Jeremi 16
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2 -Pinga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa. 3 Paske se mwen menm Seyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a. 4 Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa. 5 Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò. 6 Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo. 7 Pesonn p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pesonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo. 8 Pa antre nan kay kote y'ap fè fèt non plis. Pa chita sou tab pou manje bwè ak yo. 9 Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye. 10 Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi? 11 Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo. 12 Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'. 13 Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò. 14 Se konsa, men sa Seyè a di: -Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. 15 Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a. 16 Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch. 17 Je m' louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal. 18 Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye. 19 Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen. 20 Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon. 21 Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 16:1
Introduction
On account of the evils which threatened his country, the prophet is forbidden to encumber himself with a wife and family, or to bear any share in the little joys and sorrows of his neighbors, which were to be forgotten and absorbed in those public calamities, Jer 16:1-9, which their sins should draw on them, Jer 16:10-13. A future restoration however is intimated, Jer 16:14, Jer 16:15, after these calamities should be endured, Jer 16:16-18; and the conversion of the Gentiles is foretold, Jer 16:19-21.
Verse 1
The word of the Lord came also unto me - This discourse Dahler supposes to have been delivered some time in the reign of Jehoiakim.
Jeremi 16:2-3
Verse 2
Those shalt not take thee a wife - As it would be very inconvenient to have a family when the threatened desolations should come on the place. The reason is given in the following verses.
Jeremi 16:4
Jeremi 16:5
Verse 5
Enter not into the house of mourning - The public calamities are too great to permit individual losses to come into consideration.
Jeremi 16:6-7
Verse 6
Nor cut themselves - A custom of the heathen forbidden to the Jews, Lev 19:28; Deu 14:1, and which appears now to have prevailed among them; because, having become idolaters, they conformed to all the customs of the heathen. They tore their hair, rent their garments, cut their hands, arms, and faces. These were not only signs of sorrow but were even supposed to give ease to the dead, and appease the angry deities. The Hindoos, on the death of a relation, express their grief by loud lamentations, and not unfrequently bruise themselves in an agony of grief with whatever they can lay hold on.
Jeremi 16:8-11
Verse 8
Thou shalt not also go into the house of feasting - Funeral banquets were made to commemorate the dead, and comfort the surviving relatives; and the cup of consolation, strong mingled wine, was given to those who were deepest in distress, to divert their minds and to soothe their sorrows. These kinds of ceremonies were common among almost all the nations of the world on funeral occasions. The Canaanites, the Jews, the Persians, Arabians, New Zealanders, Huns, etc., etc.
Jeremi 16:12
Verse 12
And ye have done worse than your fathers - The sins of the fathers would not have been visited on the children, had they not followed their example, and become even worse than they.
Jeremi 16:13
Jeremi 16:14
Verse 14
The Lord liveth, that brought up - See Isa 43:18.
Jeremi 16:15
Verse 15
The land of the north - Chaldea: and their deliverance thence will be as remarkable as the deliverance of their fathers from the land of Egypt.
Jeremi 16:16-17
Verse 16
I will send for many fishers - for many hunters - I shall raise up enemies against them some of whom shall destroy them by wiles, and others shall ruin them by violence. This seems to be the meaning of these symbolical fishers and hunters.
Jeremi 16:18
Verse 18
The carcasses of their detestable - things - Either meaning the idols themselves, which were only carcasses without life; or the sacrifices which were made to them.
Jeremi 16:19
Verse 19
The Gentiles shall come - Even the days shall come when the Gentiles themselves, ashamed of their confidence, shall renounce their idols, and acknowledge that their fathers had believed lies, and worshipped vanities. This may be a prediction of the calling of the Gentiles by the Gospel of Christ; if so, it is a light amidst much darkness. In such dismal accounts there is need of some gracious promise relative to an amended state of the world.
Jeremi 16:20
Verse 20
Shall a man make gods unto himself? - Can any be so silly, and so preposterously absurd? Yes, fallen man is capable of any thing that is base, mean, vile, and wicked, till influenced and converted by the grace of Christ.
Jeremi 16:21
Verse 21
Therefore, behold, I will this once - I will not now change my purpose. They shall be visited and carried into captivity; nothing shall prevent this: and they shall know that my name is Jehovah. Since they would not receive the abundance of my mercies, they shall know what the true God can do in the way of judgment.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
