Levitik Yo 21

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a, 2 sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li, 3 ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l. 4 Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li. 5 “‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo. 6 Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen. 7 “‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. 8 Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen. 9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife. 10 “‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li. 11 Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. 12 Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a. 13 “‘Li va pran yon madanm ki vyèj. 14 Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a. 15 Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’” 16 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 17 “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a. 18 Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme, 19 yon nonm pye kase oswa men kase, 20 yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje. 21 Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a. 22 Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an. 23 Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’” 24 Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik Yo 21:1

Le 21:1-24. Of the Priests' Mourning.

1. There shall none be defiled for the dead among his people--The obvious design of the regulations contained in this chapter was to keep inviolate the purity and dignity of the sacred office. Contact with a corpse, or even contiguity to the place where it lay, entailing ceremonial defilement (Nu 19:14), all mourners were debarred from the tabernacle for a week; and as the exclusion of a priest during that period would have been attended with great inconvenience, the whole order were enjoined to abstain from all approaches to the dead, except at the funerals of relatives, to whom affection or necessity might call them to perform the last offices. Those exceptional cases, which are specified, were strictly confined to the members of their own family, within the nearest degrees of kindred.

Levitik Yo 21:4

4. But he shall not defile himself--"for any other," as the sense may be fully expressed. "The priest, in discharging his sacred functions, might well be regarded as a chief man among his people, and by these defilements might be said to profane himself" [Bishop Patrick]. The word rendered "chief man" signifies also "a husband"; and the sense according to others is, "But he being a husband, shall not defile himself by the obsequies of a wife" (Eze 44:25).

Levitik Yo 21:5

5. They shall not make baldness upon their heads ... nor ... cuttings in their flesh--The superstitious marks of sorrow, as well as the violent excesses in which the heathen indulged at the death of their friends, were forbidden by a general law to the Hebrew people (Le 19:28). But the priests were to be laid under a special injunction, not only that they might exhibit examples of piety in the moderation of their grief, but also by the restraint of their passions, be the better qualified to administer the consolations of religion to others, and show, by their faith in a blessed resurrection, the reasons for sorrowing not as those who have no hope.

Levitik Yo 21:7-9

7-9. They shall not take a wife that is a whore, or profane--Private individuals might form several connections, which were forbidden as inexpedient or improper in priests. The respectability of their office, and the honor of religion, required unblemished sanctity in their families as well as themselves, and departures from it in their case were visited with severer punishment than in that of others.

Levitik Yo 21:10-15

10-15. he that is the high priest among his brethren ... shall not uncover his head, nor rend his clothes--The indulgence in the excepted cases of family bereavement, mentioned above [Le 21:2, 3], which was granted to the common priests, was denied to him; for his absence from the sanctuary for the removal of any contracted defilement could not have been dispensed with, neither could he have acted as intercessor for the people, unless ceremonially clean. Moreover, the high dignity of his office demanded a corresponding superiority in personal holiness, and stringent rules were prescribed for the purpose of upholding the suitable dignity of his station and family. The same rules are extended to the families of Christian ministers (1Ti 3:2; Tit 1:6).

Levitik Yo 21:16-24

16-24. Whosoever he be ... hath any blemish, let him not approach to offer the bread of his God--As visible things exert a strong influence on the minds of men, any physical infirmity or malformation of body in the ministers of religion, which disturbs the associations or excites ridicule, tends to detract from the weight and authority of the sacred office. Priests laboring under any personal defect were not allowed to officiate in the public service; they might be employed in some inferior duties about the sanctuary but could not perform any sacred office. In all these regulations for preserving the unsullied purity of the sacred character and office, there was a typical reference to the priesthood of Christ (He 7:26).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.