Jenèz 47
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, Jozèf al avèti farawon an li di l': -Men papa m' ak frè m' yo rive soti nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ak tout sa yo genyen. Koulye a menm yo Gochenn. 2 Jozèf te pran senk nan frè l' yo avèk li, li prezante yo bay farawon an. 3 Farawon an di yo konsa: -Ki metye nou? Yo reponn li: -Metye nou se gade bèt tankou zansèt nou yo. 4 Apre sa, yo di farawon an: -Nou vin pou nou ka rete nan peyi a, paske pa gen manje ankò nan peyi nou pou bèt yo manje. Lèfini, grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran. Tanpri, ban nou pèmisyon pou nou rete nan peyi Gochenn lan. 5 Farawon an di Jozèf: -Men papa ou ak frè ou yo vin jwenn ou isit la. 6 tout peyi Lejip la la devan ou. Chwazi pi bon tè nan peyi a, ba yo l' pou rete. Yo mèt rete sou tè Gochenn lan. Epi, si ou konnen gen nan mitan yo moun ki kapab pran swen bèt pa m' yo, ou mèt ba yo bèt mwen yo gade. 7 Apre sa, Jozèf fè papa l' vini, li prezante l' bay farawon an. Lè Jakòb fin di farawon an bonjou, 8 farawon an mande l': -Ki laj ou? 9 Jakòb reponn li: -Mwen gen santrantan (0130 an) depi m'ap moute desann sou latè. Men, mwen poko prèt pou m' rive laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Mwen pa gen anpil laj, se vre. Men, mwen pa manke bat mizè. 10 Jakòb di farawon an orevwa, epi li ale. 11 Jozèf fè papa l' ak frè l' yo rete nan peyi Lejip. Li ba yo tè bò lavil Ranmsès, jan farawon an te mande l' la. Li ba yo yon bon tè nan peyi a. 12 Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen. 13 Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a. 14 Jozèf te fin ranmase dènye lajan moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran te genyen nan vann yo ble. Li pote tout lajan an lakay farawon an. 15 Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l': -Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò. 16 Jozèf di yo: -Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje. 17 Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen. 18 Apre lanne a fin pase, yo tounen bò kote Jozèf ankò. Yo di li: -Nou p'ap kapab kache ou sa, mèt. Lajan nou fini nèt. Nou deja ba ou tout bèt nou te genyen. Koulye a, mèt, se tè nou yo ak pwòp tèt nou ase ki rete pou n' ba ou. 19 Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou! Pa kite nou pèdi tè nou yo. Fè pri pou nou menm ansanm ak tout tè nou yo. N'ap tounen esklav farawon an. Tè nou yo va pou li tou. Men, ban nou plan pou nou simen nan jaden nou yo pou nou pa mouri, pou tè a pa fin tounen savann. 20 Se konsa Jozèf achte tout tè Lejip la pou farawon an. tout moun peyi Lejip yo te vann li tè yo paske grangou a t'ap fini ak yo. tout peyi a vini pou farawon an. 21 Jozèf fè tout moun toupatou nan peyi a tounen esklav farawon an. 22 Se te prèt yo ase li pa t' manyen. Prèt yo pa t' bezwen tè pou yo manje, paske, dapre yon lwa ki gen nan peyi a, se farawon an menm ki te toujou peye yo. Se ak lajan sa a yo te viv. 23 Jozèf di pèp la: -Jòdi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou farawon an. Men grenn m'ap ban nou pou nou plante nan jaden nou yo. 24 Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (01/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou. 25 Yo reponn li: -Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an. 26 Se konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk koulye a toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pa t' pou farawon an. 27 Moun Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou. 28 Jakòb pase disèt lanne nan peyi Lejip. Li te rive gen sankarannsèt (0147) lanne sou tèt li. 29 Lè sa a, Izrayèl vin wè li pa t' gen lontan pou l' viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l' konsa: -Si ou renmen m' vre, tanpri, fè m' sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m'. Tanpri, pa antere m' nan peyi Lejip. 30 Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo, lè m aval jwenn fanmi mwen yo ki mouri deja a. Se pou ou pran kadav mwen, pote l' soti peyi Lejip, al antere l' nan kavo fanmi m' yo. Jozèf reponn li: -m'a fè jan ou mande m' lan. 31 Men, Jakòb di Jozèf konsa: -Fè m' sèman w'ap fè sa pou mwen! Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese kouche nan kabann li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 47:1
Ge 47:1-31. Joseph's Presentation at Court.
