Jérémie 25

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), 2 ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: 3 Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande. 4 SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, 5 Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. 6 Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.” 7 “Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.” 8 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, 9 gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.” 12 “Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14 (Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)” 15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16 Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.” 17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l: 18 Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a; 19 Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a; 20 epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo; 21 Édom, Moab ak fis Ammon yo; 22 epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa peyi kot ki lòtbò lanmè yo; 23 Dedan ak Théma, ak Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo; 24 epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo; 25 epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo; 26 epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo. 27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’ 28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’ 30 “Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo: ‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo; vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an. Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an. Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo, kont tout sila ki rete sou latè yo. 31 Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè, akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo. Li va antre nan jijman ak tout chè yo. Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a. 32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan. 33 Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè. 34 Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; rele anmwey! Woule kò nou nan sann, nou menm ki mèt a bann mouton yo; paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive, e nou va tonbe kon veso pi chwazi a. 35 Sove ale p ap posib pou bèje yo. Mèt bann mouton yo p ap chape. 36 Tande kri a bèje yo, ak plent a mèt bann mouton yo. Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo, 37 Epi pak mouton lapè yo tonbe an silans, akoz gwo kòlè SENYÈ a.” 38 Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an, paske peyi yo te devni yon gwo laperèz akoz gwo vyolans nepe k ap oprime, e akoz gwo raj a kòlè Li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jérémie 25:1-6

Introduction

This chapter contains a summary of the judgments denounced by Jeremiah against Judah, Babylon, and many other nations. It begins with reproving the Jews for disobeying the calls of God to repentance, Jer 25:1-7; on which account their captivity, with that of her neighboring nations, during seventy years, is foretold, Jer 25:8-11. At the expiration of that period, (computing from the invasion of Nebuchadnezzar in the fourth year of Jehoiakim, to the famous edict of the first year of Cyrus), an end was to be put to the Babylonian empire, Jer 25:12-14. All this is again declared by the emblem of that cup of wrath which the prophet, as it should seem in a vision, tendered to all the nations which he enumerates, Jer 25:15-29. And for farther confirmation, it is a third time repeated in a very beautiful and elevated strain of poetry, Jer 25:30-38. The talent of diversifying the ideas, images, and language, even when the subject is the same, or nearly so, appears no where in such perfection as among the sacred poets.

Verse 1

The word that came to Jeremiah - to the fourth year - This prophecy, we see, was delivered in the fourth year of Jehoiakim, and the chapter that contains it is utterly out of its place. It should be between chapters 35 and 36.

The defeat of the Egyptians by Nebuchadnezzar at Carchemish, and the subsequent taking of Jerusalem, occurred in this year, viz., the fourth year of Jehoiakim.

The first year of Nebuchadrezzar - This king was associated with his father two years before the death of the latter. The Jews reckon his reign from this time, and this was the first of those two years; but the Chaldeans date the commencement of his reign two years later, viz., at the death of his father.

Jérémie 25:7-8

Verse 7

That ye might provoke - Ye would not hearken; but chose to provoke me with anger.

Jérémie 25:9

Verse 9

Behold, I will send - At this time Nebuchadrezzar had not invaded the land, according to this Version; but the Hebrew may be translated, "Behold I am sending, and have taken all the families;" that is, all the allies of the king of Babylon.

Instead of ואל reel, "and To Nebuchadrezzar," as in the common Hebrew Bible, seven MSS. of Kennicott's and De Rossi's, and one of my own, have ואת veeth, "And Nebuchadrezzar," which is undoubtedly the true reading.

Jérémie 25:10

Verse 10

I will take from them - See Jer 7:34, and Jer 16:9.

The sound of the mill-stones, and the light of the candle - These two are conjoined, because they generally ground the corn before day, by the light of the candle. Sir J. Chardin has remarked, that every where in the morning may be heard the noise of the mills; for they generally grind every day just as much as is necessary for the day's consumption. Where then the noise of the grill is not heard, nor the light of the candle seen, there must be desolation; because these things are heard and seen in every inhabited country.

