1 Wa 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l' byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou. 2 Lè sa a, moun pa l' yo di l': -Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou. 3 Yo mete chache yon bèl jenn fi nan tout peyi Izrayèl la. Yo jwenn yon jenn fi nan ti bouk Chounam lan. Li te rele Abichag. Yo mennen l' bay wa a. 4 Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l'. Men, wa a pa janm kouche avè l'. 5 Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'. 6 Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou. 7 Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l'. 8 Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija. 9 Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'. 10 Men, li pa t' envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l' la. 11 Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen. 12 Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan. 13 Ou prale jwenn wa a, w'ap di l' konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m' sèman se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a? 14 Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou. 15 Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t'ap pran swen li. 16 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l': -Kisa ou vle? 17 Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou. 18 Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa. 19 Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan. 20 Koulye a, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fotèy la apre ou. 21 Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je. 22 Batcheba pa t' ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a. 23 Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a. 24 Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou? 25 Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija! 26 Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan. 27 Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k'ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fotèy la nan plas ou? 28 Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a. 29 Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo. 30 Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen. 31 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen! 32 Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a, 33 wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m' yo. Fè Salomon, pitit gason m' lan, moute sou milèt pa m' lan. Nou tout va desann avè l' bò sous Giyon an. 34 Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon! 35 Lèfini, n'a pran mache dèyè l', n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. 36 Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou! 37 Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen. 38 Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an. 39 Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon! 40 Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo. 41 Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la? 42 Li pa t' ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l' konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote! 43 Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa. 44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a. 45 Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a. 46 Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a. 47 Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye. 48 Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri. 49 Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y' al fè wout yo, chak moun bò pa yo. 50 Adonija menm bò pa l' te sitèlman pè pou Salomon pa touye l', li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la. 51 Y' al di wa Salomon: -Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l', l' al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l' sèman jòdi a menm li p'ap fè yo touye l'. 52 Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t' dwe fè, l'ap mouri. 53 Salomon voye chache Adonija soti bò lotèl la. Yo fè l' desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l' konsa: -Ou mèt al lakay ou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 1:1-2

THE FIRST BOOK OF THE KINGS, COMMONLY CALLED THE THIRD BOOK OF THE KINGS.

Commentary by Robert Jamieson

1Ki 1:1-4. Abishag Cherishes David in His Extreme Age.

1-2. Now king David was old--He was in the seventieth year of his age (2Sa 5:4, 5). But the wear and tear of a military life, bodily fatigue, and mental care, had prematurely, if we may say it, exhausted the energies of David's strong constitution (1Sa 16:12). In modern Palestine and Egypt the people, owing to the heat of the climate, sleep each in a "separate" bed. They only depart from this practice for medical reasons (Ec 4:11). The expedient recommended by David's physicians is the regimen still prescribed in similar cases in the East, particularly among the Arab population, not simply to give heat, but "to cherish," as they are aware that the inhalation of young breath will give new life and vigor to the worn-out frame. The fact of the health of the young and healthier person being, as it were, stolen to support that of the more aged and sickly is well established among the medical faculty. And hence the prescription for the aged king was made in a hygienic point of view for the prolongation of his valuable life, and not merely for the comfort to be derived from the natural warmth imparted to his withered frame [Porter, Tent and Khan]. The polygamy of the age and country may account for the introduction of this practice; and it is evident that Abishag was made a concubine or secondary wife to David (see on 1Ki 2:22).

1 Wa 1:3

3. a Shunammite--Shunem, in the tribe of Issachar (Jos 19:18), lay on an eminence in the plain of Esdraelon, five miles south of Tabor. It is now called Sulam.

1Ki 1:5-31. Adonijah Usurps the Kingdom.

1 Wa 1:5-6

5-6. Then Adonijah the son of Haggith exalted himself--Nothing is said as to the origin or rank of Haggith, so that it is probable she was not distinguished by family descent. Adonijah, though David's fourth son (2Sa 3:4; 1Ch 3:2), was now the oldest alive; and his personal attractions and manners (1Sa 9:2) not only recommended him to the leading men about court, but made him the favorite of his father, who, though seeing him assume an equipage becoming only the heir-presumptive to the throne (2Sa 15:1), said nothing; and his silence was considered by many, as well as by Adonijah, to be equivalent to an expression of consent. The sinking health of the king prompted him to take a decisive step in furtherance of his ambitious designs.

1 Wa 1:7

7. he conferred with Joab--The anxiety of Adonijah to secure the influence of a leader so bold, enterprising, and popular with the army was natural, and the accession of the hoary commander is easily accounted for from his recent grudge at the king (see on 2Sa 19:13).

and with Abiathar the priest--His influence was as great over the priests and Levites--a powerful body in the kingdom--as that of Joab over the troops. It might be that both of them thought the crown belonged to Adonijah by right of primogeniture, from his mature age and the general expectations of the people (1Ki 2:15).

1 Wa 1:8

8. But Zadok the priest--He had been high priest in the tabernacle at Gibeon under Saul (1Ch 16:39). David, on his accession, had conjoined him and Abiathar equal in the exercise of their high functions (2Sa 8:17; 15:24, 29, 35). But it is extremely probable that some cause of jealousy or discord between them had arisen, and hence each lent his countenance and support to opposite parties.

Benaiah--Distinguished for his bravery (1Sa 23:20), he had been appointed captain of the king's bodyguard (2Sa 8:18; 20:23; 1Ch 18:17), and was regarded by Joab as a rival.

