Nonb 32

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè tèren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt. 2 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo, 3 “Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon, 4 peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.” 5 Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.” 6 Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la? 7 Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a? 8 Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a. 9 Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a. 10 “Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di: 11 ‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt, 12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ 13 Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi. 14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël. 15 Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.” 16 Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo; 17 men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo. 18 Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo. 19 Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.” 20 Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a, 21 epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain an devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li, 22 epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a. 23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou. 24 Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.” 25 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a. 26 Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo; 27 pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.” 28 Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo. 29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon. 30 Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.” 31 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè. 32 Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.” 33 Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, tèritwa pa yo, vil a tèritwa ki te antoure yo. 34 Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër, 35 Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha, 36 Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton. 37 Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm, 38 Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo. 39 Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo. 40 Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann. 41 Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr. 42 Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Nonb 32:1-2

Introduction

The Reubenites and Gadites request Moses to give them their inheritance on this side of Jordan, Num 32:1-5. Moses expostulates with and reproves them, Num 32:6-15. They explain themselves, and propose conditions, with which Moses is satisfied - they are to build cities for their wives and children, and folds for their cattle, and go ever Jordan armed with the other tribes, and fight against their enemies till the land is subdued; after which they are to return, Num 32:16-27. Moses proposes the business to Eleazar, Joshua, and the elders, Num 32:28-30. The Gadites and Reubenites promise a faithful observance of the conditions, Num 32:31, Num 32:32; on which Moses assigns to them, and the half tribe of Manasseh, the kingdom of Sihon, king of the Amorites, and the kingdom of Og, king of Bashan, Num 32:33. The cities built by the Gadites, Num 32:34-36. The cities built by the Reubenites, Num 32:37, Num 32:38. The children of Machir, the son of Manasseh, expel the Amorites from Gilead, Num 32:39, which Moses grants to them, Num 32:40. Jair, the son of Manasseh, takes the small towns of Gilead, Num 32:41. And Nobah takes Kenath and its villages, Num 32:42.

Nonb 32:3-4

Verse 3

Ataroth, and Dibon, etc. - The places mentioned here belonged to Sihon, king of the Amorites, and Og, king of Bashan, which being conquered by the Israelites, constituted ever after a part of their territories, Num 32:33.

Nonb 32:5-11

Verse 5

Let this land be given unto thy servants - Because it was good for pasturage, and they had many flocks, Num 32:1.

Nonb 32:12-15

Verse 12

Caleb the son of Jephunneh the Kenezite - It was Jephunneh that was the Kenezite, and not Caleb. Kenaz was probably the father of Jephunneh.

Nonb 32:16

Verse 16

We will build - cities for our little ones - It was impossible for these, numerous as they might be, to build cities and fortify them for the defense of their families in their absence. Calmet supposes they meant no more than repairing the cities of the Amorites which they had lately taken; which work might have been very easily accomplished in the time which they spent on this side of Jordan, before they went over with their brethren, to put them in possession of the land.

Nonb 32:17-33

Verse 17

Because of the inhabitants of the land - These were the Ammonites, Moabites, Idumeans, and the remains of the Midianites and Amorites. But could the women and children even keep the defenced cities, when placed in them? This certainly cannot be supposed possible. Many of the men of war must of course stay behind. In the last census, Numbers 26, the tribe of Reuben consisted of 43,730 men; the tribe of Gad, 40,500; the tribe of Manasseh, 52,700; the half of which is 26,350. Add this to the sum of the other two tribes, and the amount is 110,580. Now from Jos 4:13 we learn that of the tribes of Reuben and Gad, and the half of the tribe of Manasseh, only 40,000 armed men passed over Jordan to assist their brethren in the reduction of the land: consequently the number of 70,580 men were left behind for the defense of the women, the children, and the flocks. This was more than sufficient to defend them against a people already panic struck by their late discomfitures and reverses.

Nonb 32:34-37

Verse 34

The children of Gad built - Aroer - This was situated on the river Arnon, Deu 2:36; 2Kgs 10:33. It was formerly inhabited by the Emim, a warlike and perhaps gigantic people. They were expelled by the Moabites; the Moabites by the Amorites; and the Amorites by the Israelites. The Gadites then possessed it till the captivity of their tribe, with that of Reuben and the half of the tribe of Manasseh, by the Assyrians, 2Kgs 15:29, after which the Moabites appear to have repossessed it, as they seem to have occupied it in the days of Jeremiah, Jer 48:15-20.

Nonb 32:38-40

Verse 38

And Nebo - their names being changed - That is, Those who conquered the cities called them after their own names. Thus the city Kenath, being conquered by Nobah, was called after his name, Num 32:42.

Nonb 32:41-42

Verse 41

Havoth-jair - That is, the villages or habitations of Jair; and thus they should have been translated. As these two tribes and a half were the first, says Ainsworth, who had their inheritance assigned to them in the promised land, so they were the first of all Israel that were carried captive out of their own land, because of their sins. "For they transgressed against the God of their fathers, and went a whoring after other gods. And God delivered them into the hands of Pul and Tiglath-Pilneser, kings of Assyria, and they brought them to Halah, Habor, Hara, and Gozan, unto this day." See 1Chr 5:25, 1Chr 5:26.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.