Ezekyèl 22
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2 -Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo. 3 W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo. 4 Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou. 5 Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd. 6 Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun. 7 Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa. 8 Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo. 9 Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd. 10 Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo. 11 Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo. 12 Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 13 Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp. 14 Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'. 15 M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an. 16 Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 17 Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa: 18 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen. 19 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm. 20 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn. 21 Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou. 22 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa. 23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 24 -Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli. 25 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari. 26 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm. 27 Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. 28 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo. 29 Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. 30 Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn. 31 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 22:1
Introduction
This chapter contains a recital of the sins of Jerusalem, Eze 22:1-12; for which God threatens it with severe judgments, Eze 22:13-16, in order to purify it from the dross, Eze 22:17-22. And as the corruption is general, pervading prophets, priests, princes, and people; so, it is declared, shall be the punishment, Eze 22:23-31.
Ezekyèl 22:2
Verse 2
Wilt thou judge the bloody city - Pronounce the sentence of death against the murderers.
Show her all her abominations - And a most revolting and dreadful catalogue of these is in consequence exhibited.
Ezekyèl 22:3
Verse 3
Her time may come - Till now, it was my long-suffering; she has fulfilled her days - completed the time of her probation; has not mended, but is daily worse; therefore her judgment can linger no longer.
Ezekyèl 22:4
Verse 4
Thou art become guilty in thy blood - Thou art guilty of blood.
Ezekyèl 22:5
Verse 5
Those that be near - Both distant as well as neighboring provinces consider thee the most abandoned of characters; and through thee many have been involved in distress and ruin.
Ezekyèl 22:6
Verse 6
Behold, the princes - Ye are a vile and murderous people, and your princes have been of the same character. Like people, like prince.
Ezekyèl 22:7
Verse 7
In thee have they set light - The children do not reverence their parents. Parental affection and filial respect do not exist among you. The stranger is not only not succoured, but he is oppressed. The widows and fatherless are vexed by wrongs and exactions.
Ezekyèl 22:8
Verse 8
Thou hast despised - All my ordinances are not only neglected, but treated with contempt; and my Sabbaths profaned. There is not only no power of godliness among you, but there is no form.
Ezekyèl 22:9
Verse 9
In thee are men that carry tales - Witnesses that will swear any thing, even where life is concerned.
They eat upon the mountains - Sacrifice to idols, and celebrate their festivals.
Ezekyèl 22:10-15
Verse 10
In thee have they discovered - They are guilty of the most abominable incest and unnatural lust.
On thee have they humbled - In their unholy and unnatural connexions, they have not abstained from those set apart because of their infirmities. The catalogue of crimes that follow is too plain to require comment.
Ezekyèl 22:16-17
Verse 16
Thou shalt know that I am the Lord - I shall so deal with and punish thee, that thou shalt be obliged to own the vindictive hand of a sin-avenging God.
Ezekyèl 22:18
Verse 18
The house of Israel is to me become dross - They are all like base metal - brass, tin, iron, and lead alloyed together with silver. Ye must be put in the furnace, and subjected to the most intense fire, till your impurities are consumed away. No ordinary means will avail any thing; the most violent must be resorted to.
Ezekyèl 22:19-23
Verse 19
I will gather you - Jerusalem is represented here as the fining pot; all the people are to be gathered together in it, and the Chaldean fire is to knelt the whole. And God will increase thy sufferings: as the refiner blows the fire with his bellows, so God will blow upon you with the fire of his wrath, Eze 22:21.
Ezekyèl 22:24
Verse 24
Thou art the land that is not cleansed - Thou art like a country where there is no rain, either to cleanse the garments, or fertilize the ground.
Ezekyèl 22:25
Verse 25
There is a conspiracy - The false prophets have united together to say and support the same things; and have been the cause of the destruction of souls, and the death of many, so that widows, through their means, are multiplied in thee.
Ezekyèl 22:26
Verse 26
Her priests - Even they whose lips should preserve knowledge, have not instructed the people: they have violated my law, not only in their private conduct, but in their careless and corrupt manner of serving in my temple.
Ezekyèl 22:27
Verse 27
Her princes - Are as bad as her priests; they are rapacious, and grievously oppress the people by unjust impositions in order to increase their revenues.
Ezekyèl 22:28
Verse 28
Her prophets - Even those who profess themselves to be my prophets, have been unfaithful in the discharge of their office; have soothed the people in their sins, and pretended to have oracles of peace and safety when I had not spoken to them.
Ezekyèl 22:29
Verse 29
The people - All that have power or authority have abused it; vexed and oppressed the poor, the needy, and the stranger.
Ezekyèl 22:30
Verse 30
I sought for a man - I saw that there was a grievous breach made in the moral state and feeling of the people, and I sought for a man that would stand in the gap; that would faithfully exhort, reprove and counsel with all long-suffering and doctrine. But none was to be found!
Ezekyèl 22:31
Verse 31
Therefore - Because of the profligacies already mentioned; because of the false worship so generally practiced; because of the false prophets tolerated; because of the unholy and profane priesthood; because of the oppressive princes; because of the unfaithful and deceiving prophets; because of the oppressions of petty officers; and because of the total corruption of manners in all ranks, places, offices, etc.: -
Have I poured out mine indignation - consumed them with the fire of my wrath - Considering the above, has there not been sufficient reason why I should abandon such a people, and pour out upon them such a destructive storm of calamities?
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
