2 Wa 4

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan. 2 Elize mande l': —Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: —Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil. 3 Lè sa a Elize di li: —Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn. 4 Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote. 5 Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. 6 Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. —Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule. 7 Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: —Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo. 8 Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje. 9 Yon lè, madanm lan di mari l': —Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye. 10 Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N'a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l'. Konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l' ka pou kont li. 11 Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche. 12 Li di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive, 13 Elize di Gerazi konsa: —Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: —Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la. 14 Elize mande Gerazi: —Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: —Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun! 15 Elize di: —Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la. 16 Elize di li: —Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: —Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti. 17 Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason. 18 Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an t al jwenn papa l' ki t'ap ranmase rekòt nan jaden l' ak kèk lòt moun, 19 li rete konsa, li di papa l': —Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: —Pote ti gason an bay manman l'. 20 Domestik la pran ti gason an, li pote l' bay manman l'. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri. 21 Manman an moute avè l' nan chanm Elize a. Li mete l' kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li soti. 22 Li fè rele mari li, li di l' konsa: —Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize. 23 Mari a mande l': —Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: —Sa pa fè anyen! 24 Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: —Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete. 25 Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: —Men madanm lavil Choumèn lan ap vini. 26 Kouri al jwenn li. Mande l' si tout moun lakay li byen, li menm, mari l' ak pitit li a. Madanm lan di Gerazi tout moun byen. 27 Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: —Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa. 28 Lè sa a madanm lan di: —Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa? 29 Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: —Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la. 30 Men manman ti gason an di Elize konsa: —Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'. 31 Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': —Ti gason an pa leve. 32 Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. 33 Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a. 34 Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l' sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho. 35 Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'. 36 Elize rele Gerazi, li di l': —Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': —Men pitit gason ou lan. 37 Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale. 38 Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo. 39 Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye. 40 Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: —Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje. 41 Men Elize di: —Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: —Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a. 42 Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje. 43 Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès. 44 Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l' la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 4:1

2Ki 4:1-7. Elisha Augments the Widow's Oil.

1. there cried a certain woman of the wives of the sons of the prophets--They were allowed to marry as well as the priests and Levites. Her husband, not enjoying the lucrative profits of business, had nothing but a professional income, which, in that irreligious age, would be precarious and very scanty, so that he was not in a condition to provide for his family.

the creditor is come to take unto him my two sons to be bondmen--By the enactment of the law, a creditor was entitled to claim the person and children of the insolvent debtor, and compel them to serve him as bondmen till the year of jubilee should set them free.

2 Wa 4:2-4

2-4. a pot--or cruet of oil. This comprising her whole stock of domestic utensils, he directs her to borrow empty vessels not a few; then, secluding herself with her children, [the widow] was to pour oil from her cruse into the borrowed vessels, and, selling the oil, discharge the debt, and then maintain herself and family with the remainder.

2 Wa 4:6

6. the oil stayed--that is, ceased to multiply; the benevolent object for which the miracle had been wrought having been accomplished.

2Ki 4:8-17. Promises a Son to the Shunammite.

2 Wa 4:8

8. Elisha passed to Shunem--now Sulam, in the plain of Esdraelon, at the southwestern base of Little Hermon. The prophet, in his journey, was often entertained here by one of its pious and opulent inhabitants.

2 Wa 4:10

10. Let us make a little chamber--not build, but prepare it. She meant a room in the oleah, the porch, or gateway (2Sa 18:33; 1Ki 17:19), attached to the front of the house, leading into the court and inner apartments. The front of the house, excepting the door, is a dead wall, and hence this room is called a chamber in the wall. It is usually appropriated to the use of strangers, or lodgers for a night, and, from its seclusion, convenient for study or retirement.

2 Wa 4:13-16

13-16. what is to be done for thee?--Wishing to testify his gratitude for the hospitable attentions of this family, he announced to her the birth of a son "about this time next year." The interest and importance of such an intelligence can only be estimated by considering that Oriental women, and Jewish in particular, connect ideas of disgrace with barrenness, and cherish a more ardent desire for children than women in any other part of the world (Ge 18:10-15).

2Ki 4:18-37. Raises Her Dead Son.

2 Wa 4:19

19. My head, my head!--The cries of the boy, the part affected, and the season of the year, make it probable that he had been overtaken by a stroke of the sun. Pain, stupor, and inflammatory fever are the symptoms of the disease, which is often fatal.

2 Wa 4:22

22. she called unto her husband--Her heroic concealment of the death from her husband is not the least interesting feature of the story.

