II Kwonik Yo 2
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li. 2 Pou sa, Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize. 3 Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen. 4 Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël. 5 “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. 6 Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L. 7 “Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo. 8 “Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Epi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo, 9 pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy. 10 Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.” 11 Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.” 12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm. 13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, 14 fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David. 15 “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven sou sa li te pale yo. 16 Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.” 17 Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun. 18 Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
II Kwonik Yo 2:1-2
Introduction
Solomon determines to build a temple, 2Chr 2:1. The number of his workmen, 2Chr 2:2. Sends to Huram for artificers and materials, 2Chr 2:3-10. Huram sends him a favorable answer, and makes an agreement with him concerning the labor to be done, and the wages to be paid to his men, 2Chr 2:11-16. The number of strangers in the land, and how employed, 2Chr 2:17, 2Chr 2:18.
Verse 1
A house for the name of the Lord - A temple for the worship of Jehovah.
A house for his kingdom - A royal palace for his own use as king of Israel.
II Kwonik Yo 2:3-5
Verse 3
Solomon sent to Huram - This man's name is written חירם Chiram in Kings; and in Chronicles, חורם Churam: there is properly no difference, only a י yod and a ו vau interchanged. See on 1Kgs 5:2 (note).
II Kwonik Yo 2:6
Verse 6
Seeing the heaven and heaven of heavens - "For the lower heavens, the middle heavens, and the upper heavens cannot contain him, seeing he sustains all things by the arm of his power. Heaven is the throne of his glory, the earth his footstool; the deep, and the whole world, are sustained by the spirit of his Word, [ברוח מימריה beruach meqmereih]. Who am I, then, that I should build him a house?" - Targum.
Save only to burn sacrifice - It is not under the hope that the house shall be able to contain him, but merely for the purpose of burning incense to him, and offering him sacrifice, that I have erected it.
II Kwonik Yo 2:7-10
Verse 7
Send me - a man cunning to work - A person of great ingenuity, who is capable of planning and directing, and who may be over the other artists.
II Kwonik Yo 2:11-12
Verse 11
Answered in writing - Though correspondence among persons of distinction was, in these early times, carried on by confidential messengers, yet we find that epistolary correspondence did exist, and that kings could write and read in what were called by the proud and insolent Greeks and Romans barbarous nations. Nearly two thousand years after this we find a king on the British throne who could not sign his own name. About the year of our Lord 700, Withred, king of Kent, thus concludes a charter to secure the liberties of the Church: Ego Wythredus rex Cantiae haec omnia suprascripta et confirmavi, atque, a me dictata propria manu signum sanctae crucis pro ignorantia literarum espressi; "All the above dictated by myself, I have confirmed; and because I cannot write, I have with my own hand expressed this by putting the sign of the holy cross +." - See Wilkins' Concilta.
II Kwonik Yo 2:13-15
II Kwonik Yo 2:16-18
Verse 16
In floats by sea to Joppa - See the note on 1Kgs 5:9, and on the parallel places, for other matters contained in this chapter.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
