Esdras 10
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè. 2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël. 3 Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a. 4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.” 5 Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante. 6 Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan an, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo. 7 Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem, 8 epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo. 9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout moun te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a. 10 Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la. 11 Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.” 12 Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè. 13 Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a. 14 Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.” 15 Sèlman Jonathan, fis Asaël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an. 16 Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a. 17 Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a. 18 Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia. 19 Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo. 20 Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia; 21 Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias. 22 Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa. 23 Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer. 24 Pami chantè yo, te gen Éliaschab. Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri. 25 Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja. 26 Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie. 27 Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza. 28 Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï. 29 Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth. 30 Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé. 31 Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon. 32 Benjamin, Malluc avèk Schemaria. 33 Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï. 34 Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel, 35 Benaja, Bédia, Keluhu, 36 Vania, Merémoth, Éliaschib, 37 Matthania, Matthanaï, Jaasaï, 38 Bani, Binnuï, Schimeï, 39 Schélémia, Nathan, Adaja, 40 Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï, 41 Azareel, Schélémia, Schemaria, 42 Schallum, Amaria, avèk Joseph. 43 Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja. 44 Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Esdras 10:1
Introduction
The people are greatly afflicted by Ezra's prayer, Ezr 10:1. Shechaniah proposes that all who have taken strange wives should put them away, and the children they had by them; and make a covenant to serve God, Ezr 10:2-4. Ezra is encouraged; and make a proclamation to collect the people, to find who had transgressed, Ezr 10:5-8. They come together on the twentieth day of the ninth month, Ezr 10:9. Ezra exhorts them to put away their strange wives, Ezr 10:10. The people agree to it, and require time, Ezr 10:11-14. This being granted, the business is completed by the first of the first month, Ezr 10:15-17. Some of the priests had taken strange wives; their names, and the names of all who were in the same trespass, vv. 18-44.
Verse 1
The people wept very sore - They were deeply affected at the thought of God's displeasure, which they justly feared was about to light upon them, because of their transgressions.
Esdras 10:2
Verse 2
Shechaniah the son of Jehiel - He speaks here in the name of the people, not acknowledging himself culpable, for he is not in the following list. It is in the same form of speech with that in James, Jam 3:9. With the tongue curse we men. He seems to have been a chief man among the people; and Ezra, at present, stood in need of his influence and support.
Yet now there is hope in Israel - מקוה mikveh, expectation, of pardon; for the people were convinced of the evil, and were deeply penitent: hence it is said, Ezr 10:1, that they wept sore.
Esdras 10:3
Verse 3
Let us make a covenant - נכרת ברית nichrath berith, let us cut or divide the covenant sacrifice. See the notes on Gen 15:10.
Esdras 10:4
Verse 4
Arise; for this matter belongeth unto thee - By the decree of Artaxerxes, he was authorized to do everything that the law of God required: see Ezr 7:23-28. And all officers were commanded to be aiding and assisting; hence Shechaniah says, We are with you.
Esdras 10:5
Verse 5
And they sware - The thing was evidently contrary to the law of God; and now he bound them by an oath to rectify the abuse.
Esdras 10:6-7
Verse 6
Johanan the son of Eliashib - Eliashib was high priest, and was succeeded in that office by his son Joiada, Neh 12:10. Probably Johanan here is the same as Jonathan in Nehemiah, who was the son of Joiada, and grandson of Eliashib. Some suppose that Johanan and Joiada were two names for the same person.
Esdras 10:8
Verse 8
All his substance should be forfeited - To the use of the temple.
So the Septuagint understood the place: Αναθεματισθησεται πασα ἡ ὑπαρξις αυτου, "All his substance shall be devoted to a holy use."
Himself separated - Excommunicated from the Church of God, and exiled from Israel.
Esdras 10:9-10
Verse 9
Ninth month - Answering to a part of our December.
Trembling because of - the great rain - Απο του χειμωνος, Because of the winter, Septuagint; it was now December, the coldest and most rainy part of the year in Palestine.
Esdras 10:11
Verse 11
Make confession - Acknowledge your sins before God, with deep compunction of heart, and the fullest resolution to forsake them.
Esdras 10:12-16
Verse 12
As thou hast said, so must we do - They all resolved to do what Ezra then commanded, they did put away their wives, even those by whom they had children; Ezr 10:44 : this was a great hardship on the women and children. Though by the Jewish laws such marriages were null and void, yet as the women they had taken did not know these laws, their case was deplorable. However, we may take it for granted that each of them received a portion according to the circumstances of their husbands, and that they and their children were not turned away desolate, but had such a provision as their necessities required. Humanity must have dictated this, and no law of God is contrary to humanity. After all, there is some room to doubt whether they did put them finally away, for several years after Nehemiah found Jews that had married wives of Ashdod, Ammon, and Moab; Neh 13:23. And if these were not the same women, we find that the same offense was continued.
Esdras 10:17-18
Verse 17
The first day of the first month - So they were three whole months in examining into this affair, and making those separations which the law required.
Esdras 10:19-24
Verse 19
They gave their hands - They bound themselves in the most solemn manner to do as the rest of the delinquents had done; and they made all acknowledgment of their iniquity to God by offering each a ram for a trespass-offering.
Esdras 10:25-43
Verse 25
Moreover of Israel - That is, as Calmet observes, simple Israelites, to distinguish them from the priests, Levites, and singers, mentioned in Ezr 10:18, Ezr 10:23, Ezr 10:24.
Esdras 10:44
Verse 44
Some of them had wives by whom they had children - This observation was probably intended to show that only a few of them had children; but it shows also how rigorously the law was put in execution.
According to a passage in Justin Martyr's dialogue with Trypho, a Jew, Ezra offered a paschal lamb on this occasion, and addressed the people thus: "And Ezra said to the people, This passover is our Savior and our Refuge; and if ye will be persuaded of it, and let it enter into your hearts, that we are to humble ourselves to him in a sign, and afterwards shall believe in him, this place shall not be destroyed for ever, saith the Lord of Hosts: but if ye will not believe in him, nor hearken to his preaching, ye shall be a laughing-stock to the Gentiles." - Dial. cum Tryphone, sec. 72.
This passage, Justin says, the Jews, through their enmity to Christ, blotted out of the book of Ezra. He charges them with cancelling several other places through the same spirit of enmity and opposition.
In the Hebrew text this and the following book make but one, though sometimes Nehemiah is distinguished as the second book of Esdras. In the Masoretic enumeration of sections, etc., both books are conjoined. This may be seen at the end of Nehemiah. I can add nothing of importance to the character of Ezra, which has already been given so much in detail in the introduction to this book.
Corrected, March, 1828. - A. Clarke.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
