Jeremi 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 2 -Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo. 3 W'a di yo men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a. 4 Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou. 5 Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè! 6 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'. 7 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo! 8 Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m' te di yo sa nan kontra a. 9 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Moun Jida ak moun lavil Jerizalèm moute konplo sou do mwen. 10 Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m' t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a. 11 Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo. 12 Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo. 13 Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la! 14 Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo. 15 Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo? 16 Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo. 17 Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal! 18 Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'. 19 Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò. 20 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo. 21 Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou. 22 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou. 23 Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 11:1
Introduction
The prophet proclaims the tenor of God's covenant with the Jews of old, Jer 11:1-5; and then reproves them for their hereditary disobedience, Jer 11:6-19. In consequence of this the Almighty is introduced, declaring he will show them no pity, Jer 11:11-13; forbidding Jeremiah to intercede, Jer 11:14; rejecting their sacrifices, Jer 11:15; and in a word, condemning this fair but unfruitful tree to the fire, Jer 11:16, Jer 11:17. In what remains of the chapter the prophet predicts evil to his neighbors of Anathoth, who had conspired against him, Jer 11:18-23. "Let us," said they, "destroy this tree, with the fruit thereof," etc., alluding to what Jeremiah had said in the sixteenth verse.
Verse 1
The word that came to Jeremiah - This discourse is supposed to have been delivered in the first year of the reign of Zedekiah. See Dahler.
Jeremi 11:2
Verse 2
Hear ye the words of this covenant - It is possible that the prophet caused the words of the covenant made with their fathers in the desert (Exo 24:4-8) to be read to them on this occasion; or, at least, the blessings and the cursings which Moses caused to be pronounced to the people as soon as they had set foot in Canaan, Deuteronomy 27, 28.
Jeremi 11:3-4
Verse 3
Cursed be the man that obeyeth not - After the reading, the prophet appears to sum up the things contained in what was read to them; as if he had said, "Ye hear what the Lord saith unto you: remember, the sum of it is this: The man is cursed who obeyeth not; and he is blessed who obeys. From these declarations God will not depart."
Jeremi 11:5
Verse 5
So be it, O Lord - Let thy promises be fulfilled; and let the incorrigible beware of thy threatenings!
Jeremi 11:6-8
Verse 6
Proclaim all these words - Let the same covenant, with the blessings and cursings, be read in every city of Judah, and in all the streets of Jerusalem, that all the people may know their duty, their privileges, and their danger.
Jeremi 11:9
Verse 9
A conspiracy is found - They were all fratres conjurati, sworn brothers, determined to cast off the Divine yoke, and no longer to have God to reign over them.
Jeremi 11:10-11
Verse 10
They are turned back to the iniquities of their forefathers - A great reformation had taken place under the reign of Josiah, and the public worship of idols had been abolished, and most of the high places destroyed; but under the reign of his son and his successors, they had turned back again to idolatry, and were become worse than ever. It required a captivity to cure them of this propensity: and God sent one: after that, there was no idolatry among the Jews.
Jeremi 11:12-13
Verse 12
Go, and cry unto the gods - See Jer 2:28.
Jeremi 11:14
Verse 14
Therefore pray not thou for this people - I am determined to give them up into the hands of their enemies; I will neither hear thy intercession, nor regard their prayers. Their measure is full.
Jeremi 11:15
Verse 15
What hath my beloved to do in mine house - This has been supposed to refer to Abraham, Moses, or such eminent servants of God, whose intercession was very powerful. Were even they to appear as intercessors, their prayer should not be regarded. Others think that this is an endearing expression which properly belonged to the Israelites. When God took them into covenant with himself, they were espoused to him, and therefore his beloved; but now that they have forsaken him, and joined themselves to another, what have they to do with his house or its ordinances, which they wish now to frequent with vows and sacrifices, when they see the evil fast coming upon them? This is probably the sense of this very obscure passage. Dr. Blayney translates, "What hath my beloved to do in my house whilst she practiseth wickedness? Shall vows and holy flesh (sacrifices) be allowed to come from thee? When thou art malignant, shalt thou rejoice?"
Jeremi 11:16-17
Verse 16
The Lord called thy name, A green olive tree - That is, he made thee like a green olive - fair, flourishing, and fruitful; but thou art degenerated, and God hath given the Chaldeans permission to burn thee up.
Jeremi 11:18
Verse 18
The Lord hath given me knowledge of it - The men of Anathoth had conspired against his life, because he reproved them for their sins, and denounced the judgments of God against them. Of this God had given him a secret warning, that he might be on his guard.
Jeremi 11:19
Verse 19
I was like a lamb or an ox - Dahler translates, "I was like a fattened lamb that is led to the slaughter." Blayney, "I was like a tame lamb that is led to slaughter." The word אלוף alluph, which we translate ox, is taken by both as an adjective, qualifying the noun כבש kebes, a lamb. It may probably signify a lamb brought up in the house-fed at home, (אלוף alluph), instructed or nourished at home; perfectly innocent and unsuspecting, while leading to the slaughter. This meaning the word will bear in Arabic, for alaf signifies accustomed, familiar, (to or with any person or thing); a companion, a comrade, an intimate friend. I therefore think that ככבש אלוף kechebes alluph signifies, like the familiar lamb - the lamb bred up in the house, in a state of friendship with the family. The people of Anathoth were Jeremiah's townsmen; he was born and bred among them; they were his familiar friends; and now they lay wait for his life! All the Versions understood אלוף alluph as an epithet of כבש kebes, a chosen, simple, innocent lamb.
Let us destroy the tree with the fruit - Let us slay the prophet, and his prophecies will come to an end. The Targum has, Let us put mortal poison in his food; and all the Versions understand it something in the same way.
Jeremi 11:20-21
Verse 20
Let me see thy vengeance on them - Rather, I shall see (אראה ereh) thy punishment indicted on them.
Jeremi 11:22
Verse 22
Behold, I will punish them - And the punishment is, Their young men shall die by the sword of the Chaldeans; and their sons and daughters shall die by the famine that shall come on the land through the desolations occasioned by the Chaldean army.
Jeremi 11:23
Verse 23
The year of their visitation - This punishment shall come in that year in which I shall visit their iniquities upon them.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
