Jérémie 36
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 2 “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. 3 Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.” 4 Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. 5 Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. 6 Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. 7 Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.” 8 Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a. 9 Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a. 10 Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la. 11 Alò, lè Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la, 12 Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo. 13 Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la. 14 Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.” Konsa Baruc, fis a Nethania, te pran woulo a nan men l e te ale kote yo. 15 Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.” Konsa, Baruc te li li bay yo. 16 Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.” 17 Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?” 18 Epi Baruc te di yo: “Li te dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.” 19 Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.” 20 Pou sa, yo te ale kote wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a. 21 Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a. 22 Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l. 23 Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a. 24 Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. 25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo. 26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo. 27 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di: 28 “Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a. 29 Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’ 30 ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit. 31 Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’” 32 Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jérémie 36:1
Introduction
God commands Jeremiah to write down in one roll or volume all the predictions he had uttered against Israel and Judah, and all the surrounding nations, from the day of his vocation to the prophetic office, that the house of Judah might have abundant warning of the dreadful calamities with which their country was about to be visited, if not prevented by a timely repentance, Jer 36:1-3. The prophet employs Baruch the scribe, the son of Neriah, to write from his mouth all the words of the Lord, and then to read them publicly upon a fast day in the Lord's house, Jer 36:4-8. A general fast is proclaimed in the following year, viz., the fifth year of the reign of Jehoiakim; upon which occasion Baruch, in obedience to the prophet's command, reads the words of Jeremiah to all the people at the entry of the new gate of the temple, Jer 36:9, Jer 36:10. The princes, hearing of this, send for Baruch, who reads the roll to them; at the contents of which they are greatly alarmed, and solemnly resolve to give information to the king, at the same time advising both the prophet and his scribe to hide themselves, Jer 36:11-19. Jehoiakim likewise having sent for the roll, Jehudi reads to him a part; and then the king, though advised to the contrary by some of has princes, having cut the leaves, throws the whole into the fire, Jer 36:20-25, and orders Jeremiah and Baruch to be seized; but they could not be found, because a special providence of God had concealed them, Jer 36:26. Jeremiah is commanded to re-write his prophecies, and to denounce the judgments of God against the king who had destroyed the first roll, Jer 36:27-31. Baruch accordingly writes from the mouth of Jeremiah a new copy, with numerous additions, Jer 36:32.
Verse 1
And it came to pass in the fourth year - About the end of this year, see Jer 36:9. This discourse also bears its own date, and was probably delivered at a time when the people enjoyed peace, and were about to celebrate one of their annual fasts.
Jérémie 36:2
Verse 2
Take thee a roll of a book - Take a sufficient quantity of parchment; cut and stitch it together, that it may make a roll on which to write the words that I have already spoken, that they may serve for a testimony to future generations. The Jewish rolls, several of which now lie before me, were made of vellum, or of sheep-skins dressed in the half-tanned or Basil manner. These were cut into certain lengths, and those parts were all stitched together, and rolled upon a roller. The matter was written on these skins in columns or pages. Sometimes two rollers are used, that as the matter is read from the roll in the left hand, the reader may coil it on the roller in his right. In this form the Pentateuch is written which is read in the synagogues.
Jérémie 36:3
Verse 3
It may be that the house of Judah will hear - It was yet possible to avert the judgments which had been so often denounced against them. But in order to this they must -
1. Hear what God has spoken.
2. Every man turn from his evil way.
3. If they do so, God graciously promises to forgive their iniquity and their sin.
Jérémie 36:4-5
Verse 4
Then Jeremiah called Baruch - This man, so useful to the prophet, and so faithfully attached to him, was by office a scribe; which signifies, not only a writer, but also a man in office; a chancellor, secretary, etc., a learned man; one acquainted with laws and customs.
Jérémie 36:6
Verse 6
Upon the fasting day - A day when multitudes of people would be gathered together from all parts to implore the mercy of God. This was a favorable time to read these tremendous prophecies.
Jérémie 36:7-8
Verse 7
Present their supplication - "Let their supplication fall," that they may fall down before God, and deplore their sins.
Jérémie 36:9
Verse 9
In the ninth month - Answering to a part of our December.
Jérémie 36:10-16
Verse 10
In the chamber of Gemariah - He was one of the princes of Judah. See Jer 36:12.
Jérémie 36:17-18
Verse 17
How didst thou write all these words? - At his mouth? - So the text should be pointed. They wished to know whether he had not copied them, or whether he wrote as Jeremiah prophesied.
Jérémie 36:19-21
Verse 19
Go, hide thee, thou and Jeremiah - They saw that the king would be displeased, and most probably seek their lives; and as they believed the prophecy was from God, they wished to save both the prophet and his scribe; but they were obliged to inform the king of what they had heard.
Jérémie 36:22
Verse 22
Winterhouse - A warm apartment suited to the season of the year, (December), when in Palestine there is often snow upon the ground, though it does not last long. A fire on the hearth - a pan or brazier of burning coals. This is the case to the present day. In cold weather the rich burn wood in brass or earthen pans, placed in any part of the room; the indigent burn sticks on the floor.
Jérémie 36:23-24
Verse 23
When Jehudi had read three or four leaves - Rather columns; for the law, and the sacred Hebrew Books, are written in columns of a certain breadth. דלתות delathoth, signifies gates or openings between column and column, or between section and section.
He cut it with the penknife - בתער הספר bethaar hassopher, "the knife of the scribe," properly enough penknife.
And cast it into the fire - To show his contempt for God's words.
Jérémie 36:25
Verse 25
Elnathan and Delaiah and Gemariah - Three of the princes wished to save the roll, and entreated the king that it might not be burnt. They would have saved it out of the fire, but the king would not permit it to be done.
Jérémie 36:26-27
Verse 26
But the Lord hid them - They had, at the counsel of some of the princes hidden themselves, Jer 36:19. And now, though a diligent search was made, the Lord did not permit them to be found.
Jérémie 36:28-29
Verse 28
Take thee again another roll - There was no duplicate of the former preserved; and now God inspired the prophet with the same matter that he had given him before; and there is to be added the heavy judgment that is to fall on Jehoiakim and his courtiers.
Jérémie 36:30-31
Verse 30
He shall have none to sit upon the throne of David - He shall have no successor and himself shall have an untimely end, and shall not even be buried, but his body be exposed to the open air, both night and day. He who wishes to hide his crimes, or take away the evidence which is against him, adds thereby to his iniquities, and is sure in consequence to double his punishment. See the threatening against Jehoiakim, Jer 22:19 (note), and the note there.
Jérémie 36:32
Verse 32
There were added - many like words - All the first roll, with many other threatening and perhaps more minute declarations which were merely of a temporary importance and local application; and the Holy Spirit did not think proper to record them here.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
