language or manner, was so subservient as a distinction of meats founded on religion; and hence the Jews, who were taught by education to abhor many articles of food freely partaken of by other people, never, even during periods of great degeneracy, could amalgamate with the nations among which they were dispersed. But although this was the principal foundation of these laws, dietetic reasons also had weight; for there is no doubt that the flesh of many of the animals here ranked as unclean, is everywhere, but especially in warm climates, less wholesome and adapted for food than those which were allowed to be eaten. These laws, therefore, being subservient to sanitary as well as religious ends, were addressed both to Moses and Aaron.

Levitik 11:3-7

3-7. Whatsoever parteth the hoof, and is cloven-footed, and cheweth the cud--Ruminating animals by the peculiar structure of their stomachs digest their food more fully than others. It is found that in the act of chewing the cud, a large portion of the poisonous properties of noxious plants eaten by them, passes off by the salivary glands. This power of secreting the poisonous effects of vegetables, is said to be particularly remarkable in cows and goats, whose mouths are often sore, and sometimes bleed, in consequence. Their flesh is therefore in a better state for food, as it contains more of the nutritious juices, is more easily digested in the human stomach, and is consequently more easily assimilated. Animals which do not chew the cud, convert their food less perfectly; their flesh is therefore unwholesome, from the gross animal juices with which they abound, and is apt to produce scorbutic and scrofulous disorders. But the animals that may be eaten are those which "part the hoof as well as chew the cud," and this is another means of freeing the flesh of the animal from noxious substances. "In the case of animals with parted hoofs, when feeding in unfavorable situations a prodigious amount of foetid matter is discharged, and passes off between the toes; while animals with undivided hoofs, feeding on the same ground, become severely affected in the legs, from the poisonous plants among the pasture" [Whitlaw, Code of Health]. All experience attests this, and accordingly the use of ruminating animals (that is, those which both chew the cud and part the hoof) has always obtained in most countries though it was observed most carefully by the people who were favored with the promulgation of God's law.

Levitik 11:9

9. These shall ye eat ... whatsoever hath fins and scales--"The fins and scales are the means by which the excrescences of fish are carried off, the same as in animals by perspiration. I have never known an instance of disease produced by eating such fish; but those that have no fins and scales cause, in hot climates, the most malignant disorders when eaten; in many cases they prove a mortal poison" [Whitlaw].

Levitik 11:12

12. Whatsoever hath no fins nor scales, &c.--Under this classification frogs, eels, shellfish of all descriptions, were included as unclean; "many of the latter (shellfish) enjoy a reputation they do not deserve, and have, when plentifully partaken of, produced effects which have led to a suspicion of their containing something of a poisonous nature."

Levitik 11:13-19

13-19. these are they which ye shall have in abomination among the fowls--All birds of prey are particularly ranked in the class unclean; all those which feed on flesh and carrion. No less than twenty species of birds, all probably then known, are mentioned under this category, and the inference follows that all which are not mentioned were allowed; that is, fowls which subsist on vegetable substances. From our imperfect knowledge of the natural history of Palestine, Arabia, and the contiguous countries at that time, it is not easy to determine exactly what some of the prohibited birds were; although they must have been all well known among the people to whom these laws were given.

the ossifrage--Hebrew, "bone-breaker," rendered in the Septuagint "griffon," supposed to be the Gypoetos barbatus, the Lammer Geyer of the Swiss--a bird of the eagle or vulture species, inhabiting the highest mountain ranges in Western Asia as well as Europe. It pursues as its prey the chamois, ibex, or marmot, among rugged cliffs, till it drives them over a precipice--thus obtaining the name of "bone-breaker."

the ospray--the black eagle, among the smallest, but swiftest and strongest of its kind.

Levitik 11:20

20. All fowls that creep, &c.--By "fowls" here are to be understood all creatures with wings and "going upon all fours," not a restriction to animals which have exactly four feet, because many "creeping things" have more than that number. The prohibition is regarded generally as extending to insects, reptiles, and worms.

Levitik 11:21-22

21-22. Yet these may ye eat of every flying creeping thing that goeth upon all four, which have legs above their feet--Nothing short of a scientific description could convey more accurately the nature "of the locust after its kind." They were allowed as lawful food to the Israelites, and they are eaten by the Arabs, who fry them in olive oil. When sprinkled with salt, dried, smoked, and fried, they are said to taste not unlike red herrings.

Levitik 11:26

26. every beast ... not cloven-footed--The prohibited animals under this description include not only the beasts which have a single hoof, as horses and asses, but those also which divided the foot into paws, as lions, tigers, &c.

Levitik 11:29

29. the weasel--rather, the mole.

the mouse--From its diminutive size it is placed among the reptiles instead of the quadrupeds.

the tortoise--a lizard, resembling very nearly in shape, and in the hard pointed scales of the tail, the shaketail.

Levitik 11:30

30. the ferret--the Hebrew word is thought by some to signify the newt or chameleon, by others the frog.

the chameleon--called by the Arabs the warral, a green lizard.

the snail--a lizard which lives in the sand, and is called by the Arabs chulca, of an azure color.

the mole--Another species of lizard is meant, probably the chameleon.

Levitik 11:31-35

31-35. whosoever doth touch them, when ... dead, shall be unclean until the even--These regulations must have often caused annoyance by suddenly requiring the exclusion of people from society, as well as the ordinances of religion. Nevertheless they were extremely useful and salutary, especially as enforcing attention to cleanliness. This is a matter of essential importance in the East, where venomous reptiles often creep into houses and are found lurking in boxes, vessels, or holes in the wall; and the carcass of one of them, or a dead mouse, mole, lizard, or other unclean animal, might be inadvertently touched by the hand, or fall on clothes, skin bottles, or any article of common domestic use. By connecting, therefore, the touch of such creatures with ceremonial defilement, which required immediately to be removed, an effectual means was taken to prevent the bad effects of venom and all unclean or noxious matter.

Levitik 11:47

47. make a difference between the unclean and the clean--that is, between animals used and not used for food. It is probable that the laws contained in this chapter were not entirely new, but only gave the sanction of divine enactment to ancient usages. Some of the prohibited animals have, on physiological grounds, been everywhere rejected by the general sense or experience of mankind; while others may have been declared unclean from their unwholesomeness in warm countries or from some reasons, which are now imperfectly known, connected with contemporary idolatry.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.