2 Wa 4:24

24. Drive, and go forward--It is usual for women to ride on asses, accompanied by a servant, who walks behind and drives the beast with his stick, goading the animal at the speed required by his mistress. The Shunammite had to ride a journey of five or six hours to the top of Carmel.

2 Wa 4:26-28

26-28. And she answered, It is well--Her answer was purposely brief and vague to Gehazi, for she reserved a full disclosure of her loss for the ear of the prophet himself. She had met Gehazi at the foot of the hill, and she stopped not in her ascent till she had disburdened her heavy-laden spirit at Elisha's feet. The violent paroxysm of grief into which she fell on approaching him, appeared to Gehazi an act of disrespect to his master; he was preparing to remove her when the prophet's observant eye perceived that she was overwhelmed with some unknown cause of distress. How great is a mother's love! how wondrous are the works of Providence! The Shunammite had not sought a son from the prophet--her child was, in every respect, the free gift of God. Was she then allowed to rejoice in the possession for a little, only to be pierced with sorrow by seeing the corpse of the cherished boy? Perish, doubt and unbelief! This event happened that "the works of God should be made manifest" in His prophet, "and for the glory of God."

2 Wa 4:29-31

29-31. take my staff ... and lay ... upon the face of the child--The staff was probably an official rod of a certain form and size. Necromancers used to send their staff with orders to the messengers to let it come in contact with nothing by the way that might dissipate or destroy the virtue imparted to it. Some have thought that Elisha himself entertained similar ideas, and was under an impression that the actual application of his staff would serve as well as the touch of his hand. But this is an imputation dishonorable to the character of the prophet. He wished to teach the Shunammite, who obviously placed too great dependence upon him, a memorable lesson to look to God. By sending his servant forward to lay his staff on the child, he raised [the Shunammite's] expectations, but, at the same time, taught her that his own help was unavailing--"there was neither voice, nor hearing." The command, to salute no man by the way, showed the urgency of the mission, not simply as requiring the avoidance of the tedious and unnecessary greetings so common in the East (Lu 10:1), but the exercise of faith and prayer. The act of Gehazi was allowed to fail, in order to free the Shunammite, and the people of Israel at large, of the superstitious notion of supposing a miraculous virtue resided in any person, or in any rod, and to prove that it was only through earnest prayer and faith in the power of God and for His glory that this and every miracle was to be performed.

2 Wa 4:34

34. lay upon the child, &c.--(see 1Ki 17:21; Ac 20:10). Although this contact with a dead body would communicate ceremonial uncleanness, yet, in performing the great moral duties of piety and benevolence, positive laws were sometimes dispensed with, particularly by the prophets.

2 Wa 4:35

35. the child sneezed seven times, and the child opened his eyes--These were the first acts of restored respiration, and they are described as successive steps. Miracles were for the most part performed instantaneously; but sometimes, also, they were advanced progressively towards completion (1Ki 18:44, 45; Mr 8:24, 25).

2Ki 4:38-41. Purifies Deadly Pottage.

2 Wa 4:38

38. there was a dearth in the land--(see on 2Ki 8:1).

the sons of the prophets were sitting before him--When receiving instruction, the scholars sat under their masters. This refers to their being domiciled under the same roof (compare 2Ki 6:1).

Set on the great pot--As it is most likely that the Jewish would resemble the Egyptian "great pot," it is seen by the monumental paintings to have been a large goblet, with two long legs, which stood over the fire on the floor. The seethed pottage consisted of meat cut into small pieces, mixed with rice or meal and vegetables.

2 Wa 4:39

39. went out into the field to gather herbs--Wild herbs are very extensively used by the people in the East, even by those who possess their own vegetable gardens. The fields are daily searched for mallow, asparagus, and other wild plants.

wild vine--literally, "the vine of the field," supposed to be the colocynth, a cucumber, which, in its leaves, tendrils, and fruit, bears a strong resemblance to the wild vine. The "gourds," or fruit, are of the color and size of an orange bitter to the taste, causing colic, and exciting the nerves, eaten freely they would occasion such a derangement of the stomach and bowels as to be followed by death. The meal which Elisha poured into the pot was a symbolic sign that the noxious quality of the herbs was removed.

lap full--The hyke, or large cloak, is thrown loosely over the left shoulder and fastened under the right arm, so as to form a lap or apron.

2Ki 4:42-44. Satisfies a Hundred Men with Twenty Loaves.

2 Wa 4:43

43. They shall eat, and shall leave thereof--This was not a miracle of Elisha, but only a prediction of one by the word of the Lord. Thus it differed widely from those of Christ (Mt 15:37; Mr 8:8; Lu 9:17; Joh 6:12).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.