Ezekyèl 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs. 2 Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen. 3 W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou. 4 Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la. 5 Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'. 6 Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a. 7 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo. 8 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo. 9 N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò. 10 Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou. 11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape. 12 Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe. 13 M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò. 14 M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a. 15 Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 16 M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou. 17 M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 5:1-4
Introduction
In this chapter the prophet shows, under the type of hair, the judgments which God was about to execute on the inhabitants of Jerusalem by famine, sword, and dispersion, Eze 5:14. The type or allegory is then dropped, and God is introduced declaring in plain terms the vengeance that was coming on the whole nation which had proved so unworthy of those mercies with which they had hitherto been distinguished, Eze 5:5-17.
Verse 1
Take thee a sharp knife - Among the Israelites, and indeed among most ancient nations, there were very few edge-tools. The sword was the chief; and this was used as a knife, a razor, etc., according to its different length and sharpness. It is likely that only one kind of instrument is here intended; a knife or short sword, to be employed as a razor.
Here is a new emblem produced, in order to mark out the coming evils.
1. The prophet represents the Jewish nation.
2. His hair, the people.
3. The razor, the Chaldeans.
4. The cutting the beard and hair, the calamities, sorrows, and disgrace coming upon the people. Cutting off the hair was a sign of mourning; see on Jer 45:5 (note); Jer 48:37 (note); and also a sign of great disgrace; see 2Sam 10:4.
5. He is ordered to divide the hair, 2Sam 10:2, into three equal parts, to intimate the different degrees and kinds of punishment which should fall upon the people.
6. The balances, 2Sam 10:1, were to represent the Divine justice, and the exactness with which God's judgments should be distributed among the offenders.
7. This hair, divided into three parts, is to be disposed of thus:
1. A third part is to be burnt in the midst of the city, to show that so many should perish by famine and pestilence during the siege.
2. Another third part he was to cut in small portions about the city, (that figure which he had pourtrayed upon the brick), to signify those who should perish in different sorties, and in defending the walls.
3. And the remaining third part he was to scatter in the wind, to point out those who should be driven into captivity. And,
4. The sword following them was intended to show that their lives should be at the will of their captors, and that many of them should perish by the sword in their dispersions.
5. The few hairs which he was to take in his skirts, 2Sam 10:3, was intended to represent those few Jews that should be left in the land under Gedaliah, after the taking of the city.
6. The throwing a part of these last into the fire, 2Sam 10:4, was intended to show the miseries that these suffered in Judea, in Egypt, and finally in their being also carried away into Babylon on the conquest of Egypt by Nebuchadnezzar. See these transactions particularly pointed out in the notes on Jeremiah, chapters 40, 41, 42. Some think that this prophecy may refer to the persecution of the Jews by Antiochus Epiphanes.
Ezekyèl 5:5
Verse 5
This is Jerusalem: I have set it in the midst of the nations - I have made this city the most eminent and the most illustrious in the world. Some think that these words refer to its geographical situation, as being equally in the center of the habitable world. But any point on a globe is its center, no matter where laid down; and it would not be difficult to show that even this literal sense is tolerably correct. But the point which is the center of the greatest portion of land that can be exhibited on one hemisphere is the capital of the British empire. See my Sermon on the universal spread of the Gospel.
Ezekyèl 5:6-8
Verse 6
She hath changed my judgments - God shows the reason why he deals with Jerusalem in greater severity than with the surrounding nations; because she was more wicked than they. Bad and idolatrous as they were, they had a greater degree of morality among them than the Jews had. Having fallen from the true God, they became more abominable than others in proportion to the height, eminence, and glory from which they had fallen. This is the common case of backsliders; they frequently, in their fall, become tenfold more the children of wrath than they were before.
Ezekyèl 5:9
Verse 9
I will do in thee that which I have not done - The destruction of Jerusalem by Nebuchadnezzar was one of the greatest calamities that ever fell on any nation or place before; and that by the Romans under Titus exceeded all that has taken place since. These two sackages of that city have no parallel in the history of mankind.
Ezekyèl 5:10-11
Verse 10
The fathers shall eat the sons - Though we have not this fact so particularly stated in history, yet we cannot doubt of it, considering the extremities to which they were reduced during the siege. The same is referred to by Jeremiah, Lam 4:10. Even the women, who were remarkable for kindness and humanity, boiled their own children, and ate them during the siege.
Will I scatter into all the winds - Disperse you, by captivity, among all the nations of the earth.
Ezekyèl 5:12
Verse 12
A third part of thee - See the note on Eze 5:1-4 (note).
Ezekyèl 5:13-15
Verse 13
I will cause my fury to rest - My displeasure, and the evidences of it, shall not be transient; they shall be permanent upon you, and among you. And is not this dreadfully true to the present day?
Ezekyèl 5:16
Verse 16
The evil arrows of famine - Famine and pestilence are represented as poisoned arrows, inflicting death wherever they wound. The ancients represented them in the same way.
Ezekyèl 5:17
Verse 17
So will I send upon you famine and evil beasts, and they shall bereave thee - Wild beasts always multiply in depopulated countries. In England, wolves abounded when the country was thinly peopled, it is now full of inhabitants, and there is not one wolf in the land. Nebuchadnezzar and his Chaldeans may be called here evil beasts. He is often compared to a lion, Jer 4:7; Dan 7:14; on account of the ravages made by him and his Chaldean armies.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
