Jenèz 38

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam. 2 Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l'. 3 Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er. 4 Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan. 5 Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l' Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela. 6 Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l' lan. 7 Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri. 8 Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi. 9 Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a. 10 Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou. 11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'. 12 Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li. 13 Yo fè Tama konn sa, yo di l': -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l' fè taye lenn mouton li yo. 14 Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm. 15 Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri. 16 li al jwenn li bò chemen an, li di l': -vin non. Kite m' kouche avè ou. Li pa t' konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w'ap ban mwen pou m' kite ou kouche avè m'. 17 Jida reponn li: -m'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w'a ban m' kenbe jouk ou voye l' ban mwen. 18 Jida reponn li: -Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li. 19 Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò. 20 Jida voye zanmi l', moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l' te ka reprann sa l' te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l' lan pa t' kapab jwenn fanm lan. 21 Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la. 22 Li tounen al jwenn Jida, li di l': -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m' pa janm gen ankenn jennès bò la. 23 Jida di l': -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l' lan. Moun va pase m' nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa! 24 Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri. 25 Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a? 26 Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò. 27 Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li. 28 Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l' deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l'. Li di: -Sa a fèt anvan. 29 Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l' Perèz. 30 Apre sa, frè li a soti ak fil wouj la mare nan men l'. Yo rele l' Zerak.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 38:1

Ge 38:1-30. Judah and Family.

1. at that time--a formula frequently used by the sacred writers, not to describe any precise period, but an interval near about it.

Jenèz 38:2

2. And Judah saw there a daughter of a certain Canaanite--Like Esau [Ge 26:34], this son of Jacob, casting off the restraints of religion, married into a Canaanite family; and it is not surprising that the family which sprang from such an unsuitable connection should be infamous for bold and unblushing wickedness.

Jenèz 38:8

8. Judah said unto Onan ... marry her, and raise up seed to thy brother--The first instance of a custom, which was afterwards incorporated among the laws of Moses, that when a husband died leaving a widow, his brother next of age was to marry her, and the issue, if any, was to be served heir to the deceased (compare De 25:5).

Jenèz 38:12

12. Judah ... went up unto his sheep-shearers--This season, which occurs in Palestine towards the end of March, was spent in more than usual hilarity, and the wealthiest masters invited their friends, as well as treated their servants, to sumptuous entertainments. Accordingly, it is said, Judah was accompanied by his friend Hirah.

Timnath--in the mountains of Judah.

Jenèz 38:18

18. signet, &c.--Bracelets, including armlets, were worn by men as well as women among the Hebrews. But the Hebrew word here rendered "bracelets," is everywhere else translated "lace" or "ribbon"; so that as the signet alone was probably more than an equivalent for the kid, it is not easy to conjecture why the other things were given in addition, except by supposing the perforated seal was attached by a ribbon to the staff.

Jenèz 38:24

24. Bring her forth, and let her be burnt--In patriarchal times fathers seem to have possessed the power of life and death over the members of their families. The crime of adultery was anciently punished in many places by burning (Le 21:9; Jud 15:6; Jr 29:22). This chapter contains details, which probably would never have obtained a place in the inspired record, had it not been to exhibit the full links of the chain that connects the genealogy of the Saviour with Abraham; and in the disreputable character of the ancestry who figure in this passage, we have a remarkable proof that "He made himself of no reputation" [Php 2:7].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.