Jérémie 25:11

Verse 11

Shall serve the king of Babylon seventy years - As this prophecy was delivered in the fourth year of Jehoiakim, and in the first of Nebuchadnezzar, and began to be accomplished in the same year, (for then Nebuchadnezzar invaded Judea, and took Jerusalem), seventy years from this time will reach down to the first year of Cyrus, when he made his proclamation for the restoration of the Jews, and the rebuilding of Jerusalem. See the note on Isa 13:19 (note), where the subject is farther considered in relation to the reign of Nebuchadnezzar, and the city of Babylon.

Jérémie 25:12-13

Verse 12

And that nation - הגוי ההוא haggoi hahu. Dr. Blayney contends that this should be translated his nation, and that ההוא hahu is the substantive pronoun used in the genitive case. It is certainly more clear and definite to read, "I will punish the king of Babylon, and His nation."

Will make it perpetual desolations - See the note on Isa 13:19, where the fulfillment of this prophecy is distinctly marked.

Jérémie 25:14-15

Verse 14

Many nations and great kings - The Medes and the Persians, under Cyrus; and several princes, his vassals or allies.

Jérémie 25:16

Verse 16

Take the wine cup of this fury - For an ample illustration of this passage and simile, see the note on Isa 51:21.

Jérémie 25:17-18

Verse 17

Then took I the cup - and made all the nations to drink - This cup of God's wrath is merely symbolical, and simply means that the prophet should declare to all these people that they shall fall under the Chaldean yoke, and that this is a punishment inflicted on them by God for their iniquities. "Then I took the cup;" I declared publicly the tribulation that God was about to bring on Jerusalem, the cities of Judah, and all the nations.

Jérémie 25:19

Verse 19

Pharaoh king of Egypt - This was Pharaoh-necho, who was the principal cause of instigating the neighboring nations to form a league against the Chaldeans.

Jérémie 25:20-21

Verse 20

All the mingled people - The strangers and foreigners; Abyssinians and others who had settled in Egypt.

Land of Uz - A part of Arabia near to Idumea. See on Job 1:1 (note).

Jérémie 25:22

Verse 22

Tyrus and - Zidon - The most ancient of all the cities of the Phoenicians.

Kings of the isles which are beyond the sea - As the Mediterranean Sea is most probably meant, and the Phoenicians had numerous colonies on its coasts, I prefer the marginal reading, the kings of the region by the sea side.

Jérémie 25:23

Verse 23

Dedan - Was son of Abraham, by Keturah, Gen 25:3.

Tema - Was one of the sons of Ishmael, in the north of Arabia, Gen 36:15.

Buz - Brother of Uz, descendants of Nahor, brother of Abraham, settled in Arabia Deserta, Gen 22:21.

Jérémie 25:24

Verse 24

The mingled people - Probably the Scenite Arabians.

Jérémie 25:25

Verse 25

Zimri - Descendants of Abraham, by Keturah, Gen 25:2, Gen 25:6.

Elam - Called Elymais by the Greeks, was on the south frontier of Media, to the north of Susiana, not far from Babylon.

Jérémie 25:26

Verse 26

The kings of the north, far and near - The first may mean Syria; the latter, the Hyrcanians and Bactrians.

And the king of Sheshach shall drink after them - Sheshach was an ancient king of Babylon, who was deified after his death. Here it means either Babylon, or Nebuchadnezzar the king of it. After it has been the occasion of ruin to so many other nations, Babylon itself shall be destroyed by the Medo-Persians.

Jérémie 25:27-28

Verse 27

Be drunken, and spue - Why did we not use the word vomit, less offensive than the other, and yet of the same signification?

Jérémie 25:29-31

Verse 29

The city which is called by my name - Jerusalem, which should be first given up to the destruction.

Jérémie 25:32

Verse 32

Evil shall go forth from nation to nation - One nation after another shall fall before the Chaldeans.

Jérémie 25:33

Verse 33

From one end of the earth - From one end of the land to the other. All Palestine shall be desolated by it.

Jérémie 25:34-37

Verse 34

Howl, ye shepherds - Ye kings and chiefs of the people.

Ye shall fall like a pleasant tresses - As a fall will break and utterly ruin a precious vessel of crystal, agate, etc., so your overthrow will be to you irreparable ruin.

Jérémie 25:38

Verse 38

As the lion - Leaving the banks of Jordan when overflowed, and coming with ravening fierceness to the champaign country.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.