Egzòd 36
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.” 2 Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li. 3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bòn volonte yo chak maten. 4 Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè, 5 pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.” 6 Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò. 7 Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li. 8 Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo. 9 Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi. 10 Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt. 11 Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan. 12 Li te fè senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt. 13 Li te fè senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès. 14 Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou. 15 Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi. 16 Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo. 17 Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan. 18 Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl. 19 Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè. 20 Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat. 21 Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch. 22 Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la. 23 Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la. 24 Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li. 25 Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo, 26 ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch. 27 Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch. 28 Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè. 29 Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo. 30 Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch. 31 Epi li te fè travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la, 32 epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès. 33 Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan. 34 Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò. 35 Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye. 36 Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo. 37 Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran; 38 epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Egzòd 36:1-4
Introduction
Moses appoints Bezaleel, Aholiab, and their associates, to the work, and delivers to them the free-will offerings of the people, Exo 36:1-3. The people bring offerings more than are needed for the work, and are only restrained by the proclamation of Moses, Exo 36:4-7. The curtains, their loops, taches, etc., for the tabernacle, Exo 36:8-18. The covering for the tent, Exo 36:19. The boards, Exo 36:20-30. The bars, Exo 36:31-34. The veil and its pillars, Exo 36:35, Exo 36:36. The hangings and their pillars, Exo 36:37, Exo 36:38.
Verse 1
Then wrought, etc. - The first verse of this chapter should end the preceding chapter, and this should begin with verse the second; as it now stands, it does not make a very consistent sense. By reading the first word ועשה veasah, then wrought, in the future tense instead of the past, the proper connection will be preserved: for all grammarians know that the conjunction ו vau is often conversive, i.e., it turns the preterite tense of those verbs to which it is prefixed into the future, and the future into the preterite: this power it evidently has here; and joined with the last verse of the preceding chapter the connection will appear thus, Exo 36:30-35, etc.: The Lord hath called by name Bezaleel and Aholiab; them hath he filled with wisdom of heart to work all manner of work. Exo 36:1 : And Bezaleel and Aholiab Shall Work, and every wise-hearted man, in whom the Lord put wisdom.
Egzòd 36:5-7
Verse 5
The people bring much more than enough - With what a liberal spirit do these people bring their free-will offerings unto the Lords! Moses is obliged to make a proclamation to prevent them from bringing any more, as there was at present more than enough! Had Moses been intent upon gain, and had he not been perfectly disinterested, he would have encouraged them to continue their contributions, as thereby he might have multiplied to himself gold, silver, and precious stones. But he was doing the Lord's work, under the inspiration of the Divine Spirit, and therefore he sought no secular gain. Indeed, this one circumstance is an ample proof of it. Every thing necessary for the worship of God will be cheerfully provided by a people whose hearts are in that worship. In a state where all forms of religion and modes of worship are tolerated by the laws, it would be well to find out some less exceptionable way of providing for the national clergy than by tithes. Let them by all means have the provision allowed them by the law; but let them not be needlessly exposed to the resentment of the people by the mode in which this provision is made, as this often alienates the affections of their flocks from them, and exceedingly injures their usefulness. See Clarke's note on Gen 28:22, in fine, where the subject is viewed on all sides.
Egzòd 36:8
Verse 8
Cherubims of cunning work - See on Exo 25:18 (note). Probably the word means no more than figures of any kind wrought in the diaper fashion in the loom, or by the needle in embroidery, or by the chisel or graving tool in wood, stone, or metal; see Clarke on Exo 25:18 (note). This meaning Houbigant and other excellent critics contend for. In some places the word seems to be restricted to express a particular figure then well known; but in many other places it seems to imply any kind of figure commonly formed by sculpture on stone, by carving on wood, by engraving upon brass, and by weaving in the loom, etc.
Egzòd 36:9-19
Verse 9
The length of one curtain - Concerning these curtains, see Clarke on Exo 26:1 (note), etc.
Egzòd 36:20-30
Verse 20
And he made boards - See Clarke's note on Exo 26:15, etc.
Egzòd 36:31-34
Verse 31
He made bars - See on Exo 26:26 (note), etc.
Egzòd 36:35-36
Verse 35
He made a veil - See Clarke on Exo 26:31 (note), etc.
Egzòd 36:37
Verse 37
Hanging for the - door - See Clarke on Exo 26:36 (note), etc.
Egzòd 36:38
Verse 38
The five pillars of it with their hooks - Their capitals. See Clarke on Exo 26:32 (note), etc.
There is scarcely any thing particular in this chapter that has not been touched on before; both it and the following to the end of the book being in general a repetition of what we have already met in detail in the preceding chapters from Exodus 25 to 31 inclusive, and to those the reader is requested to refer. God had before commanded this work to be done, and it was necessary to record the execution of it to show that all was done according to the pattern shown to Moses; without this detailed account we should not have known whether the work had ever been executed according to the directions given.
At the commencement of this chapter the reader will observe that I have advanced the dates a. m. and b.c. one year, without altering the year of the exodus, which at first view may appear an error; the reason is, that the above dates commenced at Tisri, but the years of the exodus are dated from Abib.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
