Detewonòm 13

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou. 4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou. 6 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), 8 nou pa pou dakò avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li. 9 Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la. 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 11 Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò. 12 “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo, 13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo), 14 alò, nou va fè ankèt pou byen chache. “Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou, 15 nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladan l, ni bèt li yo avèk lam nepe. 16 Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati. 17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo, 18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Detewonòm 13:1-2

Introduction

Of false prophets and their lying signs, Deu 13:1-6. Of those who endeavor to entice and seduce people to idolatry, Deu 13:7-8. The punishment of such, Deu 13:9-11. Of cities perverted from the pure worship of God, Deu 13:12-14. How that city is to be treated, Deu 13:15. All the spoil of it to be destroyed, Deu 13:16. Promises to them who obey these directions, Deu 13:17, Deu 13:18.

Verse 1

If there arise among you a prophet - Any pretending to have a Divine influence, so as to be able perfectly to direct others in the way of salvation; or a dreamer of dreams - one who pretends that some deity has spoken to him in the night-season; and giveth thee a sign, אות oth, what appears to be a miraculous proof of his mission; or a wonder, מופת mopheth, some type or representation of what he wishes to bring you over to: as some have pretended to have received a consecrated image from heaven; hence the origin of the Palladium, Numa's Shields, and many of the deities among the Hindoos. But here the word seems to mean some portentous sign, such as an eclipse, which he who knew when it would take place might predict to the people who knew nothing of the matter, and thereby accredit his pretensions.

Detewonòm 13:3-5

Verse 3

The Lord your God proveth you - God permits such impostors to arise to try the faith of his followers, and to put their religious experience to the test; for he who experimentally knows God cannot be drawn away after idols. He who has no experimental knowledge of God, may believe any thing. Experience of the truths contained in the word of God can alone preserve any man from Deism, or a false religion. They who have not this are a prey to the pretended prophet, and to the dreamer of dreams.

Detewonòm 13:6-12

Verse 6

If thy brother - or thy son - The teacher of idolatry was to be put to death; and so strict was this order that a man must neither spare nor conceal his brother, son, daughter, wife, nor friend, because this was the highest offense that could be committed against God, and the most destructive to society; hence the severest laws were enacted against it.

Detewonòm 13:13-14

Verse 13

Children of Belial - בליעל, from בל bal, not, and יעל yaal, profit; - Sept. ανδρες παρανομοι, lawless men; - persons good for nothing to themselves or others, and capable of nothing but mischief.

Detewonòm 13:15-16

Verse 15

Thou shalt surely smite the inhabitants - If one city were permitted to practice idolatry, the evil would soon spread, therefore the contagion must be destroyed in its birth.

Detewonòm 13:17-18

Verse 17

And there shall cleave naught of the cursed thing - As God did not permit them to take the spoils of these idolatrous cities, they could be under no temptation to make war upon them. It could only be done through a merely religious motive, in obedience to the command of God, as they could have no profit by the subversion of such places. How few religious wars would there ever have been in the world had they been regulated by this principle: "Thou shalt neither extend thy territory, nor take any spoils!"

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.