Jérémie 52
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a. 2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo. 3 Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan. 4 Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li. 5 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias. 6 Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. 7 Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a. 8 Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li. 9 Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la. 10 Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla. 11 Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an. 12 Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem. 13 Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife. 14 Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo. 15 Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo. 16 Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a. 17 Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone. 18 Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan. 19 Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen. 20 De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa. 21 Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan. 22 Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo. 23 Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou. 24 Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo. 25 Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo. 26 Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. 27 Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la. Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li. 28 Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif; 29 nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem; 30 nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karann-senk Jwif. Nonb de moun antou te kat-mil moun. 31 Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon. 32 Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo. 33 Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo. 34 Pou okipe li, li te resevwa yon pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jérémie 52:1
Introduction
This chapter was added after Jeremiah's time probably by Ezra, after the return from the captivity, of which it gives a short account, nearly the same as in 2Kgs 24:18-20, and 2Kgs 24:18-20. It is very properly subjoined to the preceding prophecies, in order to show how exactly they were fulfilled. It likewise forms a proper introduction to the following Lamentations, as it gives an account of the mournful events which gave rise to them. Zedekiah's evil reign and rebellion against Nebuchadnezzar, Jer 52:1-3. Jerusalem is taken by the Chaldeans after a siege of eighteen months, Jer 52:4-7. Zedekiah pursued and taken in the plains of Jericho, and his whole army dispersed, Jer 52:8, Jer 52:9. The king's sons and all the princes of Judah slain in Riblah, Jer 52:10. Zedekiah has his eyes put out by order of the Chaldean monarch; and is afterward bound in chains, carried to Babylon, and imprisoned for life, Jer 52:11. Nebuzar-adan, the captain of the guard, burns and spoils the city and temple, Jer 52:12-19. The two pillars of the temple, with their dimensions and ornaments, Jer 52:20-23. The officers of the temple, and several others, carried away captives into Babylon, and then slain by order of Nebuchadnezzar, Jer 52:24-27. The number of Jews that Nebuchadnezzar carried away captive in the seventh year of his reign, Jer 52:28; in his eighteenth year, Jer 52:29; and in his twenty-third year, Jer 52:30. Evil-merodach, the son of Nebuchadnezzar, in the year of his accession to the throne of Babylon, (which was in the thirty-seventh year of the captivity, and the one hundred and ninety-first from the building of Rome, according to the computation of Varro), orders Jehoiachin to be taken out of prison, and treats him kindly for the remainder of his life, Jer 52:31-34.
Verse 1
Zedekiah was one and twenty years old - See 2Kgs 24:18.
Jérémie 52:2
Verse 2
And he did - evil - This and the following verse are the same as 2Kgs 24:19.
Jérémie 52:3
Verse 3
Through the anger of the Lord - Here is a king given to a people in God's anger, and taken away in his displeasure.
Jérémie 52:4
Verse 4
Ninth year - tenth month - Answering nearly to our January.
Jérémie 52:5
Verse 5
So the city was besieged - It held out one year and six months.
Jérémie 52:6-7
Verse 6
And in the fourth month - See the notes on Jer 39:1, etc. The fourth month answers nearly to our July.
Jérémie 52:8
Verse 8
The army of the Chaldeans pursued - See on 2Kgs 25:5 (note).
Jérémie 52:9-10
Verse 9
King of Babylon to Riblah - See the note on Jer 39:5.
Jérémie 52:11
Verse 11
He put out the eyes of Zedekiah - See on Jer 39:7 (note).
Jérémie 52:12
Verse 12
Now in the fifth month - Answering nearly to our August.
Jérémie 52:13-14
Verse 13
And burned the house of the Lord - Thus perished this magnificent structure, after it had stood four hundred and twenty-four years three months and eight days. It was built A.M. 2992, and destroyed A.M. 3416.
Jérémie 52:15
Verse 15
Those that fell away - The deserters to the Chaldeans during the siege.
Jérémie 52:16
Verse 16
The poor of the land - See on Jer 39:1 (note).
Jérémie 52:17
Verse 17
Also the pillars - See on Jer 27:19 (note).
Jérémie 52:18-23
Verse 18
In reference to these verses see the parallel texts Exo 27:3 (note); 2Kgs 25:14-16 (note); 1Kgs 7:47 (note); 1Kgs 7:15 (note); 2Chr 3:15 (note); 1Kgs 7:20 (note), and the notes.
Jérémie 52:24
Verse 24
The second priest - See the note on 2Kgs 25:18.
The three keepers - The priests who stood at the door to receive the offerings of the people, see 2Kgs 20:9, and 2Kgs 23:4.
Jérémie 52:25-27
Verse 25
Seven men - that were near the king's person - These were privy counsellors.
