Jan 7

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li. 2 Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive. 3 Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè. 4 Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou. 5 (Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.) 6 Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon. 7 Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon. 8 Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive. 9 Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile. 10 Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li. 11 Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa? 12 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun. 13 Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo. 14 Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale. 15 Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl. 16 Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan. 17 Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale. 18 Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li. 19 Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen? 20 Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a? 21 Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa! 22 Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.) 23 Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo. 24 Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat. 25 Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a? 26 Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye! 27 Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti. 28 Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li. 29 Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen. 30 Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive. 31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a? 32 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi. 33 Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan. 34 N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a. 35 Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay? 36 L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm? 37 Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. 38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. 39 (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.) 40 Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la! 41 Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile. 42 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a. 43 Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi. 44 Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li. 45 Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou? 46 Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a. 47 Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou? 48 Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li? 49 Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon! 50 Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa: 51 Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè. 52 Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile. 53 Apre sa, tout moun al lakay yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jan 7:1-2

Joh 7:1-53. Christ at the Feast of Tabernacles.

1-2. After these things--that is, all that is recorded after Joh 5:18.

walked in Galilee--continuing His labors there, instead of going to Judea, as might have been expected.

sought to kill him--referring back to Joh 5:18. Hence it appears that our Lord did not attend the Passover mentioned in Joh 6:4--being the third since His ministry began, if the feast mentioned in Joh 5:1 was a Passover.

Jan 7:3-5

3-5. His brethren said--(See on Mt 13:54-56).

Depart ... into Judea, &c.--In Joh 7:5 this speech is ascribed to their unbelief. But as they were in the "upper room" among the one hundred and twenty disciples who waited for the descent of the Spirit after the Lord's ascension (Ac 1:14), they seem to have had their prejudices removed, perhaps after His resurrection. Indeed here their language is more that of strong prejudice and suspicion (such as near relatives, even the best, too frequently show in such cases), than from unbelief. There was also, probably, a tincture of vanity in it. "Thou hast many disciples in Judea; here in Galilee they are fast dropping off; it is not like one who advances the claims Thou dost to linger so long here, away from the city of our solemnities, where surely 'the kingdom of our father David' is to be set up: 'seeking,' as Thou dost, 'to be known openly,' those miracles of Thine ought not to be confined to this distant corner, but submitted at headquarters to the inspection of 'the world.'" (See Psa 69:8, "I am become a stranger to my brethren, an alien unto my mother's children!")

Jan 7:6-10

6-10. My time is not yet come--that is, for showing Himself to the world.

your time is always ready--that is "It matters little when we go up, for ye have no great plans in life, and nothing hangs upon your movements. With Me it is otherwise; on every movement of Mine there hangs what ye know not. The world has no quarrel with you, for ye bear no testimony against it, and so draw down upon yourselves none of its wrath; but I am here to lift up My voice against its hypocrisy, and denounce its abominations; therefore it cannot endure Me, and one false step might precipitate its fury on its Victim's head before the time. Away, therefore, to the feast as soon as it suits you; I follow at the fitting moment, but 'My time is not yet full come.'"

Jan 7:11-13

11-13. Jews--the rulers.

sought him--for no good end.

Where is He?--He had not been at Jerusalem for probably a year and a half.

Jan 7:14-15

14-15. about the midst of the feast--the fourth or fifth day of the eight, during which it lasted.

went up into the temple and taught--The word denotes formal and continuous teaching, as distinguished from mere casual sayings. This was probably the first time that He did so thus openly in Jerusalem. He had kept back till the feast was half through, to let the stir about Him subside, and entering the city unexpectedly, had begun His "teaching" at the temple, and created a certain awe, before the wrath of the rulers had time to break it.

Jan 7:16-18

16-18. doctrine ... not mine, &c.--that is, from Myself unauthorized; I am here by commission.

Jan 7:19-20

19-20. Did not Moses, &c.--that is, In opposing Me ye pretend zeal for Moses, but to the spirit and end of that law which he gave ye are total strangers, and in "going about to kill Me" ye are its greatest enemies.

Jan 7:21-24

21-24. I have done one work, &c.--Taking no notice of the popular appeal, as there were those there who knew well enough what He meant, He recalls His cure of the impotent man, and the murderous rage it had kindled (Joh 5:9, 16, 18). It may seem strange that He should refer to an event a year and a half old, as if but newly done. But their present attempt "to kill Him" brought up the past scene vividly, not only to Him, but without doubt to them, too, if indeed they had ever forgotten it; and by this fearless reference to it, exposing their hypocrisy and dark designs, He gave His position great moral strength.