1. Joseph ... told Pharaoh, My father and my brethren--Joseph furnishes a beautiful example of a man who could bear equally well the extremes of prosperity and adversity. High as he was, he did not forget that he had a superior. Dearly as he loved his father and anxiously as he desired to provide for the whole family, he would not go into the arrangements he had planned for their stay in Goshen until he had obtained the sanction of his royal master.
Jenèz 47:2
2. he took some of his brethren--probably the five eldest brothers: seniority being the least invidious principle of selection.
Jenèz 47:4
4. For to sojourn ... are we come--The royal conversation took the course which Joseph had anticipated (Ge 46:33), and they answered according to previous instructions--manifesting, however, in their determination to return to Canaan, a faith and piety which affords a hopeful symptom of their having become all, or most of them, religious men.
Jenèz 47:7
7. Joseph brought in Jacob his father--There is a pathetic and most affecting interest attending this interview with royalty; and when, with all the simplicity and dignified solemnity of a man of God, Jacob signalized his entrance by imploring the divine blessing on the royal head, it may easily be imagined what a striking impression the scene would produce (compare He 7:7).
Jenèz 47:8
8. Pharaoh said unto Jacob, How old art thou?--The question was put from the deep and impressive interest which the appearance of the old patriarch had created in the minds of Pharaoh and his court. In the low-lying land of Egypt and from the artificial habits of its society, the age of man was far shorter among the inhabitants of that country than it had yet become in the pure bracing climate and among the simple mountaineers of Canaan. The Hebrews, at least, still attained a protracted longevity.
Jenèz 47:9
9. The days of the years of my pilgrimage, &c.--Though a hundred thirty years, he reckons by days (compare Psa 90:12), which he calls few, as they appeared in retrospect, and evil, because his life had been one almost unbroken series of trouble. The answer is remarkable, considering the comparative darkness of the patriarchal age (compare 2Ti 1:10).
Jenèz 47:11
11. Joseph placed his father and his brethren ... in the best of the land--best pasture land in lower Egypt. Goshen, "the land of verdure," lay along the Pelusiac or eastern branch of the Nile. It included a part of the district of Heliopolis, or "On," the capital, and on the east stretched out a considerable length into the desert. The ground included within these boundaries was a rich and fertile extent of natural meadow, and admirably adapted for the purposes of the Hebrew shepherds (compare Ge 49:24; Psa 34:10; 78:72).
Jenèz 47:13-15
13-15. there was no bread in all the land--This probably refers to the second year of the famine (Ge 45:6) when any little stores of individuals or families were exhausted and when the people had become universally dependent on the government. At first they obtained supplies for payment. Before long money failed.
Jenèz 47:16
16. And Joseph said, Give your cattle--"This was the wisest course that could be adopted for the preservation both of the people and the cattle, which, being bought by Joseph, was supported at the royal expense, and very likely returned to the people at the end of the famine, to enable them to resume their agricultural labors."
Jenèz 47:21
21. as for the people, he removed them to cities--obviously for the convenience of the country people, who were doing nothing, to the cities where the corn stores were situated.
Jenèz 47:22
22. Only the land of the priests bought he not--These lands were inalienable, being endowments by which the temples were supported. The priests for themselves received an annual allowance of provision from the state, and it would evidently have been the height of cruelty to withhold that allowance when their lands were incapable of being tilled.
Jenèz 47:23-28
Jenèz 47:29-31
29-31. the time drew nigh that Israel must die--One only of his dying arrangements is recorded; but that one reveals his whole character. It was the disposal of his remains, which were to be carried to Canaan, not from a mere romantic attachment to his native soil, nor, like his modern descendants, from a superstitious feeling for the soil of the Holy Land, but from faith in the promises. His address to Joseph--"if now I have found grace in thy sight," that is, as the vizier of Egypt--his exacting a solemn oath that his wishes would be fulfilled and the peculiar form of that oath, all pointed significantly to the promise and showed the intensity of his desire to enjoy its blessings (compare Nu 10:29).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
