Kòmanse

Estè 9

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, rive. Se te jou pou yo te fè sa wa a te bay lòd fè a. Se te jou moun ki pa t' vle wè jwif yo t'ap tann pou yo te kraze yo. Men, sa ki pou te rive jou sa a, se pa sa ki rive. Se jwif yo ki kraze moun ki te rayi yo. 2 Nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, jwif yo reyini nan katye yo nan chak lavil. Yo òganize yo pou yo atake tout moun ki te vle fè yo mal. Pèsonn pa t' ka kenbe tèt ak yo. Tout moun te pè yo. 3 Sa ki pi rèd, tout gouvènè yo, tout prefè yo ak tout anplwaye leta yo nan tout pwovens yo te pran pou jwif yo, paske yo te pè Madoche anpil. 4 Nan tout peyi a, tout moun te konnen jan Madoche te yon grannèg nan palè wa a, chak jou li te vin gen plis pouvwa. 5 Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo. 6 Nan lavil Souz, kapital la menm, yo touye, yo masakre senksan (0500) moun. 7 Nan moun yo touye yo te gen dis pitit gason Aman yo: Pachandat, Dalfon, Aspata, 8 Porata, Adalya, Aridata, 9 Pamachta, Arisayi, Aridayi ak Vayzata. 10 Se te pitit gason Aman yo, pitit pitit Amedata a, moun ki pa t' vle wè jwif yo. Men, jwif yo pa t' pran anyen lakay moun yo. 11 Jou sa a, yo fè wa a konnen jwif yo te touye senksan (0500) moun nan lavil Souz, kapital la. 12 Wa a di larenn Estè konsa: -Nan lavil Souz ase, jwif yo touye senksan (0500) moun. Nan moun sa yo te gen dis pitit gason Aman yo. Nou pa bezwen mande sa yo fè nan pwovens yo. Kisa ou vle koulye a? M'ap ba ou li. Di m' kisa ou vle m' fè, m'ap fè l'. 13 Estè reponn li: -Si sa fè monwa plezi, li ta bay jwif ki nan lavil Souz yo otorizasyon pou denmen yo fè menm jan yo te fè jòdi a. Lèfini, pou yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik. 14 Wa a bay lòd pou yo fè sa vre. Yo fè piblikasyon nan tout lavil Souz, epi yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik. 15 Nan katòzyèm jou moun Ada a, jwif lavil Souz yo reyini ankò epi yo touye twasan (0300) moun nan lavil la. Men, lè sa a tou, yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo. 16 Nan pwovens yo menm, jwif yo te òganize yo pou defann tèt yo. Yo fè lènmi yo ba yo lapè, yo touye swasannkenzmil (075.000) moun ki pa t' vle wè yo. Men, yo menm tou yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo. 17 Tou sa pase nan trèzyèm jou mwa Ada a. Nan denmen, ki vle di nan katòzyèm jou mwa a, jwif nan pwovens yo pa t' touye yon moun ankò. Se te jou yo t'ap fè fèt, jou yo t'ap pran plezi yo. 18 Men, jwif lavil Souz yo te pran de jou, trèzyèm jou ak katòzyèm jou nan mwa Ada a, pou yo te touye lènmi yo. Nan kenzyèm jou mwa a, yo pa t' touye yon moun ankò. Se jou sa a yo te fè fèt, se jou sa a yo t'ap pran plezi yo. 19 Se poutèt sa, jwif k'ap viv nan ti bouk yo, ki gaye nan tout pwovens yo, pran katòzyèm jou mwa Ada a pou yon jou fèt, jou pou fè kè yo kontan, jou pou yo pa travay. Se jou sa a yonn voye kado bay lòt. 20 Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen. 21 Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne. 22 Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou. 23 Se konsa, jwif yo pran abitid mete jou sa yo apa, jan yo te konmanse fè l' la, dapre sa Madoche te ekri yo. 24 Aman, pitit gason Amedata, moun laras Agag, moun ki pa t' vle wè jwif yo, te fè lide disparèt yo. Li te mande yon divinò fè l' konnen ki jou ki ta pi bon pou detwi yo, pou masakre yo. 25 Men, lè Estè al di wa a sa, wa a bay yon lòt lòd. Se konsa malè Aman t'ap pare pou jwif yo, se sou pwòp tèt li li tonbe. Yo pann ni li ni pitit gason l' yo byen wo sou plas piblik. 26 Se poutèt sa yo rele jou fèt sa yo: Pourim, dapre yon mo ansyen ki vle di: chans. Konsa, dapre sa ki te nan lèt Madoche te voye ba yo a, lèfini poutèt sa yo te wè ki te rive yo, 27 jwif yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l' la. 28 Yo bay lòd pou tout jwif yo, nan tout branch fanmi, nan tout lavil, nan tout peyi toujou chonje jou sa yo pou yo fè gwo fèt lè sa a, depi sa ki la koulye a jouk ras la va kaba. Se pou jwif yo make jou chans sa yo, pou yo pa janm bliye yo, lèfini pou pitit pitit yo ka toujou chonje jou sa yo. 29 Apre sa, larenn Estè, pitit fi Abikayil la, mete tèt ansanm ak Madoche, li ekri yon lèt pou di jan li dakò. Se konsa, li bay premye lèt Madoche te ekri sou jou chans sa yo plis fòs toujou. 30 Yo voye lèt la bay tout jwif nan sanvennsèt (0127) pwovens peyi wa Asyeris la. Lèt la te mande pou jwif yo te viv ak kè poze san fè kont. 31 Lèfini, li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo. 32 Yo pran lèt larenn Estè te ekri pou bay regleman jou chans sa yo plis fòs la, yo ekri l' nan liv la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Estè 9:1-2

