Jérémie 29
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 2 ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di: 4 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo: 5 “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo. 6 Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye. 7 Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9 Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.” 15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”— 16 Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo— 17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt. 18 Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, 19 akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a. 20 Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo. 21 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. 22 Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23 akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’” 24 A Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: 25 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: 26 “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè. 27 Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a Anathoth ki fè pwòp tèt li pwofèt ou menm nan? 28 Paske, li te voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’” 29 Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. 30 Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: 31 “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 32 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jérémie 29:1-3
Introduction
This chapter contains the substance of two letters sent by the prophet to the captives in Babylon. In the first he recommends to them patience and composure under their present circumstances, which were to endure for seventy years, Jer 29:1-14; in which, however, they should fare better than their brethren who remained behind, Jer 29:15-19. But, finding little credit given to this message, on account of the suggestions of the false prophets, Ahab the son of Kolaiah, and Zedekiah, the son of Maaseiah, who flattered them with the hopes of a speedy end to their captivity, he sends a second, in which he denounces heavy judgments against those false prophets that deceived them, Jer 29:20-23; as he did afterwards against Shemaiah the Nehelamite, who had sent a letter of complaint against Jeremiah, in consequence of his message, Jer 29:24-32.
Verse 1
Now these are the words of the letter - This transaction took place in the first or second year of Zedekiah. It appears that the prophet had been informed that the Jews who had already been carried into captivity had, through the instigations of false prophets, been led to believe that they were to be brought out of their captivity speedily. Jeremiah, fearing that this delusion might induce them to take some hasty steps, ill comporting with their present state, wrote a letter to them, which he entrusted to an embassy which Zedekiah had sent on some political concerns to Nebuchadnezzar. The letter was directed to the elders, priests, prophets, and people who had been carried away captives to Babylon.
Jérémie 29:4
Verse 4
Thus saith the Lord of hosts - This was the commencement of the letter.
Jérémie 29:5-6
Verse 5
Build ye houses - Prepare for a long continuance in your present captivity. Provide yourselves with the necessaries of life, and multiply in the land, that ye may become a powerful people.
Jérémie 29:7
Verse 7
Seek the peace of the city - Endeavor to promote, as far as you can, the prosperity of the places in which ye sojourn. Let no disaffection appear in word or act. Nothing can be more reasonable than this. Wherever a man lives and has his nourishment and support, that is his country as long as he resides in it. If things go well with that country, his interest is promoted by the general prosperity, he lives at comparative ease, and has the necessaries of life cheaper; and unless he is in a state of cruel servitude, which does not appear to have been the case with those Israelites to whom the prophet writes, (those of the first captivity), they must be nearly, if not altogether, in as good a state as if they had been in the country that gave them birth. And in this case they were much better off than their brethren now in Judea, who had to contend with famine and war, and scarcely any thing before them but God's curse and extermination.
Jérémie 29:8-9
Verse 8
Neither hearken to your dreams - Rather, dreamers; for it appears there was a class of such persons, who not only had acquired a facility of dreaming themselves, but who undertook to interpret the dreams of others.
Jérémie 29:10
Verse 10
For thus saith the Lord - It has been supposed that a very serious transposition of verses has taken place here; and it has been proposed to read after Jer 29:9 the sixteenth to the nineteenth inclusive; then the tenth, and on to the fourteenth inclusive; then the twentieth, the fifteenth, the twenty-first, and the rest regularly to the end.
That after seventy years be accomplished - לפי מלאת lephi meloth, "at the mouth of the accomplishment," or "fill to the mouth." Seventy years is the measure which must be filled; - fill this to the brim; - complete this measure, and then you shall be visited and released. The whole seventy must be completed; expect no enlargement before that time.
Jérémie 29:11-13
Verse 11
Thoughts of peace - Here God gives them to understand,
1. That his love was moved towards them.
2. That he would perform his good word, his promises often repeated, to them.
3. That for the fulfillment of these they must pray, seek, and search.
4. That he would hearken, and they should find him; provided,
5. They sought him with their whole heart, Jer 29:10-13.
Jérémie 29:14
Verse 14
I will gather you from all the nations - A quotation from Deu 30:3, and see also Deu 4:7.
Jérémie 29:15-16
Verse 15
Because ye have said - The Septuagint very properly insert this verse between the twentieth and the twenty-first, and thus the connection here is not disturbed, and the connection below completed.
Jérémie 29:17-19
Verse 17
Behold, I will send upon them the sword - Do not envy the state of Zedekiah who sits on the throne of David, nor that of the people who are now in the land whence ye have been carried captive, (Jer 29:16), for "I will send the sword, the pestilence, and the famine upon them;" and afterwards shall cause them to be carried into a miserable captivity in all nations, (Jer 29:18); but ye see the worst of your own case, and you have God's promise of enlargement when the proper time is come. The reader will not forget that the prophet is addressing the captives in Babylon.
Jérémie 29:20
Verse 20
Hear ye therefore the word - Dr. Blayney thinks there were two letters written by the prophet to the captives in Babylon, and that the first ends with this verse. That having heard, on the return of the embassy (Elasah and Gemariah, whom Zedekiah had sent to Babylon, and to whom the prophet entrusted the above letter, Jer 29:3), that the captives had not received his advises favourably, because they were deceived by false prophets among them, who promised them a speedier deliverance, he therefore wrote a second letter, beginning with the fifteenth verse, and going on with the twenty-first, etc., in which he denounces God's judgments on three of the chief of those, Ahab, Zedekiah, and Shemaiah.
Jérémie 29:21-22
Verse 21
He shall slay them before your eyes - Nebuchadnezzar would be led by political reasons to punish these pretended prophets, as their predictions tended to make his Israelitish subjects uneasy and disaffected, and might excite them to rebellion. He therefore slew them; two of them, it appears, he burnt alive, viz., Ahab and Zedekiah, who are supposed by the rabbins to be the two elders who endeavored to seduce Susanna, see Jer 29:23. Burning alive was a Chaldean punishment, Dan 3:6, and Amo 2:1. From them other nations borrowed it.
Jérémie 29:23
Verse 23
Have committed adultery with their neighbors' wives - This is supposed to refer to the case of Susanna. See above.
Jérémie 29:24-25
Verse 24
Speak to Shemaiah - Zephaniah was the second priest, sagan, or chief priest's deputy, and Seraiah, high priest, when Jerusalem was taken. See Jer 52:24. Shemaiah directs his letter to the former, and tells him that God had appointed him to supply the place of the high priest, who was probably then absent. His name was either Azariah or Seraiah his son, but called Jehoiada from the remarkable zeal and courage of that pontiff. See the passages in the margin. - Dodd. After the taking of Jerusalem, Zephaniah was put to death by Nebuchadnezzar at Riblah, see Jer 37:3. The history of Jehoiada may be seen 2Kgs 11:3, etc.
Jérémie 29:26-31
Jérémie 29:32
Verse 32
I will punish Shemaiah -
1. He shall have no posterity to succeed him.
2. His family, i.e., relations, etc., shall not be found among those whom I shall bring back from captivity.
3. Nor shall he himself see the good that I shall do for my people.
And all this shall come upon him and his because he hath taught rebellion against the Lord. He excited the people to reject Jeremiah, and to receive the lying words of the false prophets; and these led them to rebel.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
