2 Samyèl 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li. 2 David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon, 3 chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou. 4 Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen. 5 Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò. 6 Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo. 7 David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo. 8 Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki soti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan. 9 Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. 10 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. 11 Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. 12 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm. 13 Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. 14 Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm. 15 Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo ankò, yo sanble dènye sòlda yo te genyen. 16 Adadezè voye yon mesaj bay moun Aram ki rete lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou li. Yo reyini lavil Elam. Se Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo. 17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li rive Elam. Moun Aram yo pran pozisyon devan li. Epi batay la konmanse. 18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an. 19 Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 10:2
2Sa 10:1-5. David's Messengers, Sent to Comfort Hanun, Are Disgracefully Treated.
2. Then said David, I will show kindness unto Hanun the son of Nahash, as his father showed kindness unto me--It is probable that this was the Nahash against whom Saul waged war at Jabesh-gilead (1Sa 11:11). David, on leaving Gath, where his life was exposed to danger, found an asylum with the king of Moab; and as Nahash, king of the Ammonites, was his nearest neighbor, it may be that during the feud between Saul and David, he, through enmity to the former, was kind and hospitable to David.
2 Samyèl 10:3
3. the princes of the children of Ammon said unto Hanun--Their suspicion was not warranted either by any overt act or by any cherished design of David: it must have originated in their knowledge of the denunciations of God's law against them (De 23:3-6), and of David's policy in steadfastly adhering to it.
2 Samyèl 10:4
4. Hanun took David's servants, and shaved off the one half of their beards--From the long flowing dress of the Hebrews and other Orientals, the curtailment of their garments must have given them an aspect of gross indelicacy and ludicrousness. Besides, a knowledge of the extraordinary respect and value which has always been attached, and the gross insult that is implied in any indignity offered, to the beard in the East, will account for the shame which the deputies felt, and the determined spirit of revenge which burst out in all Israel on learning the outrage. Two instances are related in the modern history of Persia, of similar insults by kings of haughty and imperious temper, involving the nation in war; and we need not, therefore, be surprised that David vowed revenge for this wanton and public outrage.
2 Samyèl 10:5
5. Tarry at Jericho--or in the neighborhood, after crossing the fords of the Jordan.
2Sa 10:6-14. The Ammonites Overcome.
2 Samyèl 10:6-14
6-14. when the children of Ammon saw that they stank before David--To chastise those insolent and inhospitable Ammonites, who had violated the common law of nations, David sent a large army under the command of Joab, while they, informed of the impending attack, made energetic preparations to repel it by engaging the services of an immense number of Syrian mercenaries.
Beth-rehob--the capital of the low-lying region between Lebanon and Anti-Lebanon.
Zoba--(see on 2Sa 8:3).
of king Maacah--His territories lay on the other side of Jordan, near Gilead (De 3:14).
Ish-tob--that is, "the men of Tob"--the place of Jephthah's marauding adventures (see also 1Ch 19:6; Psa 60:1, title). As the Israelite soldiers poured into the Ammonite territory, that people met them at the frontier town of Medeba (1Ch 19:7-9), the native troops covering the city, while the Syrian mercenaries lay at some distance encamped in the fields. In making the attack, Joab divided his forces into two separate detachments--the one of which, under the command of his brother, Abishai, was to concentrate its attack upon the city, while he himself marched against the overwhelming host of mercenary auxiliaries. It was a just and necessary war that had been forced on Israel, and they could hope for the blessing of God upon their arms. With great judgment the battle opened against the mercenaries, who could not stand against the furious onset of Joab, and not feeling the cause their own, consulted their safety by flight. The Ammonites, who had placed their chief dependence upon a foreign aid, then retreated to entrench themselves within the walls of the town.
2 Samyèl 10:16
16. Hadarezer sent and brought out the Syrians that were beyond the river--This prince had enjoyed a breathing time after his defeat (2Sa 8:3). But alarmed at the increasing power and greatness of David, as well as being an ally of the Ammonites, he levied a vast army not only in Syria, but in Mesopotamia, to invade the Hebrew kingdom. Shobach, his general, in pursuance of this design, had marched his troops as far as Kelam, a border town of eastern Manasseh, when David, crossing the Jordan by forced marches, suddenly surprised, defeated, and dispersed them. As a result of this great and decisive victory, all the petty kingdoms of Syria submitted and became his tributaries (see on 1Ch 19:1).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