Jérémie 52:28-30
Verse 28
On these verses Dr. Blayney has some sensible remarks; I will extract the substance. These verses are not inserted in 2 Kings 25. Are we to conclude from these verses that the whole number of the Jews which Nebuchadnezzar, in all his expeditions, carried away, was no more than four thousand six hundred? This cannot be true; for he carried away more than twice that number at one time and this is expressly said to have been in the eighth year of his reign, 2Kgs 24:12-16. Before that time he had carried off a number of captives from Jerusalem, in the first year of his reign, among whom were Daniel and his companions, Dan 1:3-6. These are confessedly not noticed here. And as the taking and burning of Jerusalem is in this very chapter said to have been in the fourth and fifth months of the nineteenth year of the reign of Nebuchadnezzar, those who were carried into captivity at the date of those events cannot possibly be the same with those that are said to be carried away either in the eighteenth or twenty-third year of that prince. Nor, indeed, is it credible that the number carried away at the time that the city was taken, and the whole country reduced, could be so few as eight hundred and thirty-two, (see Jer 52:29); supposing a mistake in the date of the year, which some are willing to do without sufficient grounds.
Here then we have three deportations, and those the most considerable ones, in the first, in the eighth, and nineteenth years of Nebuchadnezzar, sufficiently distinguished from those in the seventh, eighteenth, and twenty-third years. So that it seems most reasonable to conclude with Abp. Usher, in Chronologia Sacra, that by the latter three the historian meant to point out deportations of a minor kind, not elsewhere noticed in direct terms in Scripture.
The first of these, said to have been in the seventh year of Nebuchadnezzar, was one of those that had been picked up in several parts of Judah by the band of Chaldeans, Syrians, and others, whom the king of Babylon sent against the land previously to his own coming, 2Kgs 24:2.
That in the eighteenth year corresponds with the time when the Chaldean army broke off the siege before Jerusalem, and marched to meet the Egyptian army, at which time they might think it proper to send off the prisoners that were in camp, under a guard to Babylon.
And the last, in the twenty-third year of Nebuchadnezzar, was when that monarch, being engaged in the siege of Tyre, sent off Nebuzaradan against the Moabites, Ammonites, and other neighboring nations, who at the same time carried away the gleanings of Jews that remained in their own land, amounting in all to no more than seven hundred and forty-five.
Josephus speaks of this expedition against the Moabites and Ammonites, which he places in the twenty-third year or Nebuchadnezzar; but mentions nothing done in the land of Israel at that time. Only he says that after the conquest of those nations, Nebuchadnezzar carried his victorious arms against Egypt, which he in some measure reduced, and carried the Jews whom he found there captives to Babylon. But the Egyptian expedition was not till the twenty-seventh year of Jehoiachin's captivity, i.e., the thirty-fifth of Nebuchadnezzar, as may be collected from Eze 29:17; so that those who were carried away in the twenty-third year were not from Egypt, but were, as before observed, the few Jews that remained in the land of Judah.
Jérémie 52:31
Verse 31
In the twelfth month - Answering nearly to our twenty-fifth of April, A.M. 3442.
Lifted up the head of Jehoiachin - This phrase is taken from Gen 40:13. It is founded on the observation that those who are in sorrow hold down their heads, and when they are comforted, or the cause of their sorrow removed, they lift up their heads. The Hebrew phrase, lift up the head, signifies to comfort, cheer, make happy.
Jérémie 52:32
Verse 32
Spake kindly - Conversed freely with him.
Set his throne - Gave him a more respectable seat than any of the captive princes, or better than even his own princes had, probably near his person.
Jérémie 52:33
Verse 33
And changed his prison garments - That is, Jehoiachin changed his own garments, that he might be suited in that respect to the state of his elevation. Kings also, in token of favor, gave caftans or robes to those whom they wish to honor.
And he did continually eat bread before him - Was a constant guest at the king's table.
Jérémie 52:34
Verse 34
And - there was a continual diet given him - This was probably a ration allowed by the king for the support of Jehoiachin's household. For other particulars, see the note on 2Kgs 25:30.
All the days of his life - I believe these words have been by mistake added from the preceding verse. There, they are proper; here, they are tautological. They are wanting in the Septuagint and in the Arabic.
The preceding words, עד יום מותו ad yom motho, "to the day of his death," are wanting in two of De Rossi's and one of Kennicott's MSS.
Coverdale ends thus: - All the days of his life until he died. This is better than the common Version.
Immediately after this verse my old MS. Bible adds the following words: And done is aftir that into caitifte is brougt Israel, and Jerusalem is bestroide, satte Jeremye the prophet weepund, and weiled with this lamentation Jerusalem; and with bitter inwit sighand and criand weilawai, seide. Then follows in red letters: Here beginneth the Lamentation of Jeremye, that is intitle Cenoth; with the sortynge out of Ebrue letters.
Aleph: How sitteth aloon the city, etc. See something of a similar kind from other authorities, at the beginning of Lamentations.
Masoretic notes
Number of verses in this Book, 1365.
Middle verse, Jer 28:11.
Masoretic sections, 31.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
