I Kwonik Yo 19
Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen
1 Alò, li te vin rive apre sa, ke Nachasch, wa a fis a Ammon yo te mouri e fis li a te devni wa nan plas li. 2 Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun. 3 Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?” 4 Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale. 5 Alò, kèk moun te ale pale David konsènan afè mesye yo. Epi li te voye rankontre yo, paske mesye sa yo te byen wont. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin grandi ankò e retounen.” 6 Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba. 7 Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay. 8 Lè David tande sa, li te voye Joab avèk tout lame, mesye pwisan yo. 9 Fis a Ammon yo te vin parèt, te rale yo nan chan batay la nan antre vil la e wa ki te vini yo te la apa pou kont yo nan chan an. 10 Alò, lè Joab te wè ke batay la te prepare kont li ni devan, ni dèyè; li te chwazi soti nan mesye pi chwazi pami tout Israël yo e yo te alinye yo kont Siryen yo. 11 Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo. 12 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò ou va ede m; men si fis a Ammon twò fò pou ou; alò, mwen va ede ou. 13 Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.” 14 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te ale toupre batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan li. 15 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem. 16 Lè Siryen yo te wè ke yo te bat pa Israël, yo te voye mesaje pou te mennen fè sòti Siryen ki te lòtbò Rivyè a, avèk Schophach, chèf lame Hadarézer ki t ap dirije yo a. 17 Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li. 18 Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a. 19 Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
I Kwonik Yo 19:1-3
Introduction
David sends a congratulatory message to Hanun, king of Ammon, 1Chr 19:1, 1Chr 19:2. He treats the messengers with great incivility, 1Chr 19:3, 1Chr 19:4. David is exasperated, but condoles with the degraded messengers, 1Chr 19:5. The Ammonites prepare for war, and hire thirty-two thousand chariots, and besiege Medeba, 1Chr 19:6, 1Chr 19:7. David sends Joab to attack them; he defeats the Syrians and Ammonites, 1Chr 19:8-15. The discomfited Syrians recruit their army, and invade David's territories beyond Jordan; he attacks them, kills Shophach their general, seven thousand charioteers, and forty thousand of their infantry, 1Chr 19:16-18. The Syrians abandon the Ammonites and make a separate peace with David, 1Chr 19:19.
Verse 1
Now it came to pass - See the same history, 2Sam 10:1 (note), etc., and the notes there.
I Kwonik Yo 19:4-5
Verse 4
And cut off their garments in the midst - Usque ad eorum, pudenda. So the Targum, Jarchi, and others; leaving exposed what nature and decency require to be concealed. See on 2Sam 10:4 (note).
I Kwonik Yo 19:6
Verse 6
Chariots and horsemen out of Mesopotamia - These are not mentioned in the parallel place in Samuel; probably they did not arrive till the Ammonites and their other allies were defeated by the Israelites in the first battle.
I Kwonik Yo 19:7-12
Verse 7
Thirty and two thousand - The whole number mentioned in Samuel is, Syrians, of Beth-rehob, and of Zoba, twenty thousand; of King Maacah, one thousand; of Ish-tob, twelve thousand; in all thirty-three thousand. Of chariots or cavalry there is no mention. These could not have been the whole army.
I Kwonik Yo 19:13-17
Verse 13
Be of good courage - See the note on 2Sam 10:12.
I Kwonik Yo 19:18
Verse 18
Forty thousand footmen - See this number accounted for in the note on 2Sam 10:18 (note).
I Kwonik Yo 19:19
Verse 19
They made peace with David, and became his servants - See on 2Sam 10:19 (note), and the concluding note in that place; and see for omissions in Chronicles, the preface to these books.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
