II Kwonik Yo 31

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo. 2 Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a. 3 Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo. 7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. 8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a. 9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. 10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.” 11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. 12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan. 13 Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a. 14 Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo. 15 Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran, 16 anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo; 17 ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo. 18 Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete. 19 Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan tèren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo. 20 Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a. 21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

II Kwonik Yo 31:1

Introduction

The people destroy all traces of idolatry throughout Judah, Benjamin, Ephraim, and Manasseh, 2Chr 31:1. Hezekiah reforms the state of religion in general; and the tithes are brought in from all quarters, and proper officers set over them, 2Chr 31:2-13. They bring to also the freewill-offerings, and regulate the priests and Levites and their families, according to their genealogies, 2Chr 31:14-19. Hezekiah does every thing in sincerity and truth, and is prosperous, 2Chr 31:20, 2Chr 31:21.

Verse 1

Brake the images in pieces - This species of reformation was not only carried on through Judah, but they carried it into Israel; whether through a transport of religious zeal, or whether with the consent of Hoshea the Israelitish king, we cannot tell.

II Kwonik Yo 31:2

Verse 2

In the gates of the tents of the Lord - That is, in the temple; for this was the house, tabernacle, tent, and camp, of the Most High.

II Kwonik Yo 31:3-4

Verse 3

The king's portion of his substance for the burnt-offerings - It is conjectured that the Jewish kings, at least from the time of David, furnished the morning and evening sacrifice daily at their own expense, and several others also.

II Kwonik Yo 31:5-6

Verse 5

Brought - the first-fruits - These were principally for the maintenance of the priests and Levites; they brought tithes of all the produce of the field, whether commanded or not, as we see in the instance of honey, which was not to be offered to the Lord, Lev 2:11, yet it appears it might be offered to the priests as first-fruits, or in the way of tithes.

II Kwonik Yo 31:7-10

Verse 7

In the third month - "The month Sivan; the seventh, Tisri." - Targum.

The heaps - The vast collections of grain which they had from the tithes over and above their own consumption; see 2Chr 31:10.

II Kwonik Yo 31:11

Verse 11

To prepare chambers - To make granaries to lay up this superabundance.

II Kwonik Yo 31:12-14

Verse 12

Shimei - was the next - He was assistant to Cononiah.

II Kwonik Yo 31:15-16

Verse 15

And Miniamin - Instead of מנימן, Miniamin, בנימן, Benjamin, is the reading of three of Kennicott's and De Rossi's MSS.; and this is the reading of the Vulgate, Syriac, Septuagint, and Arabic.

II Kwonik Yo 31:17-19

Verse 17

From twenty years old - Moses had ordered that the Levites should not begin their labor till they were thirty years of age; but David changed this order, and obliged them to begin at twenty.

II Kwonik Yo 31:20

Verse 20

Wrought - good and right and truth - Here is the proper character of a worthy king: he is Good, and he does good; he is Upright, and he acts justly and maintains justice; he is truly Religious, and he lives according to that truth which he receives as a revelation from God.

II Kwonik Yo 31:21

Verse 21

He did it with all his heart - In every respect he was a thoroughly excellent man, saw his duty to God and to his people, and performed it with becoming zeal and diligence. May God ever send such kings to the nations of the world; and may the people who are blessed with such be duly obedient to them, and thankful to the God who sends them!

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.