Jérémie 44
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di: 2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Nou menm, nou te wè tout malè ke M te mennen sou Jérusalem ak tout vil Juda yo. Gade byen, nan jou sa a, yo fin kraze nèt e pèsòn pa rete nan yo, 3 akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo. 4 Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.” 5 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo pou kite mechanste yo, pou yo pa brile sakrifis a lòt dye yo. 6 Akoz sa, kòlè Mwen ak mekontantman Mwen te vide e te brile nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo, jiskaske yo vin detwi nèt e vin yon dezolasyon jis rive jodi a.’ 7 “Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay. 8 Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo? 9 Èske nou fin bliye mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo. 10 Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’ 11 “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda. 12 Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch. 13 Epi Mwen va pini sila ki rete nan peyi Égypte yo, kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi. 14 Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’” 15 Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di: 16 “Pou mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou! 17 Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè. 18 Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.” 19 Fanm yo te pale: “Lè nou t ap brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?” 20 Epi Jérémie te di a tout pèp la, a mesye yo ak fanm yo—menm a tout pèp ki t ap reponn li konsa yo—e li te di: 21 Pou sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li? 22 Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a. 23 Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a. 24 Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la, 25 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa: ‘Pou nou menm ak madanm nou, nou te pale ak bouch nou, nou te akonpli sa ak men nou, e nou te di: “Anverite, nou va akonpli ve ke nou te fè yo, pou nou brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason nou yo a li menm.” “‘Ale fè l, pou akonpli ve nou yo; e byen si, akonpli ve nou yo!’ 26 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nonmen ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.” 27 Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt. 28 Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’. 29 “‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’ 30 Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’”
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jérémie 44:1
Introduction
Jeremiah reproves the Jews in Egypt for continuing in idolatry after the exemplary judgments indicted by God on their nation for that sin, Jer 44:1-14; and, upon their refusing to reform, denounces destruction to them, and to that kingdom wherein they sought protection, vv. 15-30.
Verse 1
The word that came to Jeremiah concerning all the Jews - Dahler supposes this discourse to have been delivered in the seventeenth or eighteenth year after the taking of Jerusalem.
Which dwell at Migdol - A city of Lower Egypt, not far from Pelusium.
Tahpanhes - Daphne Pelusiaca, the place to which the emigrant Jews first went.
Noph - מפס Maphes, Targum. Memphis. a celebrated city of Middle Egypt, and the capital of its district.
The country of Pathros - A district of Upper Egypt, known by the name of the Thebais. See Bochart, Lib. Phaleg, lib. iv., c. 22. Thus we find that the Jews were scattered over the principal parts of Egypt.
Jérémie 44:2-3
Verse 2
No man dwelleth therein - The desolation of the land of Judea must have been exceedingly great when this, in almost any sense, could be spoken of it.
Jérémie 44:4
Verse 4
O, do not this abominable thing - A strong specimen of affectionate entreaty. One of the finest figures of poetry, when judiciously managed, the anthropopathia, the ascribing human passions to God, is often used by this prophet: so God is said to grieve, to mourn, to have his bowels moved with compassion, to repent, to be angry, etc. Here he is represented as tenderly expostulating: O, do not; or, I entreat you, do not that abominable thing which I hate.
1. Do it not: your God commands.
2. O, do it not: your Father entreats.
3. It is an abominable thing, and should not be done.
4. I hate it, and on that account ye should abstain from it.
Jérémie 44:5-6
Verse 5
But they hearkened not -
1. They disregarded the authority of their God.
2. They were not moved by the entreaties of their most affectionate Father.
3. In abominations they delighted. And,
4. They loved that which God hated; and, apparently, because he hated it.
Jérémie 44:7-8
Verse 7
This great evil against your souls - Will not self-interest weigh with you? See what ruin your conduct has brought upon your country. Your fathers sinned as you are doing; and where are they now? Either destroyed, or in captivity. And you are now taking the same way to your own destruction.
Jérémie 44:9-14
Verse 9
Have ye forgotten the wickedness of your fathers - It seems that the women were principal agents in idolatrous practices; for the queens - the wives, of rulers and of common people, burnt incense to the queen of heaven, (the moon), Jer 44:17, and poured out drink-offerings to her.
Jérémie 44:15-18
Verse 15
Then all the men - and all the women - We have not seen the women in determined rebellion before. Here they make a common cause with their idolatrous husbands.
Jérémie 44:19-21
Verse 19
And when we burned incense to the queen of heaven - The Moon seems to have been called מלכת melecheth, as the sun was called מלך molech. The Hindoos pour out water to the sun thrice a day; and to the moon whenever they worship her.
The idolatrous worship of these people was a sort of imitation of the worship of the true God; only sacrifice was not common in it. The factious women here tell us in what it consisted.
1. They burnt incense to the moon, and perhaps to the sun and the planets.
2. They poured out libations to her.
3. They made and consecrated cakes to her.
All these were prescribed in the worship of the true God. See, among others, Exo 29:23, etc.; Lev 2:4; Lev 23:16; and Num 6:15. And the women vindicate their conduct by asserting that they did all this by the consent of their husbands: "Did we worship her without our men?"
Jérémie 44:22-29
Verse 22
Therefore is your land a desolation - I grant that ye and your husbands have joined together in these abominations; and what is the consequence? "The Lord could no longer bear because of your evil doings; and therefore is your land a desolation, and an astonishment, and a curse, without an inhabitant, this day."
Jérémie 44:30
Verse 30
Behold I will give Pharaoh-hophra - That is, Pharaoh Apries. How this and the prophecies in the preceding chapter were fulfilled, we learn from ancient historians. The sum of such information is this: the subjects of Pharaoh Apries rebelling, he sent Amasis, one of his generals, to reduce them to their duty. But no sooner had Amasis begun to make his speech, than they fixed a helmet on his head, and proclaimed him king. Amasis accepted the title, and confirmed the Egyptians in their revolt; and the greater part of the nation declaring for him, Apries was obliged to retire into Upper Egypt; and the country being thus weakened by intestine war, was attacked and easily overcome by Nebuchadnezzar, who on quitting it left Amasis his viceroy. After Nebuchadnezzar's departure, Apries marched against Amasis; but, being defeated at Memphis, was taken prisoner, carried to Sais, and was strangled in his own palace, thus verifying this prophecy. See Herodotus in Euterpe.
Thus Nebuchadnezzar made an easy conquest of the land. He conquered it as easily as "a shepherd puts on his cloak: he went thence in peace," having clothed himself with its spoils; and left all quiet under a viceroy of his own choosing. The rebellion of Pharaoh's subjects was the "fire that God kindled in Egypt," Jer 43:12. And thus was he "delivered into the hands of his enemies," his revolted people; and "into the hand of him who sought his life," i.e., Amasis his general. And thus the whole prophecy was literally fulfilled.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
