Deteronòm 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè. 2 Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. 3 Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a. 4 Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas. 5 Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di: 6 Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 7 Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. 8 Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. 9 Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. 10 Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon. 11 Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi. 12 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la. 13 N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. 14 Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. 15 N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a. 16 Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou. 17 Piga nou janm touye moun. 18 Piga nou janm fè adiltè. 19 Piga nou janm pran sa ki pa pou nou. 20 Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. 21 Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou. 22 Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo. 23 Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo. 24 Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa. 25 Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò? 26 Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an? 27 Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l' di nou fè. 28 Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon. 29 Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo. 30 Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo. 31 Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a. 32 Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch. 33 N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 5:1-2
Introduction
God's covenant with the people in Horeb, Deu 5:1-4. Moses the mediator of it, Deu 5:5. A repetition of the ten commandments, vv. 6-21; which God wrote on two tables of stone, Deu 5:22. The people are filled with dread at the terrible majesty of God, Deu 5:23-26; and beseech Moses to be their mediator, Deu 5:27. The Lord admits of their request, Deu 5:28; and deplores their ungodliness, Deu 5:29. They are exhorted to obedience, that they may be preserved in the possession of the promised land, Deu 5:30-33.
Verse 1
And Moses called all Israel, and said - Hear, etc. -
1. God speaks to the people.
2. The people are called to hear what God speaks.
3. To learn what they heard, that they may be thoroughly instructed in the will of God.
4. To keep God's testimonies ever in mind, and to treasure them up in a believing and upright heart.
5. That they might do them - obey the whole will of God, taking his word for the invariable rule of their conduct. Should not all these points be kept in view by every Christian assembly?
Deteronòm 5:3-5
Verse 3
The Lord made not this covenant with our fathers (only) but with us (also).
Deteronòm 5:6-14
Verse 6
I am the Lord thy God - See these commandments explained in the notes on Exodus 20 (note).
Deteronòm 5:15-20
Verse 15
And remember that thou wast a servant - In this and the latter clause of the preceding verse Moses adds another reason why one day in seven should be sanctified, viz., that the servants might rest, and this is urged upon them on the consideration of their having been servants in the land of Egypt. We see therefore that God had three grand ends in view by appointing a Sabbath.
1. To commemorate the creation.
2. To give a due proportion of rest to man and beast. When in Egypt they had no rest; their cruel task-masters caused them to labor without intermission; now God had given rest, and as he had showed them mercy, he teaches them to show mercy to their servants: Remember that thou wast a servant.
3. To afford peculiar spiritual advantages to the soul, that it might be kept in remembrance of the rest which remains at the right hand of God.
Therefore the Lord thy God commanded thee to keep the Sabbath day - Here is a variation in the manner of expression, Sabbath day for seventh, owing, it is supposed, to a change of the day at the exodus from Sunday to Saturday, effected upon the gathering of the manna, Exo 16:23. The Sabbath now became a twofold memorial of the deliverance, as well as of the creation; and this accounts for the new reason assigned for its observance: "Therefore the Lord thy God commanded thee to keep the Sabbath day." See Dr. A. Bayley's Hebr. and Eng. Bible, and see the note on Exo 16:23.
Deteronòm 5:21-22
Verse 21
His field - This clause is not in the tenth commandment as it stands in Exo 20:17.
Deteronòm 5:23-28
Verse 23
And it came to pass, when ye heard the voice - See the notes on Exo 20:18, etc.
Deteronòm 5:29-31
Verse 29
O that there were such a heart in them - Or rather, מי יתן והיה לבבם זה mi yitten vehayah lebabam zeh, Who will give such a heart to them, that they may fear, etc. They refuse to receive such a heart from me; who then can supply it? If they had not been such perfectly free agents as could either use or abuse their liberty, could God have made the complaint or expressed the earnest desire we find in this verse? He made the human will free; and in spite of all the influence of sin and Satan, he preserves its liberty. Had man no free will, he could neither be punished nor rewarded, because a mere machine, and consequently no more accountable for his actions than the fire for its consuming quality, or the stone for its gravity; the one having burned the house of the righteous, the other having crushed the innocent to death. See the note on Deu 29:4.
Deteronòm 5:32
Verse 32
Ye shall observe to do - He who marks not the word of God is never likely to fulfill the will of God.
Ye shall not turn aside to the right hand or to the left - The way of truth and righteousness is a right line; a man must walk straight forward who wishes to go to glory; no crooked or devious path ever led to God or happiness.
Deteronòm 5:33
Verse 33
Ye shall walk in all the ways, etc. - God never gave a commandment to man which he did not design that he should obey. He who selects from the Divine testimonies such precepts as he feels but little inclination to transgress, and lives in the breach of others, sins against the grand legislative authority of God, and shall be treated as a rebel.
That ye may live - תחיון ticheyun, that ye may enjoy life, (for the paragogic nun, at the end of the word, deepens the sense), that it may be well with you ותוב לכם vetob lachem, and good shall be to you - God will prosper you in all things essential to the welfare of your bodies, and the salvation of your souls.
That ye may prolong your days in the land - That ye may arrive at a good old age, and grow more and more meet for the inheritance among the saints in light.
On this very important verse we may remark, a long life is a great blessing, if a man live to God, because it is in life, and in life alone, that a preparation for eternal glory may be acquired. Those who wish to die soon, have never yet learned to live, and know not the value of life or time. Many have a vain hope that they shall get either in death, or in the other world, a preparation for glory. This is a fatal error. Here, alone, we may acquaint ourselves with God, and receive that holiness without which none can see him. Reader, be thankful to him that thou art still in a state of probation; and pray that thou mayest live for eternity.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