Introduction

On the thirteenth of the month Adar the Jews destroy their enemies, and the governors of the provinces assist them, Est 9:1-5. They slay five hundred in Shushan, and kill the ten sons of Haman, but take no spoil, Est 9:6-10. The king is informed of the slaughter in Shushan, Est 9:11. He desires to know what Esther requests farther; who begs that the Jews may be permitted to act on the following day as they had done on the preceding, and that Haman's sons may be hanged upon the gallows; which is granted; and they slay three hundred more in Shushan, and in the other provinces seventy-five thousand, Est 9:12-16. A recapitulation of what was done; and of the appointment of the feast of Purim to be observed through all their generations every year, Est 9:17-28. Esther writes to confirm this appointment, Est 9:29-32.

Verse 1

Now in the twelfth month - What a number of providences, and none of them apparently of an extraordinary nature, concurred to preserve a people so signally, and to all human appearance so inevitably, doomed to destruction! None are ever too low for God to lift up, or too high for God to cast down. Must not these heathens have observed that the uncontrollable hand of an Almighty Being had worked in behalf of the Jews? And must not this have had a powerful tendency to discredit the idolatry of the country?

Estè 9:3-5

Verse 3

And all the rulers of the provinces - Mordecai being raised to the highest confidence of the king, and to have authority over the whole realm, these officers assisted the Jews, no doubt, with the troops under their command, to overthrow those who availed themselves of the former decree to molest the Jews. For it does not appear that the Jews slew any person who did not rise up to destroy them. See Est 9:5.

Estè 9:6-9

Verse 6

And in Shushan - It is strange that in this city, where the king's mind must have been so well known, there should be found five hundred persons to rise up in hostility against those whom they knew the king befriended!

Estè 9:10-12

Verse 10

The ten sons of Haman - Their names are given above. And it is remarked here, and in Est 9:16, where the account is given of the number slain in the provinces, that the Jews laid no hands on the spoil. They stood for their lives, and gave full proof that they sought their own personal safety, and not the property of their enemies, though the decree in their favor gave them authority to take the property of all those who were their adversaries, Est 8:11.

Estè 9:13-14

Verse 13

Let Haman's ten sons be hanged - They had been slain the preceding day, and now she requests that they may be exposed on posts or gibbets, as a terror to those who sought the destruction of the Jews.

Estè 9:15-17

Verse 15

And slew three hundred men - Esther had probably been informed by Mordecai that there were still many enemies of the Jews who sought their destruction, who had escaped the preceding day; and, therefore, begs that this second day be added to the former permission. This being accordingly granted, they found three hundred more, in all eight hundred. And thus Susa was purged of all their enemies.

Estè 9:18

Verse 18

The Jews - assembled - on the thirteenth - and on the fourteenth - These two days they were employed in slaying their enemies; and they rested on the fifteenth.

Estè 9:19

Verse 19

The Jews of the villages - They joined that to the preceding day, and made it a day of festivity, and of sending portions to each other; that is, the rich sent portions of the sacrifices slain on this occasion to the poor, that they also might be enabled to make the day a day of festivity; that as the sorrow was general, so also might the joy be.

It is worthy of remark that the ancient Itala or Ante-hieronymian version of this book omits the whole of these nineteen verses. Query, Were they originally in this book?

Estè 9:20-22

Verse 20

Mordecai wrote these things - It has been supposed that thus far that part of the book of Esther, which was written by Mordecai extends: what follows to the end, was probably added either by Ezra, or the men of the Great Synagogue; though what is said here may refer only to the letters sent by Mordecai to the Jews of the provinces. From this to the end of the chapter is nothing else than a recapitulation of the chief heads of the preceding history, and an account of the appointment of an annual feast, called the feast of Purim, in commemoration of their providential deliverance from the malice of Haman.

Estè 9:23-25

Verse 23

The Jews undertook to do as they had begun - They had already kept the fifteenth day, and some of them in the country the fourteenth also, as a day of rejoicing: Mordecai wrote to them to bind themselves and their successors, and all their proselytes, to celebrate this as an annual feast throughout all their generations; and this they undertook to do. And it has been observed among them, in all places of their dispersion, from that day to the present time, without any interruption.

Estè 9:26-28

Verse 26

They called these days Purim - That is from pari, the lot; because, as we have seen, Haman cast lots to find what month, and what day of the month, would be the most favorable for the accomplishment of his bloody designs against the Jews. See on Est 3:7 (note).

And of that which they had seen - The first letter to which this second refers, must be that sent by Mordecai himself. See Est 9:20.

Estè 9:29-30

Verse 29

Esther - wrote with all authority - Esther and Mordecai had the king's license so to do: and their own authority was great and extensive.

Estè 9:31

Verse 31

As they had decreed for themselves and for their seed - There is no mention of their receiving the approbation of any high priest, nor of any authority beyond that of Mordecai and Esther; the king could not join in such a business, as he had nothing to do with the Jewish religion, that not being the religion of the country.

Estè 9:32

Verse 32

The decree of Esther confirmed these matters - It was received by the Jews universally with all respect, and they bound themselves to abide by it.

The Vulgate gives a strange turn to this verse: Et omnia quae libri hujus, qui vocatur Esther, historia continentur; "And all things which are contained in the history of this book, which is called Esther."

The Targum says, And by the word of Esther all these things relative to Purim were confirmed; and the roll was transcribed in this book. The Syriac is the same as the Hebrew, and the Septuagint in this place not very different.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.