II Kwonik Yo 21

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li. 2 Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la. 3 Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne. 4 Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou. 5 Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem. 6 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a. 7 Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan. 8 Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo. 9 Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo. 10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo. 11 Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout. 12 Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a, 13 men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou. 14 Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè. 15 Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’” 16 SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo. 17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo. 18 Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri. 19 Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo. 20 Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

II Kwonik Yo 21:1-4

2Ch 21:1-4. Jehoram Succeeds Jehoshaphat.

1-4. Jehoshaphat slept with his fathers ... Jehoram ... reigned--The late king left seven sons; two of them are in our version named Azariah; but in the Hebrew they appear considerably different, the one being spelt "Azariah," and the other "Azariahu." Though Jehoshaphat had made his family arrangements with prudent precaution, and while he divided the functions of royalty in his lifetime (compare 2Ki 8:16), as well as fixed the succession to the throne in his oldest son, he appointed each of the others to the government of a fenced city, thus providing them with an honorable independence. But this good intentions were frustrated; for no sooner did Jehoram find himself in the sole possession of sovereign power than, from jealousy, or on account of their connections, he murdered all his brothers, together with some leading influential persons who, he suspected, were attached to their interest, or would avenge their deaths. Similar tragedies have been sadly frequent in Eastern courts, where the heir of the crown looks upon his brothers as his most formidable enemies, and is therefore tempted to secure his power by their death.

2Ch 21:5-7. His Wicked Reign.

II Kwonik Yo 21:6-7

6-7. he walked ... as did the house of Ahab, for he had the daughter of Ahab to wife--The precepts and examples of his excellent father were soon obliterated by his matrimonial alliance with a daughter of the royal house of Israel. Through the influence of Athaliah he abolished the worship of the Lord, and encouraged an introduction of all the corruptions prevalent in the sister kingdom. The divine vengeance was denounced against him, and would have utterly destroyed him and his house, had it not been for a tender regard to the promise made to David (2Sa 7:29; 2Ki 8:19).

2Ch 21:8-17. Edom and Libnah Revolt.

II Kwonik Yo 21:8-10

8-10. the Edomites revolted--That nation had been made dependent by David, and down to the time of Jehoshaphat was governed by a tributary ruler (1Ki 22:47; 2Ki 3:9). But that king having been slain in an insurrection at home, his successor thought to ingratiate himself with his new subjects by raising the flag of independence [Josephus]. The attempt was defeated in the first instance by Jehoram, who possessed all the military establishments of his father; but being renewed unexpectedly, the Edomites succeeded in completely emancipating their country from the yoke of Judah (Ge 27:40). Libnah, which lay on the southern frontier and towards Edom, followed the example of that country.

II Kwonik Yo 21:12-19

12-15. there came a writing to him from Elijah the prophet--That prophet's translation having taken place in the reign of Jehoshaphat [2Ki 2:11, 12], we must conclude that the name of Elijah has, by the error of a transcriber, been put for that of Elisha.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.