Esdras 5
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Alò pwofèt yo, pwofèt Agée avèk pwofèt Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la. 2 Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen. 3 Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?” 4 Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a. 5 Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la. 6 Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kòlèg Arpacschad yo ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a. 7 Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa: A Darius, wa a; lapè avèk ou! 8 Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo. 9 Konsa, nou te kesyone ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?” 10 Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo. 11 Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve. 12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone. 13 Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a. 14 Anplis, zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a. 15 Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’ 16 Epi Sheshbatsar sila a te vin poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem nan. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini. 17 Alò, si sa ta fè wa a kontan, kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Esdras 5:1
Introduction
Haggai and Zechariah the prophets encourage Zerubbabel and Jeshua to proceed with the building of the temple, Ezr 5:1, Ezr 5:2. Tatnai, the governor of the provinces on this side the Euphrates, and his companions, inquire by what authority they do this, Ezr 5:3-5. They write to Darius; a copy of the letter, Ezr 5:6-16. They request to know how they are to proceed, Ezr 5:17.
Verse 1
Haggai - and Zechariah - These are the same whose writings we have among the twelve minor prophets.
The son of Iddo - That is, the grandson of Iddo; for Zechariah was the son of Barachiah, the son of Iddo. See his prophecy, Zac 1:1 (note).
Esdras 5:2
Verse 2
Then rose up Zerubbabel - Here we find three classes of men joining in the sacred work: Zerubbabel the civil governor; Jeshua the high priest or ecclesiastical governor; and Haggai and Zechariah the prophets. How glorious it is when we see the civil government joining with the sacerdotal and prophetic for the establishment and extension of true religion!
Esdras 5:3
Verse 3
Tatnai, governor - He was governor of the provinces which belonged to the Persian empire on their side of the Euphrates, comprehending Syria, Arabia Deserta, Phoenicia, and Samaria. He seems to have been a mild and judicious man; and to have acted with great prudence and caution, and without any kind of prejudice. The manner in which he represented this to the king is a full proof of this disposition.
Esdras 5:4
Verse 4
What are the names - It is most evident that this is the answer of the Jews to the inquiry of Tatnai, Ezr 5:3, and the verse should be read thus: Then said we unto them after this manner: These are the names of the men who make this building.
Esdras 5:5-7
Verse 5
The eye of their God was upon the elders - The watchful care of God was upon the elders. They were assured of his favor; and they found his especial providence working in their behalf.
Esdras 5:8-10
Verse 8
With great stones - They are making a very strong and a very costly building.
Esdras 5:11-15
Verse 11
We are the servants of the God of heaven - How simple, plain, and ingenuous is this confession! They were the servants of the God of heaven. How came they then into bondage! Why, they provoked the God of heaven - repeatedly sinned against him, and then he gave them into the hands of their enemies.
Esdras 5:16
Verse 16
Sheshbazzar - Probably the military officer that conducted the people from Babylon, and had the oversight of the work; but some think that Ezra is meant.
Esdras 5:17
Verse 17
The - treasure house - גנזיא ginzaiya. This is a Persian word, gunji, a treasury.
There is a great deal of good sense and candour in this letter. Nothing of passion or prejudice appears in it. They laid before the king a fair statement without any attempt to prejudice his mind, and gave him those directions which were most likely to lead him to the truth, and to form a correct judgment on a business which, however it issued, must be of considerable importance to the state. God was in all this business; he was now giving an additional proof of his continued regard for a disobedient people, whom, though he had punished in his justice, he had spared in his mercy.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