Nathan the prophet--He was held in high estimation by David, and stood on the most intimate relations with the royal family (2Sa 12:25).

Shimei--probably the person of this name who was afterwards enrolled among Solomon's great officers (1Ki 4:18).

Rei--supposed to be the same as Ira (2Sa 20:26).

and the mighty men--the select band of worthies.

1 Wa 1:9-10

9-10. En-rogel--situated (Jos 15:7-10) east of Jerusalem, in a level place, just below the junction of the valley of Hinnom with that of Jehoshaphat. It is a very deep well, measuring one hundred twenty-five feet in depth; the water is sweet, but not very cold, and it is at times quite full to overflowing. The Orientals are fond of enjoying festive repasts in the open air at places which command the advantage of shade, water, and verdure; and those fetes champetres are not cold collations, but magnificent entertainments, the animals being killed and dressed on the spot. Adonijah's feast at En-rogel was one of this Oriental description, and it was on a large scale (2Sa 3:4, 5; 5:14-16; 1Ch 14:1-7). At the accession of a new king there were sacrifices offered (1Sa 11:15). But on such an occasion it was no less customary to entertain the grandees of the kingdom and even the populace in a public manner (1Ch 12:23-40). There is the strongest probability that Adonijah's feast was purely political, to court popularity and secure a party to support his claim to the crown.

1 Wa 1:11-27

11-27. Nathan spake unto Bath-sheba ... let me ... give thee counsel, &c.--The revolt was defeated by this prophet, who, knowing the Lord's will (2Sa 7:12; 1Ch 22:9), felt himself bound, in accordance with his character and office, to take the lead in seeing it executed. Hitherto the succession of the Hebrew monarchy had not been settled. The Lord had reserved to Himself the right of nomination (De 17:15), which was acted upon in the appointments both of Saul and David; and in the case of the latter the rule was so far modified that his posterity were guaranteed the perpetual possession of the sovereignty (2Sa 7:12). This divine purpose was known throughout the kingdom; but no intimation had been made as to whether the right of inheritance was to belong to the oldest son. Adonijah, in common with the people generally, expected that this natural arrangement should be followed in the Hebrew kingdom as in all others. Nathan, who was aware of the old king's solemn promise to Solomon, and, moreover, that this promise was sanctioned by the divine will, saw that no time was to be lost. Fearing the effects of too sudden excitement in the king's feeble state, he arranged that Bath-sheba should go first to inform him of what was being transacted without the walls, and that he himself should follow to confirm her statement. The narrative here not only exhibits the vivid picture of a scene within the interior of a palace, but gives the impression that a great deal of Oriental state ceremonial had been established in the Hebrew court.

1 Wa 1:28-31

28-31. Then king David answered and said, Call me Bath-sheba--He renews to her the solemn pledge he had given, in terms of solemnity and impressiveness which show that the aged monarch had roused himself to the duty the emergency called for.

1Ki 1:32-49. Solomon, by David's Appointment, Is Anointed King.

1 Wa 1:33

33. cause Solomon my son to ride upon mine own mule--Directions were forthwith given for the immediate coronation of Solomon. A procession was to be formed by the "servants of their lord"--that is, the king's bodyguard. Mules were then used by all the princes (2Sa 13:29); but there was a state mule of which all subjects were forbidden, under pain of death, to make use, without special permission; so that its being granted to Solomon was a public declaration in his favor as the future king (see on Es 6:8, 9).

bring him down to Gihon--a pool or fountain on the west of Jerusalem (see on 2Ch 32:30), chosen as equally public for the counter proclamation.

1 Wa 1:34

34. anoint him--done only in the case of a new dynasty or disputed succession (see on 1Sa 16:13; 2Sa 2:1).

1 Wa 1:35

35. Then ye shall come up after him, that he may come and sit upon my throne--The public recognition of the successor to the throne, during the old king's lifetime, is accordant with the customs of the East.

1 Wa 1:39

39. an horn of oil out of the tabernacle--It was the sacred oil (Ex 30:25) with which the kings were anointed.

1 Wa 1:40

40. all the people came up after him--that is, from the valley to the citadel of Zion.

1 Wa 1:41-49

41-49. Adonijah and all the guests that were with him heard it as they had made an end of eating--The loud shouts raised by the populace at the joyous proclamation at Gihon, and echoed by assembled thousands, from Zion to En-rogel, were easily heard at that distance by Adonijah and his confederates. The arrival of a trusty messenger, who gave a full detail of the coronation ceremony [1Ki 1:43-48], spread dismay in their camp. The wicked and ambitious plot they had assembled to execute was dissipated, and every one of the conspirators consulted his safety by flight.

1Ki 1:50-53. Adonijah, Fleeing to the Horns of the Altar, Is Dismissed by Solomon.

1 Wa 1:50-53

50-53. Adonijah ... went, and caught hold on the horns of the altar--most probably the altar of burnt offering which had been erected on Mount Zion, where Abiathar, one of his partisans, presided as high priest. The horns or projections at the four corners of the altar, to which the sacrifices were bound, and which were tipped with the blood of the victim, were symbols of grace and salvation to the sinner. Hence the altar was regarded as a sanctuary (Ex 21:14), but not to murderers, rebels, or deliberate perpetrators. Adonijah, having acted in opposition to the will of the reigning king, was guilty of rebellion, and stood self-condemned. Solomon spared his life on the express condition of his good behavior--living in strict privacy, leading a quiet, peaceable life, and meddling with the affairs of neither the court nor the kingdom.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.