Ezayi 32

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. 2 Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo. 3 Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a. 4 Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann. 5 P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun. 6 Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. 7 Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis. 8 Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa. 9 Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: 10 Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. 11 Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon, 12 paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an. 13 Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a. 14 Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje. 15 Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. 16 Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. 17 Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. 18 Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. 19 Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. 20 Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezayi 32:1

Is 32:1-20. Messiah's Kingdom; Desolations, to Be Succeeded by Lasting Peace, the Spirit Having Been Poured Out.

The times of purity and happiness which shall follow the defeat of the enemies of Jehovah's people (Is 32:1-8). The period of wrath before that happy state (Is 32:9-14). The assurance of the final prosperity of the Church is repeated (Is 32:15-20).

1. king--not Hezekiah, who was already on the throne, whereas a future time is contemplated. If he be meant at all, it can only be as a type of Messiah the King, to whom alone the language is fully applicable (Ho 3:5; Zec 9:9; see on Is 11:3-5). The kingdom shall be transferred from the world kings, who have exercised their power against God, instead of for God, to the rightful King of kings (Eze 21:27; Da 7:13, 14).

princes--subordinate; referring to all in authority under Christ in the coming kingdom on earth, for example, the apostles, &c. (Lu 22:30; 1Co 6:2; 2Ti 2:12; Re 2:26, 27; 3:21).

Ezayi 32:2

2. a man--rather, the man Christ [Lowth]; it is as "the Son of man" He is to reign, as it was as Son of man He suffered (Mt 26:64; Joh 5:27; 19:5). Not as Maurer explains, "every one of the princes shall be," &c.

rivers--as refreshing as water and the cool shade are to the heated traveller (Is 35:6, 7; 41:18).

Ezayi 32:3

3. them that see--the seers or prophets.

them that hear--the people under instruction (Is 35:5, 6).

Ezayi 32:4

4. rash--rather, "the hasty"; contrast "shall not make haste" (Is 28:16); the reckless who will not take time to weigh religious truth aright. Or else, the well-instructed [Horsley].

stammers--those who speak confusedly on divine things (compare Ex 4:10-12; Jr 1:6; Mt 10:19, 20). Or, rather, those drunken scorners who in stammering style imitated Isaiah's warnings to mock them [Maurer] (Is 28:7-11, 13, 14, 22; 29:20); in this view, translate, "speak uprightly" (agreeably to the divine law); not as English Version, referring to the distinctness of articulation, "plainly."

Ezayi 32:5

5. vile--rather, "fool" [Lowth]; that is, ungodly (Psa 14:1; 74:18).

liberal--rather, "noble-minded."

churl--rather, "fraudulent" [Gesenius].

bountiful--religiously. The atheistic churl, who envies the believer his hope "full of immortality," shall no longer be held as a patriot struggling for the emancipation of mankind from superstition [Horsley].

Ezayi 32:6

6. vile ... villainy--rather, "the (irreligious) fool ... (his) folly."

will speak--rather, "present"; for (so far is the "fool" from deserving the epithet "noble-minded") the fool "speaketh" folly and "worketh," &c.

hypocrisy--rather, "profligacy" [Horsley].

error--impiety, perverse arguments.

hungry--spiritually (Mt 5:6).

Ezayi 32:7

7. churl--"the fraudulent"; this verse refers to the last clause of Is 32:5; as Is 32:6 referred to its first clause.

speaketh right--pleadeth a just cause (Is 29:21); spiritually, "the poor man's cause" is the divine doctrine, his rule of faith and practice.

Ezayi 32:8

8. liberal--rather, "noble-minded."

stand--shall be approved under the government of the righteous King.

Ezayi 32:9-20

9-20. Address to the women of Jerusalem who troubled themselves little about the political signs of the times, but lived a life of self-indulgence (Is 3:16-23); the failure of food through the devastations of the enemy is here foretold, being what was most likely to affect them as mothers of families, heretofore accustomed to every luxury. Vitringa understands "women--daughters" as the cities and villages of Judea (Eze 16:1-63). See Am 6:1.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.