Ezekyèl 33
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa: 2 -Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a. 3 Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo. 4 Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li. 5 Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri. 6 Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo. 7 Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen. 8 Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 9 Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou. 10 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò! 11 Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa? 12 Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a. 13 Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè. 14 Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen, 15 si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv. 16 M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen. 17 Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon. 18 Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa. 19 Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa. 20 Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo! 21 Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi. 22 Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò. 23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 24 -Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou. 25 Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou? 26 Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou? 27 W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo. 28 M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo. 29 Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 30 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a! 31 Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen. 32 Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè. 33 Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 33:1
Introduction
The prophet, after having addressed several other nations, returns now to his own; previously to which he is told, as on a former occasion, the duty of a watchman, the salvation or ruin of whose soul depends on the manner in which he discharges it. An awful passage indeed; full of important instruction both to such as speak, and to such as hear, the word of God, Eze 33:1-9. The prophet is then directed what answer to make to the cavils of infidelity and impiety; and to vindicate the equity of the Divine government by declaring the general terms of acceptance with God to be (as told before, chap. 18) without respect of persons; so that the ruin of the finally impenitent must be entirely owing to themselves, Eze 33:10-20. The prophet receives the news of the destruction of Jerusalem by the Chaldeans, about a year and four months after it happened, according to the opinion of some, who have been led to this conjecture by the date given to this prophecy in the twenty-first verse, as it stands in our common Version: but some of the manuscripts of this prophet consulted by Dr. Kennicott have in this place the Eleventh year, which is probably the genuine reading. To check the vain confidence of those who expected to hold out by possessing themselves of its other fastnesses, the utter desolation of all Judea is foretold, Eze 33:21-29. Ezekiel is informed that among those that attended his instructions were a great number of hypocrites, against whom he delivers a most awful message. When the Lord is destroying these hypocrites, then shall they know that there hath been a prophet among them, Eze 33:30-33.
Ezekyèl 33:2-9
Verse 2
Son of man - if the people of the land take a man - The first ten verses of this chapter are the same with Eze 3:17-22; and to what is said there on this most important and awful subject I must refer the reader. Here the People choose the watchman; there, the Lord appoints him. When God chooses, the people should approve.
Ezekyèl 33:10
Verse 10
If our transgressions and our sins be upon us - They are upon us, as a grievous burden, too weighty for us to bear: how then can we live under such a load?
We pine away in them - In such circumstances how consoling is that word: "Come unto me, all ye who are heavy laden, and I will give you rest!"
Ezekyèl 33:11-12
Verse 11
As I live, saith the Lord God, I have no pleasure in the death of the wicked - From this to the twentieth verse inclusive is nearly the same with Ezekiel 18, on which I wish the reader to consult the notes.
Ezekyèl 33:13-18
Verse 13
If he trust to his own righteousness, and commit iniquity - If he trust in his acting according to the statutes and ordinances of religion, and according to the laws relative to rights and wrongs among men, and in other respects commit iniquity, he shall die for it.
Ezekyèl 33:19-20
Verse 19
He shall live thereby - "The wages of sin is death;" the "gift of God is eternal life." It is a miserable trade by which a man cannot live; such a trade is sin.
Ezekyèl 33:21
Verse 21
In the twelfth year of our captivity, in the tenth month, in the fifth day of the month - Instead of the twelfth year, the eleventh is the reading of seven of Kennicott's MSS., one of De Rossi's, and the Syriac. My own, mentioned in the preceding chapter, reads with the present text. This was on Wednesday, Jan. 25, A.M. 3416 or 3417.
One that had escaped out of Jerusalem - After it had been taken by the Chaldeans.
Came unto me, saying, The City Is Smitten - This very message God had promised to the prophet, Eze 24:26.
Ezekyèl 33:22-23
Verse 22
My mouth was opened - They had now the fullest evidence that I had spoken from the Lord. I therefore spoke freely and fully what Good delivered to me, Eze 24:27.
Ezekyèl 33:24
Verse 24
Abraham was one - If he was called to inherit the land when he was alone, and had the whole to himself, why may we not expect to be established here, who are his posterity, and are many? They wished to remain in the land and be happy after the Chaldeans had carried the rest away captives.
Ezekyèl 33:25
Verse 25
Ye eat with the blood - Abraham was righteous, ye are unrighteous. Eating of blood, in any way dressed, or of flesh from which the blood had not been extracted, was and is in the sight of God abominable. All such practices he has absolutely and for ever forbidden. Let the vile blood-eaters hear and tremble. See the note on Act 15:20, and the passages in the margin.
Ezekyèl 33:26
Verse 26
Ye stand upon your sword - Ye live by plunder, rapine, and murder. Ye are every way impure; and shall ye possess the land? No.
Ezekyèl 33:27-29
Verse 27
They that are in the wastes - He seems to speak of those Jews who had fled to rocks, caves, and fortresses, in the mountains; whose death he predicts, partly by the sword, partly by wild beasts, and partly by famine.
Ezekyèl 33:30
Verse 30
The people still are talking against thee - בך bach should be rather translated, "concerning thee," than "against thee;" for the following verses show that the prophet was much respected. The Vulgate translates, de te; the Septuagint, περι σου, "concerning thee," both right.
Talking by the walls and in the doors of the houses is not a custom peculiar to the Copts, mentioned by Bp. Pococke, it is a practice among idle people, and among those who are resting from their work, in every country, when the weather permits. Gossiping in the inside of the house is not less frequent, and much more blamable.
Ezekyèl 33:31
Verse 31
As the people cometh - As they are accustomed to come on public days, Sabbaths, etc.
With their mouth they show much love - They respected the prophet, but would not bend themselves to follow his precepts. They loved earthly things, and did not relish those of heaven.
Ezekyèl 33:32
Verse 32
As a very lovely song - They admired the fine voice and correct delivery of the prophet; this was their religion, and this is the whole of the religion of thousands to the present day; for never were itching ears so multiplied as now.
Ezekyèl 33:33
Verse 33
When this cometh to pass - then shall they know that a prophet hath been among them - What I have predicted, (and it is even now at the doors), then they will be convinced that there was a prophet among them, by whose ministry they did not profit as they ought.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
