Nonb 29

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. 2 Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 3 osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, 4 epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. 5 Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, 6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 7 “‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. 8 Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo; 9 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, 10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 11 yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. 12 “‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. 13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; 14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, 15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; 16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. 17 “‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan; 19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo. 20 “‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. 23 “‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li. 26 “‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’ 27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; 28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a. 29 “‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; 30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a. 32 “‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, 34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a. 35 “‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. 36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; 37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a. 39 “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’” 40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Nonb 29:1-6

Introduction

The feast of trumpets on the first day of the seventh month, and its sacrifices, Num 29:1-6. The feast of expiation, or annual atonement, on the tenth day of the same month, with its sacrifices, Num 29:7-11. The feast of tabernacles, held on the fifteenth day of the same month, with its eight days' offerings, Num 29:12. The offerings of the first day, thirteen bullocks, two rams, fourteen lambs, and one kid, Num 29:13-16. The offerings of the second day, twelve bullocks, two rams, fourteen lambs, and one kid, Num 29:17-19. The offerings of the third day, eleven bullocks; the rest as before, Num 29:20-22. The offerings of the fourth day, ten bullocks; the rest as before, Num 29:23-25. The offerings of the fifth day, nine bullocks, etc., Num 29:26-28. The offerings of the sixth day, eight bullocks, etc., Num 29:29-31. The offerings of the seventh day, seven bullocks, etc., Num 29:32-34. The offerings of the eighth day, one bullock, one ram, seven lambs, and one goat, Num 29:35-38. These sacrifices to be offered, and feasts to be kept, besides vows, freewill-offerings, etc., etc., Num 29:39. Moses announces all these things to the people, Num 29:40.

Verse 1

And in the seventh month, etc. - This was the beginning of their civil year, and was a time of great festivity, and was ushered in by the blowing of trumpets. It answers to a part of our September. In imitation of the Jews different nations began their new year with sacrifices and festivity. The ancient Egyptians did so; and the Persians still celebrate their nawi rooz, or new year's day, which they hold on the vernal equinox. The first day of the year is generally a time of festivity in all civilized nations. On this day the Israelites offered one young bullock, one ram, seven lambs, and a kid, for a sin-offering, besides minchahs or meat-offerings.

Nonb 29:12-34

Verse 12

On the fifteenth day of the seventh month - On this day there was to be a solemn assembly, and for seven days sacrifices were to be offered; on the first day thirteen young bullocks, two rams, and fourteen lambs. On each succeeding day one bullock less, till on the seventh day there were only seven, making in all seventy. What an expensive service! How should we magnify God for being delivered from it! Yet these were all the taxes they had to pay. At the public charge there were annually offered to God, independently of trespass-offerings and voluntary vows, fifteen goats, twenty-one kids, seventy-two rams, one hundred and thirty-two bullocks, and eleven hundred and one lambs! But how little is all this when compared with the lambs slain every year at the passover, which amounted in one year to the immense number of 255,600 slain in the temple itself, which was the answer that Cestius, the Roman general, received when he asked the priests how many persons had come to Jerusalem at their annual festivals; the priests, numbering the people by the lambs that had been slain, said, "twenty-five myriads, five thousand and six hundred." - For an account of the feast of tabernacles, see on Lev 23:34 (note).

Nonb 29:35-40

Verse 35

On the eighth day ye shall have a solemn assembly - This among the Jews was esteemed the chief or high day of the feast, though fewer sacrifices were offered on it than on the others; the people seem to have finished the solemnity with a greater measure of spiritual devotion, and it was on this day of the feast that our blessed Lord called the Jews from the letter to the spirit of the law, proposing himself as the sole fountain whence they could derive the streams of salvation, Joh 7:37. On the subject of this chapter see the notes on Lev 12:1-8 (note), Leviticus 16 (note), Leviticus 23 (note).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.