Detewonòm 7

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit. 5 Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife. 6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo. 7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la. 9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li. 11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè. 12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo. 15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo. 16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou. 17 “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’ 18 nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte: 19 Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo. 20 “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri. 21 Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye. 22 “SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou. 23 Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi. 24 Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt. 25 “Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an. 26 Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Detewonòm 7:1

Introduction

With the seven nations that God shall cast out, Deu 7:1, they shall make no covenant, Deu 7:2, nor form any matrimonial alliances, Deu 7:3; lest they should be enticed into idolatry, Deu 7:4. All monuments of idolatry to be destroyed, Deu 7:5. The Israelites are to consider themselves a holy people, Deu 7:6; and that the Lord had made them such, not for their merits, but for his own mercies, Deu 7:7, Deu 7:8. They shall therefore love him, and keep his commandments, Deu 7:9-11. The great privileges of the obedient, Deu 7:12-24. All idolatry to be avoided, Deu 7:25, Deu 7:26.

Verse 1

Seven nations greater and mightier than thou - In several places of the Hebrew text, each of these seven nations is not enumerated, some one or other being left out, which the Septuagint in general supply. How these nations were distributed over the land of Canaan previously to the entering in of the Israelites, the reader may see in the note on Jos 3:10 (note).

Detewonòm 7:2

Verse 2

Thou shalt smite them, etc. - These idolatrous nations were to be utterly destroyed, and all the others also which were contiguous to the boundaries of the promised land, provided they did not renounce their idolatry and receive the true faith: for if they did not, then no covenant was to be made with them on any secular or political consideration whatever; no mercy was to be shown to them, because the cup of their iniquity also was now full; and they must either embrace, heartily embrace, the true religion, or be cut off.

Detewonòm 7:3-5

Verse 3

Neither shalt thou make marriages, etc. - The heart being naturally inclined to evil, there is more likelihood that the idolatrous wife should draw aside the believing husband, than that the believing husband should be able to bring over his idolatrous wife to the true faith.

Detewonòm 7:6-7

Verse 6

Thou art a holy people - And therefore should have no connection with the workers of iniquity.

A special people - סגלה segullah, - Septuagint, λαον περιουσιον, - a peculiar people, a private property. The words as they stand in the Septuagint are quoted by the apostle, 1Pet 2:9.

Detewonòm 7:8-11

Verse 8

But because the Lord loved you - It was no good in them that induced God to choose them at this time to be his peculiar people: he had his reasons, but these sprang from his infinite goodness. He intended to make a full discovery of his goodness to the world, and this must have a commencement in some particular place, and among some people. He chose that time, and he chose the Jewish people; but not because of their goodness or holiness.

Detewonòm 7:12-21

Verse 12

The Lord - shall keep unto thee the covenant - So we find their continuance in the state of favor was to depend on their faithfulness to the grace of God. If they should rebel, though God had chosen them through his love, yet he would cast them off in his justice. The elect, we see, may become unfaithful, and so become reprobates. So it happened to 24,000 of them, whose carcasses fell in the wilderness because they had sinned; yet these were of the elect that came out of Egypt. Let him that standeth take heed lest he fall.

Detewonòm 7:22-24

Verse 22

Put out those nations - by little and little - The Israelites were not as yet sufficiently numerous to fill the whole land occupied by the seven nations mentioned Deu 7:1. And as wild and ferocious animals might be expected to multiply where either there are no inhabitants, or the place is but thinly peopled, therefore God tells them that, though at present, by force of arms, they might be able to expel them, it would be impolitic so to do, lest the beasts of the field should multiply upon them.

Detewonòm 7:25-26

Verse 25

Thou shalt not desire the silver or gold that is on them - Some of the ancient idols were plated over with gold, and God saw that the value of the metal and the excellence of the workmanship might be an inducement for the Israelites to preserve them; and this might lead, remotely at least, to idolatry. As the idols were accursed, all those who had them, or any thing appertaining to them, were accursed also, Deu 7:26.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.