Jan 7:25-27

25-27. some of them of Jerusalem--the citizens, who, knowing the long-formed purpose of the rulers to put Jesus to death, wondered that they were now letting Him teach openly.

Jan 7:28-29

28-29. cried Jesus--in a louder tone, and more solemn, witnessing style than usual.

Ye both, &c.--that is, "Yes, ye know both Myself and My local parentage, and (yet) I am not come of Myself."

but he that sent me is true, &c.--Probably the meaning is, "He that sent Me is the only real Sender of any one."

Jan 7:30-32

30-32. sought to take ... none laid hands--their impotence being equal to their malignity.

Jan 7:33-34

33-34. Yet a little while, &c.--that is, "Your desire to be rid of Me will be for you all too soon fulfilled. Yet a little while and we part company--for ever; for I go whither ye cannot come: nor, even when ye at length seek Him whom ye now despise, shall ye be able to find Him"--referring not to any penitential, but to purely selfish cries in their time of desperation.

Jan 7:35-36

35-36. Whither will he go, &c.--They cannot comprehend Him, but seem awed by the solemn grandeur of His warning. He takes no notice, however, of their questions.

Jan 7:37-39

37-39. the last day, that great day of the feast--the eighth (Le 23:39). It was a sabbath, the last feast day of the year, and distinguished by very remarkable ceremonies. "The generally joyous character of this feast broke out on this day into loud jubilation, particularly at the solemn moment when the priest, as was done on every day of this festival, brought forth, in golden vessels, water from the stream of Siloah, which flowed under the temple-mountain, and solemnly poured it upon the altar. Then the words of Is 12:3 were sung, With joy shall ye draw water out of the wells of Salvation, and thus the symbolical reference of this act, intimated in Joh 7:39, was expressed" [Olshausen]. So ecstatic was the joy with which this ceremony was performed--accompanied with sound of trumpets--that it used to be said, "Whoever had not witnessed it had never seen rejoicing at all" [Lightfoot].

Jesus stood--On this high occasion, then, He who had already drawn all eyes upon Him by His supernatural power and unrivalled teaching--"Jesus stood," probably in some elevated position.

and cried--as if making proclamation in the audience of all the people.

If any man thirst, let him come unto me, and drink!--What an offer! The deepest cravings of the human spirit are here, as in the Old Testament, expressed by the figure of "thirst," and the eternal satisfaction of them by "drinking." To the woman of Samaria He had said almost the same thing, and in the same terms (Joh 4:13, 14). But what to her was simply affirmed to her as a fact, is here turned into a world-wide proclamation; and whereas there, the gift by Him of the living water is the most prominent idea--in contrast with her hesitation to give Him the perishable water of Jacob's well--here, the prominence is given to Himself as the Well spring of all satisfaction. He had in Galilee invited all the WEARY AND HEAVY-LADEN of the human family to come under His wing and they should find REST (Mt 11:28), which is just the same deep want, and the same profound relief of it, under another and equally grateful figure. He had in the synagogue of Capernaum (Joh 6:36) announced Himself, in every variety of form, as "the Bread of Life," and as both able and authorized to appease the "HUNGER," and quench the "THIRST," of all that apply to Him. There is, and there can be, nothing beyond that here. But what was on all those occasions uttered in private, or addressed to a provincial audience, is here sounded forth in the streets of the great religious metropolis, and in language of surpassing majesty, simplicity, and grace. It is just Jehovah's ancient proclamation now sounding forth through human flesh, "Ho, every one that thirsteth, come ye to the waters, and he that hath no Money!" &c. (Is 55:1). In this light we have but two alternatives; either to say with Caiaphas of Him that uttered such words, "He is guilty of death," or falling down before Him to exclaim with Thomas, " My Lord AND MY God!"

Jan 7:40-43

40-43. Many ... when they heard this ... said, Of a truth, &c.--The only wonder is they did not all say it. "But their minds were blinded."

Jan 7:44-49

44-49. would have taken him; but, &c.--(See on Joh 7:30).

Jan 7:50-53

50-53. Nicodemus--reappearing to us after nearly three years' absence from the history, as a member of the council, probably then sitting.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.